Ayiti – Politik/ Eleksyon : Palman an ta rive jwe jwèt pa l la
-vandredi 15 mas 2013-
-
Pòtoprens, 15 mas 2013 [AlterPresse] --- Aprè anpil mezantant ak diskisyon, Palman ayisyen an ta rive chwazi twa (3) moun pou ale reprezante li nan konsèy elektoral ki ta dwe òganize eleksyon pou rranplase yon tyè nan sena ayisyen an ak plis pase 140 konseye minisipal.
Marie Cluny Dumay Miracles, yon ansyen depite fanm, Pierre Simon Georges sekretè jeneral chanm depite yo, ak Néhémie Joseph (yon ansyen manm konsèy siperyè pouvwa jidisyè a / Cspj) ki se yon majistra, se non twa (3) moun sa yo.
Prezidan 2 chanm yo (Dieuseul Simon Desras pou chanm sena a ak Jean Tholbert Alexis pou chanm depite a) pral gen pou siyen dokiman ki di palman an chwazi 3 moun. Dokiman siyen sa a dwe al jwenn prezidans lan.
Gen kèk palmantè, tankou senatè Jean William Jeanty, ki toujou pa dakò ak chwa yo di ki fèt yo. Pou William Jeanty, chwa Palman an poko fèt.
Si, nan yon premye tan, se te palman an ki te pote chay li pa gen reprezantan, koulye a se 2 lòt pouvwa yo, lajistis ak egzekitif la, ki pral gen pou chwazi reprezantan pa yo.
Nan mitan semenn dimanch 10 pou rive samdi 16 mas la, prezidan Joseph Michel Martelly te anonse demisyon k ap vini bò kote reprezantan konsèy siperyè pouvwa jidisyè yo.
Yon desizyon, reprezantan pouvwa egzekitif la li te lonmen an jiyè 2012 lan, pral gen pou yo pran tou.
Eleksyon pou pèmèt yo ranplase 10 sou 30 senatè ak ranplase dirijan kolektivite teritoryal yo te sipoze fèt depi nan finisman lane 2011.
Tout reta sa yo, pou rive òganize eleksyon kòmsadwa nan peyi d Ayiti, gen pou wè ak politik chèf Leta a, dapre kèk politisyen nan peyi a.
Yon seri deklarasyon Michel Martelly toujou di li voye jete byen lwen. [srh kft rc apr 15/03/2013 12:10]
-