Haiti

Rèl Fanm nan okazyon 17 oktòb 2003

Ekri jou dimanch 19 oktòb 2003

Kominike Kòdinasyon Nasyonal pou plede Kòz Fanm nan (KONAP)
17 oktòb 2003
17 oktòb, se yon dat enpòtan nan listwa d Ayiti. Depi divès lane, nan à’gazisyon Fanm yo nou selebre Fèt Nasyonal sa a pou : Manifeste sororite nou/solidarite fanm nou ak Fanm Riral yo; Make Jounen Mondyal Alimantasyon an; Rann omaj bay zansèt nou yo epi ranmase rasin memwa fanm nou, nan mete annavan batay ewoyin nou yo; Kore revandikasyon nou te pote sou lamizè fanm, nan Mach Mondyal Fanm 2000 la ; Epi remontre enterè nou kòm sitwayèn pou tout kesyon ki konsène lavi ak lavni peyi a.
15 oktòb, se Jounen Entènasyonal Fanm (...)

N ap reprann kontwòl Bòbòt nou !

Ekri jou mèkredi 1e oktòb 2003

Deklarasyon Enfofanm
KANPAY POU WETE TOUT PINISYON POU AVà’TMAN NAN AMERIK LATIN AK NAN KARAYIB DEKLARASYON 28 SEKTANM 2003
N ap reprann kontwòl Bòbòt nou ! Fè sèks pa vle di gwosès fòsè! Fè sèks pa vle di vyolans!
Depi plizyè lane, fanm nan lemond antye ap lonje dwèt sou yon maleng k ap minen lavi fanm, k ap minen sosyete a : Lalwa pa otorize fanm fè avòtman, lalwa kondane fanm pou yon pote gwosès yo pa vle !
Ann Ayiti, tankou nan anpil lòt peyi Amerik Latin ak Karayib, ireskonsabilite Leta nan zafè lasante, espesyalman nan lasante repwodiksyon ap bafwe dwa pou fanm jwenn lasante, alòske Sante (...)

Mesaj Enfofanm pou Fowòm Fanm nan 3èm APC

Ekri jou lendi 18 out 2003

Mesaj ENFOFANM, à’ganizasyon Defans Dwa Fanm nan Kad FOWà’M Nasyonal FANM
TWAZYàˆM ASANBLE PàˆP KARAYIB
Medam Onè !
ENFOFANM bese chapo l byen ba devan kokenn travay òganizasyon feminis yo pou mete kampe Fowòm Fanm nan nan kad preparasyon Twazyèm Asanble Pèp Karayib la. ENFOFANM konnen ki kokenn defi Fowòm sa reprezante nan kontèk nasyonal ak entènasyonal jounen jodi a. Reyisi Fowòm Fanm nan se yon gwo defi pou òganizasyon Fanm yo ak pou tout Pèp la pou konsolide yon Mouvman Sosyal ki chita sou otonomi, egalite, ekite, jistis ak lapè. Reyisi Twazyèm Asamble Pèp Karayib la se yon gwo defi pou konsolide (...)

La rèn Celia Cruz mouri, Viv la rèn!

Ekri jou vandredi 18 jiyè 2003

Lionel Legros NouYòk, 16 Jiye 2003
Apre midi a mekredi 16 Jiyè vè 3 zè yonn lan larèn mizik salsa , « la guarachera de Cuba » Celia Cruz mouri lan Fort Lee, New Jersey .Yo di li mouri alaj 79 an bò kote fanmil li. Li te fèt Cuba an 1935 lan pwovens Oriente. Celia te on rèn chantrèl, on potomitan mizik kibèn lan epi sa yo rele « world music » la. Pou nou menm Ayisyen, manmzel se on ektansyon mizik Afriken an tout peyil pase .Celia antre lan kè nou ak konsyans nou kòm pèp depi lan peryòd ane 1949 lè li te vini reprezante Cuba lan Bisantnè Pòtoprens. (...)

Kouman ekriven ayisyen yo wè pwodiksyon kreyòl yo ?

Ekri jou mèkredi 25 jen 2003

Potop., 25 jen 03, [AlterPresse]---Pwodui nan lang kreyòl pou ki moun ? Se sou tèm sa a yon konferans te fèt 18 jen nan jounal « Le Nouvelliste », pami aktivite ki te make 9èm edisyon « Livres en folie ». Plizyè ekriven Ayisyen ki ekri nan lang kreyòl, tankou Christophe Charles, Baudelaine Pierre, Déita ak Julio Jn Pierre te brase lide ak piblik la.
Baudelaine Pierre, ki fèk ekri yon woman an Kreyòl, ki rele Tètansanm, ankouraje lekòl an kreyòl an Ayiti. Baudelaine, ki t ap site pawòl Yves Dejean, fè konnen gen sèlman 2 al pou 3% moun ki pale fransè an Ayiti. Dapre ekriven an, elit ayisyen toujou (...)

0 | ... | 515 | 520 | 525 | 530 | 535 | 540 | 545 | 550 | 555 | ... | 575