Ayiti-Eleksyon: Depite yo mande pwolonje manda komisyon 2 chanm yo pou 5 jou ankò
-mèkredi 27 fevriye 2013-
-
Pòtoprens, 27 fevriye [AlterPresse] --- Se madi 26 fevriye 2013, komisyon 9 depite ak 8 senatè te genyen pou remèt rapò yo bay prezidan 2 chanm yo.
Delè 10 jou, Komisyon sa a te genyen an, pa respekte, akoz chire pit nan mitan manm komisyon yo.
Komisyon an te gen pou chita sou non 3 moun kòm reprezantan 2 chanm yo nan konsèy elektoral, k ap gen pou òganize eleksyon nan finisman ane 2013 sa a.
Depite yo mande pwolonje travay komisyon an pou yon nouvo dèlè 5 jou an diplis, dapre sa AlterPresse aprann.
Apre plis pase dis jou, senatè ak depite yo pa rive jwenn okenn solisyon.
Anpil moun ap mande ki devni komisyon 2 chanm sa a nan operasyon pou pèmèt eleksyon ta rive fèt, nan peyi a, nan lane 2013 la.
Senatè Jean William Jeanty rekonèt komisyon 2 chanm sa a te mal pati, paske senatè ak depite yo pa antann yo sou okenn tèm referans.
Yon lòt kote, pwoblèm nan toujou rete menm jan nan mitan de gwoup konsèy siperyè pouvwa jidisyè (Cspj) a te voye yo.
Salnave Exantus, Yves Benoit Jean Marie et Patrick Mettellus (prezidan Cspj a, Anel Alexis Joseph, te chwazi nan kondisyon sispèk) pa deside rale kò yo.
3 mesye sa yo deklare yo p ap fè yon pa kita yon pa nago.
Dayè, se prezidan Joseph Michel Martelly limenm ki lakoz kriz sa a ekziste, piske li te deside lonmen 6 olye 9 moun nan konsèy elektoral la, nan mwa dawou 2012 la.
Plis pase yon lane deja pase, depi manda 10 senatè fini.
Yon sitiyasyon, ki lakòz gwo pwoblèm andedan chanm sena a.
Depi lane 2011, depi menm peryòd eleksyon tèt chaje novanm 2010 yo, peyi a ap fè fas kare ak yon kriz eleksyon, yo pa janm rive òganize atan ak nan bon kondisyon, san koken ni kont mal taye. [jep kft rc apr 27/02/2013 15:35]
-