Pozisyon Kòdinasyon pwovizwa Inisyativ Pou Kanpe Asanble Popilè Pèp Ayisyen an sou Plan Aksyon pou Relèvman ak Devlòpman Nasyonal (Plan d’Action pour le relèvement et le Développement National)- (PARDN) nan
Dokliman sa a vin jwenn AlterPresse 30 mas 2010
Nou menm divès òganizasyon ki nan mouvman popilè ak sosyal ayisyen an ki nan Inisyativ Pou Kanpe Asanble Popilè Pèp Ayisyen an pou yon lòt Ayiti, ap bay dizon nou sou kèk pwen nan dokiman ki te prezante nan konferans bayè yo nan Sen Domeng. Anvan nou rantre nan nannan kesyon an, nou vle pote yon gwo demanti sou pawòl ki di dokiman (PARDN) nan se ta rezilta konsètasyon avèk tout sektè nan peyi a. Nan konferans pou laprès nou te bay madi 16 mas 2010, lavèy konferans Sen Domeng nan, nou te eksplike aklè kijan dokiman sa a se rezilta travay kèk kad nan administrasyon piblik la (150), kèk ekspè etranje ak kèk ONG (90) k ap fonksyone nan peyi a, menm jan sa te fèt pou CCI a ak DSNCRP a.
Reyaksyon sou dokiman an gen arevwa ak pwen sa yo :
1. Ki Ayiti nou vle chanje a, ki lòt Ayiti nou vle a.
2. Sektè ekonomik ki ka pote pwojè transfòmasyon sa a
3. Estrikti jesyon fon rekonstriksyon nasyonal la
1. Nan dokiman PARDN nan pa gen okenn dyagnostik reyèl sou Ayiti anvan 12 janvye 2010 la. Pou nou menm se yon absans ki siyifikatif nan dokiman sa a, paske li vle kache non sèlman jesyon politik peyi a, men plis toujou rapò ekonomik yo ki chita sou eksplwatasyon sovaj travayè yo ak depandans peyi a parapò ak gwo peyi sousè ak enstitisyon finansyè entènasyonal yo. Nan dokiman PARDN nan, men kijan yo prezante Ayiti aprè 12 janvye 2010 :
“ …Ayiti, yon peyi k ap evolye pou rive nan lane 2030, li se yon sosyete senp, ekitab, jis ak solidè kote moun ap viv nan lamoni ak anvironman li, ak kilti li epi ki antre nan yon nivo modènite kote gen yon Leta ki chita sou lalwa, gen libète pou moun òganize ak libète lapawòl epi amenajman teritwa a fèt, yon peyi ki gen yon ekonomi modèn ki fò, ki dinamik, kote gen konpetisyon, kote ansanm bezwen debaz popilasyon an satisfè pou gen yon Leta initè, fò ki garanti ineterè tout moun, ki dekonsantre ak desantralize [1] »
Rèv sa a pou yon lòt Ayiti a parèt enteresan. Men lè nou rantre nan tèks la, nou pa wè posiblite pou li mennen nou nan yon Ayiti ki chita sou jistis sosyal, kote richès peyi a pataje yon fason ekitab, kote tout moun nan peyi a gen aksè ak dwa minimòm yo tankou, ledikasyon, lasante, kay, tè pou travay, yon salè ki pèmèt yon moun viv nan la diyite, dwa pou fanm kou gason patisipe kòmsadwa nan desizyon k ap pran pou peyi a, elatriye. Lè nou analize dokiman sa a, nou pa wè okenn koupe fache ak Leta neyoliberal anvan 12 janvye a. Gen omwens 2 pati nan dokiman an ki pèmèt nou fè afimasyon sa a. Yon bò se plan yo genyen pou ranfòse pwodiksyon nasyonal la, yon lòt bò se mekanis yo deside mete an plas pou jere rekonstriksyon an.
2. Nan chapit ki konsènen gwo chantye ki gen pou mete sou pye, Relans pwodiksyon nasyonal la parèt kòm yon kokenn chenn priyorite, pami yon pakèt lòt. Dokiman PARDN nan rekonèt sektè agrikòl la se li menm ki gen plis potansyalite pou pote Developman peyi a. Nan sans sa a gen yon seri envestisman ki prevwa nan sektè sa a (agrikilti, pèch, elvaj) pou ogmante pwodiksyon an epi rann yo konpetitif. Pou fasilite sikilasyon pwodui sa yo, gen envestisman ki ap fèt nan fè wout.
Nou menm nan Asanble Popilè Pèp Ayisyen an, nou kwè tou sektè agrikòl la se youn nan prensipal sektè ki dwe pote Devlopman peyi a. Men pou sa rive fèt gen yon seri pwoblèm sektè agrikòl la ap fè fas ki merite rezoud prese prese. Yon premye problèm se kesyon pwopriyete latè a. Nan dokiman PARDN nan yo pase prese prese sou kesyon sa a, san yo pa pran okenn pozisyon. Pou nou menm kesyon sa a fondamantal li merite yon lòt egzamen sou sa nou rele pwopriyete legal tè yo, pou nou ka korije tout enjistis ki fèt sou ti peyizan depi 2 syèk. Kesyon sa a oblije manyen manman koze a ki se rebrasaj tè a ak yon lòt òganizasyon sosyal travay nan sektè agrikòl la.
Yon lòt pwoblèm ki merite rezoud rapidman se korije tout dispozisyon ki te pran nan kad ajisteman estritirèl yo, patikilyèman desizyon ki te voye pifò kad yo ale nan pwogram depa volontè yo. Menmjan an tou li dwe korije pakèt desizyon ki pran pou louvri vant peyi a bay tout kalite pwodui etranje rantre. Politik louvri barè a pap pèmèt pwodiksyon lokal la pran jarèt tout bon. Akote gwo pwoblèm sa yo, kiiyès ki pral gen responsablite pou anime dinamik relans pwodiksyon agrikòl la ? Yon lòt fwa li parèt aklè se gwo enstitisyon entènasyonal yo, patikilyèman FAO ki pral sèl mèt jwèt kesyon relans pwodiksyon agrikòl la.
Se vre sektè agrikòl la se pi gwo pilye nan yon politik pou relanse pwodiksyon nasyonal la, men li pa sèl pilye. Anplis, jounen jodi a li enpòtan pou gade nan vil yo ki lòt sektè ki kapab pote kole nan relanse pwodiksyon nasyonal la ak asire otonomi nan pwodiksyon yon seri byen ak sèvis. Jounen jodi a peyi a ap peye chè yon seri pwodui li menm li te konn fè, tankou rad, soulye, elatriye. Nan dokiman PARDN pa gen anyen ki di sou òganizasyon ak akonpayman sektè sa yo nan kad relans pwodiksyon nasyonal la. Menm lè yo ap pale sou sektè touristik la kòm potansyèl nan devlopman peyi a, men pa gen okenn plan pou ranfòse kesyon atizana atistik la.
3. Jan nou te di pi wo a, dokiman PARDN nan konsakre fayit Leta Ayisyen an. Se vre nan pwen ki trete gouvènans la, gouvènman an defini yon seri mezi ki ta kapab pèmèt Leta a reprann fonksyònman li ak misyon tradisyonèl li genyen nan lojik aplikasyon politik neyoliberal yo, men pi devan li anonse lòt dispozisyon ki montre peyi a pèdi dwa grandèt li.
Nan sa li rele estrikti pou jere fon rekonstriksyon an, gouvènman an, sou lobedyans gwo peyi sousè yo ak enstitisyon finansyè entènasyonal yo, mete anplas yon seri mekanis, patikilyèman sa yo rele ‘Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti’, yon Komisyon ki ap fòme ak 17 moun ki reprezante yon seri enstitisyon, men 10 ladan yo se reprezantan enstitisyon ak peyi etranje. Komisyon sa a se li menm pandan 18 mwa ki pral deside sou tout pwojè ak pwogram nan kad rekonstriksyon an. Se vre gen yon ti kout gidon ki prevwa Prezidan an kapab poze veto li, men lè nou konnen lojik èd entènasyonal la, li klè pou nou se yon dispozisyon pou evite leve kanpe tout aktè ki pa dakò ak lojik titèl la. Ki fè gen yon seri kesyon ki merite poze, patikilyèman sou mekanis lokal pou kontwole jesyon fon yo.
Ki wòl reyèl Palman an pral genyen nan kontwole fon yo ? Eske li ap kapab envite etranje ki nan komisyon an vin bay eksplikasyon ? Si li ta rive fè sa eske se pa yon rekonesans ofisyèl kòmkwa se estrikti sa a k ap jere peyi a ?
Anpil moun di yo ekate gouvènman an pou evite detounman fon rekonstriksyon an, kòmkwa nan lòt estrikti sa yo pa konn gen detounman. Si nou ta rive etabli gen koripsyon nan komisyon sa a, ki enstans ki ap kapab pran sanksyon ? Li enpòtan pou n fè sonje, dirijan neyoliberal Ayisyen yo, gen lontan depi y ap pran leson bòn gouvènans neyoliberal la nan men pwofesè enstitisyon finansye entènasyonal yo. Poukisa jounen jodi a, elèv enstitisyon finansye entènasyonal yo, se nan kòripsyon yo pi fò ? Eske sa ta vle di ranfòsman kòripsyon an nan leta a, se rezilta travay pwofesè bòn gouvènans enstitisyon finansye yo ?
Ansanm konsiderasyon sa yo pèmèt nou konprann peyi a nan kalfou malè kote kominote entènasyonal la ak konplisite dirijan pa bò isit vle foure nan gagann nou yon plan tou fèt, tou kadre, pou oryante peyi a nan chimen yon ‘devlopman’ pèpè ki pa pran an kont sitiyasyon reyèl mas popilè yo.
Nou menm nan Inisyativ Pou Monte Asanble Popilè Pèp Ayisyen an, nou mande mas popilè yo ak lot sektè konsekan nasyon an pou rete vijilan pou kwape tout pwojè ki pa nan enterè yo, sitou pwojè fòs reyaksyonè yo pral bay benediksyon nan swadizan konferans bayè yo nan Nouyòk jou k ap mèkredi 31 mas la.
Mo dòd la se vijilans, òganizsyon, mobilizsyon pandan n ap pare nou nan kokenn chenn Asanble Popilè Pèp Ayisyen an pou n kanpe pwòp plan pa nou ki chita sou yon pwojè ki defini yon lòt modèl sosyete. Yon pwojè nasyonal ki kapab kwape lamizè ak dezespwa, ki mete richès peyi a osèvis majorite pitit peyi a. Yon lòt òganizasyon sosyete a ki koupe fache ak modèl dominasyon, esplwatasyon ak mete moun sou kote, men ki chita pito sou valè ak fòs peyi a : Peyizan, Fanm, Ouvriye-èz/ Travayè-èz, Atizan, Jèn, Atis, ak Pitit peyi a ki nan Dyaspora. Ann pote kole pou yon lòt Ayiti nan kokenn chenn Asanble Popilè Pèp Ayisyen an.
Pou kòdinasyon Pwovizwa Inisyativ Pou Monte Asanble Popilè Pèp Ayisyen an
Junot FELIX
Olga BENOIT
Guy NUMA
OGANIZASYON AK ENSTITISYON K AP PATISIPE NAN PWOSESIS POU KANPE ASANBLE POPILE PEP AYISYEN AN
1-Marc-Arthur Fils-Aimé Inisyativ Pati Kan Pèp la
2-Mie Eveline Larrieux SOFA (Solidarite Fanm Ayisyen)
3-Hugue Célestin FEMODEK (Federasyon Mouvman Demokratik Katye Moren)
4-Vladimir Gousse Pati MASLA (Mouvman Altènativ Sosyalis pou Liberasyon Ayiti)
5- Jean Sylvain Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
6- William Thélusmond CRAD (Centre de Recherche et d’Action pour le Développement)
7-Margo Joseph GATAP (Groupe d’Appui Technique et d’Action Pédagogique)
8-Nixon Boumba MODEP (Mouvman Demokratik Popilè)
9-Patrice Florvilus CEAAL (Konsèy pou Edikasyon Granmoun Amerik Latin)
10-Nicolas Pierre-Louis KONAREPA (Kòdinasyon Nasyonal Revandikatif Peyizan)
11-Annecy Vixamar Federasyon Tèt Kole Ti Peyizan Wo Nòdwès
12-Jacques Charlemagne ROZO (Rezo òganizasyon zòn Lwès)
15-Jean Fritz Beaubrun Antèn Ouvriye
16-Sony Esteus SAKS (Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal)
19-Germy Emmanuel Mushi Jean-Batiste KROS (Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès)
20-Franck Saint Jean PAPDA (Platfòm Pledwaye pou Depvlopman Altènatif)
21-Frantzy Beaugé CMD-OD (Kòdinasyon Militan pou Devlopman Onzyèm ak Douzyèm Tigwav)
23-Maxime Magloire KSIL (Kolektif Solidarite pou Idantite ak Libète)
24-Carmel Fils-Aimé ICKL (Institut Culturel Carl Lévêque)
25-Petit-Jean Dérinx CHANDEL
26-James Beltis Sèk Gramsci
27-Cilencieux Benoit MITPA (Mouvman Inite Ti Peyizan Ayisyen)
28-Lenz Jean-François SAJ (Solidarite Ant Jèn)
29- Roudy Prudent KOREN-N
Akote òganizasyon ki siyen yo, gen plizyè pèsonalite k ap patisipe nan pwosesis la.
[1] …Haïti comme un pays émergeant d’ici 2030, société de la simplicité, équitable, juste et solidaire, vivant en harmonie avec son environnement, sa culture et une modernité maîtrisée où l’État de droit, la liberté d’association et d’expression et l’aménagement du territoire sont établis, dotée d’une économie moderne, forte, dynamique, compétitive, ouverte et à large base territoriale, où l’ensemble des besoins de base de la population sont satisfaits et géré par un État unitaire, fort, garant de l’intérêt général, fortement déconcentré et décentralisé.