Pòtoprens, 29 desanm 2024 [AlterPresse] --- Estasyon AlterRadio, ki emèt depi Pòtoprens, an Ayiti, sou bann FM ak sou Entènèt, seleksyone 10 vwa pou pale pawòl ane 2024 la, nan magazin aktyalite chak semèn, jounalis Gotson Pierre anime.
Se yon emisyon espesyal nan okazyon finisman ane 2024 la ak koumansman ane 2025 la, ki domine ak pwoblèm ensekirite, vyolans gang ak batay pouvwa.
10 moun sa yo fè pati sa ki te entèvni pandan ane a pou analize aktyalite a nan emsyon sa a ki pase chak wikenn ak nan mitan semèn nan. Se :
Rosy Auguste Ducéna, defensèz dwa moun
Jacques Letang, avoka
Jocelyne Colas, defansèz dwa moun
Marguerite Clerie, anseyan
Herold Toussaint, sosyològ
Jean-Claude Icart, sosyològ
Jean-Claude Cherubin, sosyològ
Olsen Jean Julien, achitèk
Jean Waddimir Gustinvil, filozòf
Monique Clesca, ekriven, militant politik

Nan entwodiksyon emisyon an, jounalis Gotson Pierre site atik politolòig Sauveur Pierre Etienne, ki fè konnen 2024, se yon ane ki di anpil, ki lèd anpil, ki fè Ayisyen ak Ayisyèn soufri anpil.
Atik sa a, ki soti sou sit AlterPresse, pote tit « Haïti : Une année 2024 épouvantable - Que nous réserve l’année 2025 ? ».
Sauveur Pierre Etienne bay kèk kle pou konprann kote peyi a pase pou l degrengole soti 1986 rive jounen jodi a. Li mete dwèt li sou responsabilite aktè nan divès sektè, sou katastwòf natirèl ak kontèks entènasyonal kote aktè lòt bò dlo gen reskonsablite yo tou nan nofraj Ayiti a.
Li fini pandan l ap souliye wòl istorik aktè ki sou pouvwa yo jodi a pou rale peyi a soti nan falèz kote l ap plonje a, si yo pa vle al fini nan poubèl listwa.
Jounalis Gotson Pierre konsidere « soti 2024 antre 2025, se yon sezon lanmò, yon sezon kadav. Anviwon 5000 mò anba zam gang pandan 365 jou. Si nou ta mete 4 dènye ane sa yo ansanm, nou t ap konte amnviwon 13000 mò».
Anvan li bay envite l yo lapawòl, li repran kesyon yon powèt ayisyen ki mande « kilè n ap di ase? ».
TiChèzBa difize sou AlterRadio samdi a 7èAM-3èPM, dimanch 7èAM, 1è-5èPM ak mèkredi 7è-11èAM, 7è-11èPM. [apr 29/12/2024 00:30]
Suivez-nous – Abonnez-vous
MÉMOIRE D’ALTERPRESSE
Depuis 2001




