Pòtoprens, 16 mas 2025 [AlterPresse] --- San l pa di ki rezilta li jwenn, lapolis nasyonal d Ayiti a fè konnen li t al fè operasyon, samdi 15 mas 2025 lan, kont gang ak zam Vilaj de Dye Johnson Andre yo, ki bay tèt yo non Izo 5 segonn, nan Pòtoprens, nan enfòmasyon li bay sou rezo sosyal yo, AlterPresse ak AlterRadio te gade.
Depi apremidi samdi 15 mas 2025 lan, te gen imaj ki te gaye sou rezo sosyal yo, sou operasyon ki t ap fèt ak gwo materyèl lapolis nasyonal yo, san popilasyon an pa gen okenn presizyon sou sa k ap fèt tout bon yo, nan Vilaj de Dye, Pòtoprens.
Depi kèk jou, nan katye Kafou Fèy, gang teworis yo al kache sou tèt mòn pou simen kout zam sou tout moun k ap fè ale vini nan katye Pòtoprens sa a, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Nan anpil kay nan sant vil Pòtoprens la, bandi yo kraze anpil kloti ak mi kay, lekòl, legliz ak biznis, pou fè pasaj ki ka pèmèt yo chape poul yo byen rapid, lè yo nan goumen ak lapolis nasyonal la. Yo deja sèvi ak mòd estrateji sa a nan plizyè katye zòn Laplenn nan, dapre enfomasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Spnh-17 swete plis dispozisyon konsekan pou kraze gang teworis ak zam yo
Avèk tout kalte mwayen nesesè, tankou machin blende, zam, bal ak dwón, otorite lapolis nasyonal d Ayiti yo dwe pran dispozisyon konsekan, pou met bout nan zak laterè gang ak zam yo, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se rekòmandasyon Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh-17) nan yon lòt mesaj sou kont X li.
Li nesesè pou lapolis nasyonal lan aji vit, sou baz bon jan estrateji, avèk gadkòt plis lòt inite espesyal yo, pou sove lavi popilasyon an ak fè sekirite a retounen kòmsadwa nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se lòt konsiderasyon Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh-17). [ppsf emb rc apr 16/03/2025 14:00]
Suivez-nous – Abonnez-vous
MÉMOIRE D’ALTERPRESSE
Depuis 2001




