Haiti
Ti chèz ba

Dosye, dokiman

Politik/Anviwonman : Apre dega siklòn Laura, plizyè òganizasyon mande yon leve kanpe pou dechouke pouvwa Kale Tèt la, pou Ayiti pa disparèt

Ekri jou madi 25 out 2020

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 24 dawout 2020
Kominike yon ansanm òganizasyon ak regwoupman sou dega siklòn Laura fè sou peyi a / 24 dawout 2020
Noumenm òganizasyon ak regwoupman òganizasyon, ki siyen kominike sa a, nou endiye epi revòlte douvan dega siklòn Laura an fè sou peyi a, pandan yon ti bout tan, akoz neglijans otorite yo.
Pandan pasaj siklòn nan, anviwon 11 moun mouri, plizyè konpatriyòt nou disparèt epi yon dividal kay kraze. Nan seksyon kominal yo, anpil bèt ak jaden gen tan disparèt, nan yon kontèks kote otorite yo nan Leta a deja ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo. Peyi nou (...)

Ayiti : Apèl pou rezistans bò kote pwofesè ayisyen yo, kategori enpòtan, men maltrete

Ekri jou lendi 10 out 2020

Lèt tou louvri Berwhis EDOUARZIN pou Pwofesè Ayisyen yo, kategori enpòtan. Men maltrete
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 6 out 2020
M salye Pwofesè Ayisyen yo. M konn kòman nou ye. Mèsi.
Li paret sèten edikasyon vin pa gen enpòtans kounyea. Enpotans li remonte depi lantikite. Nan tout listwa limanite, lekti ak ekriti se yon zouti puisan ki ride sosyete nou yo pran chimen devlopman, paske metòd sila yo, bay yon gwo bourad avèk lasyans nan sa ki gen a wè avèk pwodiksyon ak transmèt konesans. Anpil moun panse pa gen devlopman san konesans ; si w bezwen mezire nivo devlopman yon nasyon, w mèt sèlman (...)

Ayiti-Edikasyon : Pwofesè nan Inivèsite Leta leve kanpe kont « zak maspinay lapolis fè » nan Lekòl Nòmal Siperyè

Ekri jou lundi 16 mars 2020

Petisyon 135 pwofesè
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 15 mas 2020
Nou menm pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti ki siyen nòt sa a, aprann avèk anpil kè kase nouvèl zak maspinay polisye ki nan USGPN « Unité de sécurité générale du Palais national » fè sou etidyan, manm pèsonèl administrasyon an ak pwofesè Lekòl Nòmal Siperyè (‘ENS’) nan apremidi 13 mas 2020 an.
Se pa premye fwa ENS ap sibi zak vyolans anba men polisye USGPN, men fwa sa a li pi terib. Polisye sa yo pa sèlman domaje machin epi tire andedan sal laboratwa ENS la, men yo rive kase tèt yon pwofesè, frape etidyan ak yon manm pèsonèl administratif la. (...)

Kay Fanm : 8 mas, pou « raple fanm se moun »

Ekri jou lundi 9 mars 2020

Kominike òganizasyon feminis Kay Fanm
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 8 mas 2019
8 mas, se yon jounen mobilizasyon pou dwa fanm.
8 mas, se lokazyon pou selebre batay fanm ap mennen, depi digdantan, pou fè rekonèt epi respekte dwa yo kòm moun.
8 mas, se lokazyon pou fè bilan batay pou dwa fanm ka respekte kòmsadwa.
8 mas, se youn nan moman pou reyafime angajman pou defann kòz fanm enpi fè batay sa a vanse.
Toutotan baryè diskriminasyon ap kenbe fanm ak tifi sou kote, nou bezwen selebre 8 mas pou raple fanm se moun. Fanm gen dwa. Fanm ak gason dwe gen menm dwa.
Nan okazyon 8 mas 2020, Kay (...)

ICOM Ayiti kondane zak vyolans sou Mize panteyon nasyonal la

Ekri jou vandredi 1e novanm 2019

Kominike ICOM Ayiti
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 31 oktòb 2019
ICOM HAITI, ki se branch nasyonal ICOM, yon òganizasyon entènasyonal ki regwoupe tout kalte enstitisyon mizeal tout kote sou latè, aprann, avèk anpli kè sote, zak vyolans ki te komèt sou MUPANAH, madi 29 oktòb ki sòt pase a.
ICOM HAITI kondane mòd aksyon sa yo ak tout fòs li.
MUPANAH se yon enstitisyon kiltirel, ki genyen misyon sèvis piblik, ki la pou prezève memwa zansèt nou yo ak listwa peyi a. Li la tou pou prezève anpil byen istorik e kiltirel peyi a. Pwofesyonèl, ki travay nan MUPANAH, la pou pataje konesans e richès sa yo ak (...)

0 | 5 | 10 | 15 | 20 | 25 | 30 | 35 | 40 | ... | 440