Ekri jou mèkredi 28 novanm 2018
Potὸprens, 28 novanm 2018 [AlterPresse]--- Moun ki abite avni Bòlòs, katye Matisan (nan sid Pòtoprens) ak sila ki t ap pase nan zòn nan pase yon move moman, anba men gwoup moun ak zam, nan lannwit madi 27 novanm 2018, daprè enfòmasyon AlterRadio rasanble bò kote plizyè viktim.
Nèg ak zam sa yo, ki te sòti Gran ravin, yon katye nan Matisan, anvayi wout katriyèm ak senkyèm avni Bòlòs, tanmen fouye machin, piblik kou prive, epi volè tout bagay, sitwayèn ak sitwayen ki t ap rantre lakay yo te pote.
Atoufè yo pa t gen okenn respè ni pou granmoun, ni pou fanm ak timoun, ki te sou wout la, dapre sa plizyè (...)
Ayiti-Politik : Plizyè pati politik pwὸch pouvwa a mande chita pale pou rezoud kriz la
Ekri jou mèkredi 28 novanm 2018
Pòtoprens, 28 novanm 2018 [AlterPresse] --- Plizyè pati politik pwὸch pouvwa tèt kale an envite tout moun, ki pa danse kole ak pouvwa tèt kale a, vin chita pale, yon fason, daprè yo, pou retire peyi a nan sitiyasyon malouk li ye a.
Militan Pati ayisyen tèt kale (Phtk) a, Rosemond Jean, di li pa dakò ditou ak patizan Phtk yo, k ap fè agresyon sou jounalis nan manifestasyon yo.
Pami pati politik sa yo, nou jwenn Boukliye, Konvansyon inite demokratik, Platfòm Verite, Phtk, Konsòsyòm nasyonal pati politik yo.
Ansanm regwoupman politik sa yo leve lavwa kont zak vyolans ak ensekirite, k ap vale teren (...)
Ayiti-Jistis : Pwosè kont Clifford Brandt ak tout akolit li yo ranvwaye pou madi 4 desanm 2018
Ekri jou mèkredi 28 novanm 2018
Pὸtoprens, 28 novanm 2018 [AlterPresse]--- Pwosè kont biznisman Clifford Brandt ak tout akolit li yo ranvwaye pou madi 4 desanm 2018 la.
Pwosè sa a te dwe koumanse madi 27 novanm 2018 la, nan tribinal sivil nan Gonayiv (depatman Latibonit).
Men, Clifford Brandt ak tout akolit li yo pa t prezan, akoz latwoublay ki te genyen sou wout lan, nan dènye jou sa yo.
Se sa komisè gouvènman Gonayiv la, mèt Serard Gazius, fè AlterRadio konnen.
Se madi 30 oktòb 2018 lan dwayen tribinal sivil Gonayiv la, mèt Phonie Charles Norgaisse, te tande, pou premye fwa, Clifford Brantd ak akolit li yo, an relasyon ak (...)
Ayiti-Politik : Vizit anbasadè Etazini an nan palman an
Ekri jou jeudi 15 novembre 2018
Pòtoprens, 14 nov. 2018 [AlterPresse] --- Anbasadè Etazini nan peyi Ayiti, Michèle J. Sison reyalize yon chita pale, mèkredi 14 novanm lan, ak prezidan 2 branch palman an.
Diplomat ameriken an te dyaloge ak prezidan sena a, Joseph Lambert, epi prezidan chanm depite a, Gary Bodeau, sou sitiyasyon aktyèl peyi a. Yo te pale tou sou zafè sekirite ak eleksyon.
Prezidan Sena a pat vle bay detay sou objektif vizit anbasadè ameriken an nan palman an.
Diplotmat la tou, sou bò pa li, te refize pale nan mikwo laprès.
Nan dènye tan sa yo, ensekirite a blayi kò l nan plizyè katye nan zòn metwopolitèn (...)
Ekri jou vendredi 9 novembre 2018
Pòtoprens, 8 nov. 2018 [AlterPresse] --- Ofis nasyonal asirans granmoun (Ona) fete 53e rekòt kafe li, jedi 8 novanm 2018 lan.
Ona te òganize yon seremoni, kote plizyè ofisyèl patisipe.
Nan diskou sikonstans li, direktè Ona a, Chesnel Pierre, prezante yon bilan pozitif sou administrasyon l ap dirije depi 28 mas 2017 la. [wdb gp apr 08/11/2018 19:00]
0 | ... | 450 | 455 | 460 | 465 | 470 | 475 | 480 | 485 | 490 | ... | 1020