Ayiti-Politik : Palè nasyonal anonse demisyon Karl Jean Jeune ki ta tranpe nan vòlò lajan Ozetazini
-lendi 25 fevriye 2013-
-
Pòtoprens 25 fevriye 2013 [AlterPresse]--- Sekretarya jeneral palè nasyonal fè konnen li resevwa epi aksepte demisyon anplwaye prezidans lan, Karl Jean-Jeune.
Palè nasyonal anonse desizyon sa a nan yon nòt li met deyò jou ki te vandredi 25 fevrye 2013 lan.
Rezo nasyonal defans dwa moun nan (ki gen tin non jwèt an franse Rnddh) te denonse anplwaye sa a, ki se konseye madanm prezidan an, Sophia Saint-Rémy Martelly.
Karl Jean Jeune, se yon moun ki nan mawon, paske li gen dwèt li ki ta tranpe nan vòlò lajan nan peyi Etazini, dapre sa rezo dwa moun nan rapòte nan yon lèt tou louvri li te voye bay prezidan Michel Martelly, jou ki te 18 fevriye 2013 la.
Sekretarya palè nasyonal fè konprann li te gen tan aksepte demisyon anplwaye a.
Plizyè moun ap mande tèt yo si se pa yon fason gouvènman an ap fè pou imaj li pa parèt twò sal nan dosye sa a.
Sòti 4 me pou rive 3 dawout 2007, Jean-Jeune te fè plizyè operasyon malonèt epi li te volè antou 28 mil 700 dola ameriken. Lè sa a, Jean Jeune t ap travay kòm kesye nan « Washington Mutual Bank », ki rele kounyea « Chase Bank », yon enstitisyon ameriken, dapre nòt Rnddh la.
Lajistis nan peyi ameriken te akize anplwaye a pou vòl òganize ak krim finansye kont bank sa a.
Nan yon nòt li rann piblik madi 19 fevriye 2013, ansyen patisipan nan kanpay Martelly (2010-2011), Karl Jean Jeune, fè konnen avoka l te pran tout dispozisyon, depi mwa oktòb 2012, pou regle koze akizasyon ki sou tèt li a.
Nouvèl akizasyon sou Karl Jean Jeune nan te parèt, lendi 18 fevriye 2013, nan yon jounal ameriken. Jounal la te siyale prezans Jean Jeune, lajistis ameriken konsidere kòm yon moun ki nan mawon, nan menm sal kote minis jistis ameriken an te ye, nan kad oumble Karikòm nan Petyonvil.
Jis jounen jodi a, gen plizyè moun, ki nan antouraj Martelly, ki gen kont pou yo rann ak lajistis pou krim yo fè, dapre lèt tou louvri Rnddh la.
Prezans moun sa yo, nan gouvènman an, mete anpil dout, nan tèt popilasyon an, konsènan volonte politik gouvènman sa a ta genyen pou goumen kont reny san pinisyon (pou moun ki an kontravansyon ak lalwa) ak fè respekte lalwa nan peyi a. [emb kft rc apr 25/02/2013 14:00]
-