Pòtoprens, 24 jen 2024 [AlterPresse] --- Prèske yon lane depi jounalis Liliane Pierre-Paul mouri (se te nan dat 31 jiyè 2023), fanmi Pierre-Paul Ti Gwáv yo an dèy ankò. Manman Pierre-Paul yo, Marie Janvier, mouri dimanch 23 jen 2024 la ak 95 lanesou tèt li. Gwoup Medyaltènatif/AlterPresse/AlterRadio voye senpati l bay fanmi Pierre-Paul la, espesyalman pitit li Carole ak Stephane, epi pitit pitit li Harold.
Leve gwo defi agrikilti ak anviwònman yo, se yon ijans nasyonal, dapre platfòm òganizasyon peyizan 4 Je kontre, Rann piblik akò 3 avril 2024 la. Mete kanpe pi vit posib tout estrikti ki prevwa nan akò 3 avril 2024 la. Pran tout dispozisyon pou fè pwodiksyon manje natif natal rekoumanse tout bon sou teritwa Ayiti a. Mete kanpe yon pwogram konsèvasyon sòl ak rebwázman. Pran dispozsiyon pou fè plis pase 600 moun deplase yo retounen lakay yo nan bon kondisyon sekirite. Se kèk pami ekzijans sou AlterPresse ak AlterRadio platfòm òganizasyon peyizan 4 je kontre. Platfòm 4 je kontre rasanble Tèt kole ti peyizan ayisyen yo, Mouvman peyizan nasyonal kongrè Papáy / Mpnkp, Kòdinasyon rejyonal òganizasyon Sidès yo (Kròs) ak Mouvman peyizan papáy (Mpp).
Gen anpil dispozisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak gouvènman Garry Conille lan dwe pran pou asire yon bon jesyon peyi a pandan peryòd tranzisyon an. Tabli kominikasyon nan transparans ak popilasyon an. Rann piblik akò 3 avril 2024 la, ki di nan ki direksyon peryòd tranzisyon an dwe ale. Rann piblik plan batay gouvènman an ak tout ministè yo. Konsidere fanm yo nan aksyon gouvènman yo. Rann kont kòmsadwa sou sa y ap fè yo. Kesyon enpinite a makònen ak klima laterè a. Letaa gen responsablite tabli yon anviwonan ki ankouraje moun jwenn jistis, tankou reparasyon pou tout fanm ak gason ki sibi anpil nan vyolans gang ak zam kriminèl yo sitou depi 3 lane. Se dizon plizyè òganizasyon feminis (Fanm Deside Sidès, Fondasyon Toya, Solidarite fanm ayisyèn/Sofa, Kay Fanm, Asosyasyon Fanm Solèy d Ayiti/Afasda ansanm ak feminis endepandan Sabine Manigat), nan yon pozisyon nan dat 24 jen 2024 la.
Ministè zafè etranje peyi d Ayiti pral mete plizyè fanm nan anpil misyon peyi d Ayiti lòt bò dlo. Desizyon sa a pran nan tèt kole ak premye minis Garry Conille, sou baz evalyasyon ak pèfòmans fanm sa yo. Se premye fwa ap gen anpil fanm konsa nan tèt misyon diplomasi peyi d Ayiti aletranje yo. Pou mete lòd nan misyon peyi d Ayiti aletranje yo, gen anpil diplomat ministè zafè etranje mande retounen nan peyi d Ayiti. Se sa minis Dominique Dupuy ekri sou kont X li, 2 jou apre premye retrèt gouvènman tranzisyon an.
Sou baz desizyon 29 mas 2017 la, tout minis yo dwe evite lonmen moun ak fè depans san bezwen nan administrasyon piblik la. Tout minis, ki ta dwe vwayaje kite peyi a, dwe voye demann lan ak tout dokiman ki kore vwayáy sa yo, bay premye minis la. Se premye minis la ki dwe lonmen moun nan administrasyon pibllik la, sou baz atik 160 Konstitisyon an. Se sa Garry Conille te ekri, nan yon nòt avètisman li te voye bay 14 minis tranzisyon yo nan dat 17 jen 2024 la.
Olye bèl diskou kont koripsyon nan administrasyon piblik la, n ap tann pito bon jan aksyon ekip tranzisyon an. Yo dwe retire Leta anba grif yon ti ponyen moun ki pran Leta a kòm chwal papa. Lajan leta yo dwe itil popilasyon an nan tout kalte sèvis li dwe jwenn) Se kout rèl platfòm òganizasyon peyizan 4 je kontre sou AlterPresse ak AlterRadio.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak gouvènman Garry Conille lan dwe báy lapolis nasyonal la tout zouti nesesè, ki ka ride l gen plis kapasite pou twoke kòn ak gang ak zam kriminèl yo sou teritwa Ayiti a. Se rekòmandasyon Sendika nasyonal polisye ayisyen yo / Synapoha (Synapoha mande nouvo direktè pou yon bout tan lapolis la, Rameau Normil, travay avèk tout estrikti/tout inite lapolis la pou rive bay rezilta tout mou nap tann yo.
Prezans polisye Kenya yo sou teren an pral pote soulajman pou timoun, fanm ak gason, laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo te pilonnen yo. Se lòt pwomès prezidan Kenya a, William Ruto, nan yon seremoni ofisyèl, lendi 24 jen 2024 la nan Nairobi (kapital peyi Kenya), anvan premye gwoup polisye peyi Afrik sa a vini andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti.
Peyi Kenya deja gen ekip polisye k ap prepare rive premye gwoup polisye peyi Afrik sa a, ki pral deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. Se sa yon sous gouvènman ak lapolis peyi Kenya di Ajans Frans Près.
Se apati madi 25 jen 2024 la premye gwoup polisye Kenya yo ta sipoze kite peyi yo pou vini nan peyi d Ayiti. Se sa medya France 24 rapòte.
Madi 18 jen 2024 la, te gen yon delegasyon polisye nasyonal, ki te soti Ayiti, ki t al diskite ak lapolis peyi Kenya a, nan Nairobi (kapital peyi Kenya), sou preparasyon k ap fèt pou deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite a sou teren an.
Sou baz yon desizyon, gouvènman ameriken an rele « dispozisyon nikleyè », depatman leta peyi Etazini fè konnen, semenn pase, li pral debloke 109 milyon dola ameriken, pou soutni deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. « Dispozisyon nikleyè » sa a pral pèmèt gouvènman ameriken an pa konsidere pozisyon palmantè repibliken yo, ki pa t dakò, depi plizyè mwa, bay otorizasyon pou met lajan peyi Etazini nan deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. Se sa jounal ameriken Miami Herald te ekri. [ppsf emb rc apr 24/06/2024 14:26]
Suivez-nous – Abonnez-vous
MÉMOIRE D’ALTERPRESSE
Depuis 2001
-
Ayiti-Edikasyon : Egzamen ofisyèl Leta yo demare 22 jiyè 2024




