Español English French Kreyòl

Español English French Kreyòl

Ayiti : Gang ap vanse, pye Leta mare

Gotson Pierre

Potoprens, 7 desanm 2024 [AlterPresse] --- Alòske gang yo kontinye ap vanse sou Pòtoprens, Leta a poko janm ka rive fè santi prezans li bò kote popilasyon an, alevwa pou l ta pwoteje l. Menm kèk katye k ap reziste, yo lage poukont yo.

Se vre, fòs lòd yo ta rive konsolide prezans yo nan ba Dèlma epi fè chèf kowalisyon gang Vivansanm nan kouri. Men nan ki mezi done fontamantal yo chanje ? Ofansiv nan zòn lès kapital la menm pran vitès, san lapolis pa rive ralanti l.



Premye minis Didier Fils-Aimé mobilize gouvènman li a pou travay sou yon plan aksyon pou pi devan. Sa parèt nòmal, men kisa k ap fèt nan ijans ki gen Jodi a.

Ijans jodi a, se pou popilasyon an rive pran souf anba laterè gang yo epi ranmase fòs pou fè lavi rekoumanse boujonnnen. [gp 07/12/2024 11 :00]



Foto logo : Nasyonzini

MÉMOIRE D’ALTERPRESSE


Depuis 2001

Explorer toutes les archives