Ayiti/Rivyè Masak « Se kòz nou tout epi se yon kòz ki jis », dapre Monseyè Romélus
Ekri jou lendi 18 septanm 2023

Mesaj Monseyè Willy Romélus*, nan Jeremi, depatman Grandans (Sidwès)
Dokiman sa a rive jwenn AlterPresse 18 septanm 2023
Ayisyen, Ayisyèn sou tout fas tè a, lè a sonnen pou tout bon vre nou konnen nou tout se frè, nou tout se sè. Sa kap pase nan Nòdès la konsènen nou tout. Kòz la, se kòz nou chak, se kòz nou tout épi se yon kòz ki jis.
Nou pa vyole dwa pesonn, nap defann dwa pa nou. Malerezman nou pa gen dirijan pou defann dwa nou.
O kontrè. Moun yo enstale pou mennen bak peyi a, yap defann enterè Sila yo ki ba yo pouvant yo genyen yo.
Gade sa: depi jou pèp la ap sibi tout kalite enjistis nan men (...)
Anviwónman : Pwotestasyon nan Pòtoprens apre dlo anvayi plizyè kay nan avni Magloire Ambroise
Ekri jou dimanch 10 septanm 2023
Pòtoprens, 10 septanm 2023 [AlterPressee] --- Dimanch 10 septanm 2023 a, noun nan avni Magloire Ambroise, nan Pòtoprens, te bloke zòn nan, apre dlo te anvayi anpil kay, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Avni Magloire Ambroise pa twò lwen gran katye Kafou Fèy, gang ak zam Gran Ravin yo anvayi depi dimanch 13 dawout 2023 a.
Jisteman, dimanch 10 septanm 2023 a, moun yo t ap pwoteste kont sa yo rele neglijans ministè travo piblik, yo akize ki pa fè netwayáy nan kannal Bwa Chèn, ki travèse yon pati nan avni Magloire Ambroise.
Travay netwayáy, ki pa fèt nan kannal Bwa Chèn, te (...)
Anviwónman : Tanpèt Franklin ap kontinye bay lapli ak loráy sou laplipa depatman peyi d Ayiti yo
Ekri jou mèkredi 23 out 2023

Pòtoprens, 23 dawout 2023 [AlterPresse] --- Tanpèt Franklin nan zòn Barahona, nan Sid Repiblik Dominiken, jodi mèkredi 23 dawout 2023 a.
Se sa AlterPresse li nan dènye bilten espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an.
Detan tanpèt Franklin ap pase sou zile Ayiti a, ap toujou gen bon jan aktivite lapli, ki mache ak loráy, pandan jounen an ak aswè, sou depatman Nòdès, Plato santral, Latibonit, Sidès, Sid, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Li posib pou ta gen dlo ki desann, inondasyon ak debouláy tè, sitou nan zòn Sid yo.
Tout moun dwe rete veyatif, suiv (...)
Ayiti : Gang fè moun Taba kouri al geri bosko yo bò anbasad ameriken
Ekri jou lendi 24 jiyè 2023

Pòtoprens 24 jiyè 2023 [AlterPresse] —- Kantite zak kriminèl bandi ak zam yo ogmante anpil anpil nan dènye semenn sa yo nan Pòtoprens ak lòt zòn nan peyi d Ayiti, kote moun kontinye ap kouri kite kay yo pa bann ak pa pakèt, dapre yon ranmase AlterPresse ak AlterRadio.
Lendi 24 jiyè 2023 a, anpil moun nan komin Taba (nan lès kapital la) t ap eseye kite kote yo rete yo, akoz gwo tansyon, gwo kout zam k ap kontiye chante depi plizyè jou nan komin nan, dapre enfòmasyon yo.
Yon valè abitan zòn nan blije al chèche refij arebò anbasad ameriken, pandan gang yo ap opere tou pre anbasad la.
Ameriken te deja (...)
Ekri jou dimanch 23 jiyè 2023
Lyankou (Atibonit / Ayiti) --- Dimanch 23 jiyè 2023 a, gwoup gang ak zam ki bay tèt yo non Baz gran grif Savyen yo asasinen pou pi piti 3 moun, blese yon dizèn lòt moun, kidnape 10 lòt moun, boule yon dizèn kay, pami yo Radyo Antatik, nan komin Lyankou, depatman Latibonit, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Depi koumansman lane 2023 a, Baz Gran grif Savyen yo fè anpil dega nan komin Lyankou.
Mèkredi 25 janvye 2023 a, bandi ak zam Gran grif yo te asasinen 6 polisye nasyonal nan yo atak yo te fè kont komisarya polis Lyankou a.
Polisye nasyonal, ki te pèdi lavi yo, se te Kether (...)