Ayiti : Pme anonse l ap debloke 16,5 milyon dola pou bay edikasyon jarèt an Ayiti
Ekri jou lendi 21 janvye 2019
Pὸtὸprens, 21 janvye 2019 [AlterPresse] --- Patenarya mondyal pou edikasyon (Pme) ap debloke 16,5 milyon dola pou pou kapab bay sektè edikasyon an jarèt, dapre anons enstitisyon an fè.
Lajan a a ta dwe finanse yon plan edikasyon ak fòmasyon pou 10 an.
Sou inisyativ Pme, Ministè edikasyon nasyonal ak fomasyon pwofesyonèl (Menfp) te patisipe, soti lendi 14 rive mèkredi 16 janvye 2019 lan, nan syèj Bank mondyal, nan Washington, nan yon atelye teknik sou pèspektiv koperasyon ak patenarya nan edikasyon.
Minis edikayson nasyonal la, Pierre Josué Agenor Cadet, bat bravo lakontantman, dèske responsab Pme (...)
Ayiti-Sekirite : Sena ap rankontre Konsèy siperyè polis nasyonal la, madi 4 desanm 2018 la
Ekri jou mardi 4 décembre 2018
Pὸtoprens, 4 desanm 2018 [AlterPresse]--- Prezidan sena a, Joseph Lambert, anonse Sena repiblik la ap rankontre Konsèy siperyè polis nasyonal la, madi 4 desanm 2018 la, sou dosye ensekirite k ap vale teren nan peyi Dayiti depi kèk tan.
Konsèy siperyè polis nasyonal la dwe prezante ak tout manm li yo, nan sena, pou l di ki kalte dispozisyon y ap pran pou kwape ensekirite a, dapre sa Lambert (ki se youn nan reprezantan depatman sidès la nan sena an) eksplike.
Konsèy siperyè polis nasyonal la dwe tou bay eksplikasyon sou divès zak vyolans k ap fèt nan peyi a.
Nan menm dat madi 4 desanm 2018 lan, (...)
Ayiti-Ensekirite : Komisè polis Plymouth Robert pèdi lavi l nan komin Taba
Ekri jou lundi 3 décembre 2018
Pὸtoprens, 3 desanm 2018 [AlterPresse]--- Moun Lapolis poko idantifye touye komisè polis Plymouth Robert nan komin Taba, nan lanwit samdi premye pou louvri dimanch 2 desanm 2018.
Komisè polis la te resevwa yon kout rach nan tèt, pandan li t ap monte machin li, aprè li fin fèmen yon biznis li genyen nan Taba 52, daprè enfὸmasyon ki rive jwenn AlterRadio.
Plymouth Robert t ap travay nan enspeksyon jeneral Lapolis nasyonal d Ayiti.
Gen pou pi piti 5 polisye ki pèdi lavi yo, akoz ensekirite ki blayi nan peyi, soti semenn 20 novanm pou rive premye desanm 2018. [emb rc apr 03/12/2018 (...)
Ayiti-Ensekirite : Yon polisye mouri, yon lòt blese anba bal yon lòt polisye nan Miragwàn
Ekri jou lundi 3 décembre 2018
Pὸtoprens, 3 desanm 2018 [AlterPresse] --- Yon polisye mouri ak yon lòt blese anba bal yon lòt polisye, ki te nan bouch louvri youn ak lòt, nan komin Miragwàn (depatman Nip).
Zak sa a rive nan lanwit samdi premye pou louvri dimanch 2 desanm 2018.
Pòt pawòl lapolis nan depatman Nip, Dieudonné François, di enstitisyon an lage koukouwouj dèyè polisye Enock Luma, ki ta gen men l tranpe nan zak sila a.
Enspeksyon jeneral polis nasyonal lan deja resevwa lòd pou louvri yon ankèt pou fè limyè sou sa k pase a, daprè sa Dieudonné François fè konnen. [emb rc apr 03/12/2018 (...)
Ayiti-Ensekirite : Lapolis arete 88 moun epi sezi 5 zam, nan divès operasyon
Ekri jou lundi 3 décembre 2018
Pὸtoprens, 3 desanm 2018 [AlterPresse]--- Lapolis arete 88 moun epi sezi 5 zam ak minisyon, nan divès operasyon li te tanmen soti lendi 26 novanm rive dimanch 2 desanm 2018 la, nan plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.
Operasyon sa yo te reyalize nan Lasalin, Matisan ak Petyonvil, elatriye, daprè sa direktè depatmantal lwès polis la, komisè divizyonè Mario Aubergiste, presize. [emb rc apr 03/12/2018 10:25]
0 | ... | 440 | 445 | 450 | 455 | 460 | 465 | 470 | 475 | 480 | ... | 1020