Pòtoprens, 6 out 2010 [AlterPresse] --- Yon regwoupman òganizasyon popilè ki rele “ Tèt Kole Òganizasyon Popilè yo’’ fè konnen mobilizasyon, yo te kòmanse depi samdi premye me 2010 la, ap kontinye san pran souf, jiskaske prezidan René Préval ak tout manm Konsèy elektoral pwovizwa yo (Kep a) bay demisyon yo.
Se pou “chavire sistèm esklizyon peze souse a”, [mete kanpe] “ yon lòt pouvwa ki pou jete baz yon lòt sistèm tou nèf pou mete sou pye yon lòt Ayiti”, dapre sa dirijan regwoupman sila yo deklare nan yon nòt yo voye bay laprès, jou ki te lendi 2 out 2010 la.
Poutèt sa, yo apiye tout manifestasyon k ap fèt, andedan kou deyò peyi a, tankou sit-in, grèv, bat tenèb, elatriye [kont gouvènman an].
Deklarasyon sila yo rive nan yon moman, kote gouvènmen an ak opozisyon an nan yon lese frape, depi plizyè mwa, sou koze eleksyon pour depite, senatè ak prezidan, ki gen pou fèt anndan peyi a jou ki va dimanch 28 novanm k ap vini la a.
Opozisyon an akize chèf leta a, kòmkwa l ap pare pou l fè kont mal taye nan eleksyon yo, pou se kandida pati pa li an, “Inite” ki rive gen lamayòl.
Manm Konsèy elektoral pwovizwa yo ta nan konfyolo ak prezidan an, pou rive ekzekite misyon sa a pou li, dapre pati opozisyon yo ki, anplis lòt pwen, site dènye desizyon Kep a pran pou asepte kandida ki pa gen sètifika dechay lachanm yo, yon bagay ki depaman ak atik 233 konstitisyon 29 mas 1987 la.
Kidonk, yo mande pou tou lè 2 bay talon yo, pou yon gouvènman pwovizwa ak yon Kep tou nèf vin òganize eleksyon yo. [rl rc 06/08/2010 12:22]