Toujou Pi Fò Ansanm ap finanse ti pwojè nan kad pwomosyon konsètasyon nan mitan Sosyete Sivil ak Otorite Lokal nan Latibonit pou devlopman lokal
mardi 19 janvier 2021
Kominike pou Laprès
Pwojè Toujou Pi Fò Ansanm (TPFA) lanse dezyèm volè pwogram sibvansyon li an pou 16 ti pwojè kominal ak entèkominal nan depatman Latibonit la nan kad pwomosyon pou konsètasyon nan mitan Sosyete Sivil ak Otorite Lokal nan pèspektiv devlopman lokal ak gouvènans patisipativ.
Yon montan 165 000 Ewo disponib pou finanse inisyativ ki gen lyen dirèk dirèk ak priyorite devlopman komin yo. TPFA jwenn bourad lajan nan men Inyon Ewopeyèn ak regwoupman òganizasyon k ap mennen l yo.
Pwogram sibvansyon sa konsène òganizasyon nan sosyete sivil (OSS) la espesyalman. Men TPFA ankouraje kolaborasyon ant OSS yo ak Otorite Lokal (OL) yo nan lide pou kontinye ranfòse entèraksyon demokratik.
Nan pwogram sila, gen 2 kategori sibvansyon. Yon sibvansyon pou ti pwojè kominal (Nan yon sèl komin). Pwojè sila yo ka dire ant 1 ak 3 mwa pou pi plis. Gen yon lòt sibvansyon pou ti pwojè entèkominal (plizyè komin). Pwojè sa yo ka dire ant 3 ak 5 mwa pou pi plis.
Nenpòt òganizasyon sosyete sivil ka depoze demann pou sibvansyon sa yo. Fòk li gen rekonesans legal pou sa. Òganizasyon yo ka depoze demann pou kont yo, an gwoup oswa nan tèt kole ak otorite lokal yo. Nan ka regwoupman OSS ak OL se sèl OSS ki ka dirije regwoupman sila.
Pwogram sibvansyon sila vize mete sou pye aksyon k ap gen enpak sosyo-ekonomik ak anviwonmantal k ap mennen sou wout devlopman lokal dirab : aktivite prodiksyon, transfòmasyon, kòmèsyalizasyon ak devlopman ekonomik dirab ; Pwoteksyon anviwonman, amenajman teritwa ak redui risk ; Edikasyon sivik pou pwomosyon demokrasi, patisipasyon fanm ak gwoup vilnerab yo epi ede jwenn sèvis debaz yo ; Konsètasyon OSS-AL ak Kominikasyon/Pledwaye.
22 Janvye 2021 se dat limit pou òganizasyon, regwoupman òganizasyon ki enterese jwenn sibvansyon yo depoze demann yo. Y ap jwenn kouman pou yo fè sa nan dokiman liy direktris yo. Yo ka rele nan (509) 3731 7753/ 3880 3369 / 4743 5938 oswa ekri nan oscalartibonite@gmail.com oswa pase nan biwo TPFA (Riyèl la Sajès #7, Gatro, Gonayiv) pou jwenn liy direktris pwogram nan. [FEN]
………..
Kisa Pwojè « Toujou Pi Fò Ansanm » ye ?
« Toujou Pi fò ansanm » vle pote kole nan ranfòse demokrasi k ap konstwi a pou yon sosyete egalego ak pi bon kalte lavi. Li vize bay entèraksyon nan mitan Òganizasyon sosyete sivil (OSS) ak Otorite Lokal yo (OL) jarèt nan depatman Latibonit la. Pou sa l ap itilize divès metodoloji ki marande ak kominikasyon piblik, pledwaye ak planifikasyon estratejik patisipativ. Ranfòsman entèraksyon sa a ap kwit nan chodyè patisipasyon efikas OSS yo ak AL yo nan definisyon, suivi ak evalyasyon priyorite devlopman lokal la.
Se Yon Regwoupman òganizasyon entènasyonal ki gen Groupe Medialternatif (GM) alatèt li k ap mennen aktivite TPFA nan depatman Latibonit. Gruppo di Volontariato Civile (GVC), CISV - Comunità Impegno Servizio Volontariato/ ProgettoMondo Mlal, Groupe de Promotion de la Sécurité Alimentaire et le Développement (GPROSAD) ak Conseil Haïtien des Acteurs non Étatiques (CONHANE) se manm regwoupman an. Pwojè sa lanse nan mwa oktòb 2018 nan Gonayiv.
Kontak : Madjolah Pierre, Reskonsab Kominikasyon 4624-9023/2816-0101
Imel : oscalartibonite@gmail.com