Pòtoprens, 5 dawou 2010 [AlterPresse]--- Figi kapital la jounen jodia fè sonje sitiyasyon ki te ekziste nan premye moman tousuit apre 12 janvye ya, 7 mwa aprè tranbleman tè a, ki te lakòz 300 mil moun mouri ak menm kantite moun blese, daprè enfòmasyon otorite yo te bay.
.
Yon bò, nou jwenn kay yo poko fin netwaye ni retire dekonm yo.
Yon lòt bò, nou jwenn lari ki ankonbre ak ranblè, sa ki anpeche sikilasyon machin ak moun k ap mache apye
Gen tou anpil kay, ki merite demoli, yo poko janm kraze, malgre ministè travo piblik te ekri an wouj sou kay sa yo, ki vle di fòk yo kraze yo nèt ale.
Kay sa yo ret yon malè pandye, dotan plis gen moun ki pa ezite al chita anba yo pou enstale kenkay oswa pou poze on ti tan.
Kanta lari yo menm, anpil ladan yo tounen kay kote moun yo ap viv. Nou jwenn sa jiska prezan prèske toupatou nan kapital la.
Pou sa ki konsène amizman, si se pa t kèk jèn ki eseye kreye anbyans, nan sèten katye, nan òganize chanpyona foutbòl, kapital la t ap raz nèt.
Tout kote, moun te konn al chita, pran yon ti detant pou pase yon kalkil, anvan 12 janvye a, tankou plas piblik yo, yo tout okipe.
Se sou plas piblik yo, moun nan katye anba ak nan mitan lavil la, ki te gen kay yo kraze nan tranbleman tè a, al pran refij.
Kòm si Pòtoprens pa t gen ase tèt chaje, ensekirite, moun te panse yo te koumanse kwape depi kèk mwa, retounen pou met apse sou klou.
Youn, nan pi gwo zak bandi ak zam komèt, se kò sasinay yo fè sou doktè òtopedis Ronald Joseph, ki te yon manm pati Konvansyon inite demokratik, ki kont gouvènman Rene Preval ak joseph jean Max Bellerive. Zak asasinay sa a fèt nan apre midi 3 dawou 2010, kote doktè Ronald Joseph pèdi lavi l anba bal. [rh rl rc apr 5/08/2010 14:52]