Español English French Kwéyol

Ayiti-Tranblemanntè : Fòk trajedi 12 janvye a tounen okazyon pou konstwi yon peyi ki satisfè bezwen reyèl popilasyon

Kominike CEAAL- Ayiti

Dokiman sa a vin jwenn Ayiti 12 fevriye 2010

Kolektif –Ayiti Konsèy Ediksayon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin nan (CEAAL- Ayiti) koube li byen ba pou li salye memwa plis pase 200,000 konpatriyot Ayisyen/ Ayisyèn ki te peri nan tranbleman tè 12 janvye 2010. CEAAL- Ayiti pataje soufrans nou tout ki viktim yo ak tout res pep ayisyen an.

Yon mwa aprè katatrof sa –a, CEEAL Ayiti kwè li enpòtan ak nesesè tou pou li sinyale kokenn leson solidarite ak pataj pèp ayisyen bay lemond antye. Lespri pataj ak solidarite sa-a te manifeste nan plizyè nivo, tankou.

- Sove lavi moun ki te anba dekonb anvan menn sekouris nasyonal ak entènasyonal yo te rive.Piske , jan tout moun te konstate-l ,pifò moun ki te sove nan premye moman yo se rezilta solidarite pèp Ayisyen an.

- Premye kan provizwa se gras ak solidarite pèp Ayisyen an kite kole zepòl swa pou kontwi tant swa pou louvri espas tout kalte pou abrite kompatriyòt ayisyen/ayisyè ki lage debwa pandye depi aprè tranbleman tè sa a .

- Lespri solidarite ak pataj sa a te pèmèt anpil moun pat mouri grangou ak anpil timoun ki te pèdi tras fanmiy yo, swa paske yo mouri oubyen yo te anba dekonb te jwenn fanmiy abrite yo.

Ayibobo pou pèp ayisyen an

Kolektif CEAAL Ayiti a kwè tranbleman tè 12 janvye- a gen kòz natirèl,sosyal ak politik.
Nan sans sa-a, fòk trajedi 12 janvye a tounen okazyon pou konstwi yon peyi ki satisfè bezwen reyèl popilasyon, yon peyi ki chita sou jistis sosyal san fòs kote.

Kolektif CEAAL Ayiti ap pwofite lokazyon sa a poul fè kominote nasyonal ak entènasyonal konnen :

- Fòk ansanm aksyon kap fèt pou rekonstriksyon peyi a chita sou respè ak dinyite moun , souverènte nasyonal peyi dAyiti sa vle di di dwa granmoun peyi a.

- Patisipasyon total popilasyon se sèl zouti k’ap pèmèt bonjan planifikasyon fèt pou rekonstriksyon peyi- a tout bon vre yon fason pou peyi dAyiti sòti tout bon vre anba dominasyon, eksplwatasyon ak malsite tout kalte.

Nan sans sa a , CEAAL Ayiti kwè li nesesè pou gason , fanm , Timoun kou Granmoun nan kan yo mete kanpe prese prese estrikti oganizasyonel , yon fason pou yo sa tout bon vre patisipe nan deside ak nan fè aksyon ki nesesè pou rekonstwi peyi a .

Konsa , CEAAL Ayiti kwè li nesesè pou fanm kou gason mete kanpe oubyen kontinye devlope nan kan yo ak nan tout katye yo :

- Komite lamanjay

- Komite sante

- Komite lojman

- Komite ediksayon

- Komite dwa moun kont abi (tout moun, fanm, timoun, moun andikape, granmou ki gen anpil laj...)

- Komite anviwonman

- Komite ekonomi popile

- Komite oganizasyon, patisipasyon ak dwa granmoun nou

- Komite kilti peyi ak kominikasyon popile

Se konsa selman fanm kou gason dyanm peyi dAyiti kapab koumanse mete baz endispansab kap pemet yo defann tout bon vre enterè nan pwosesis rekonstriksyon peyi dAyiti .

CEAAL –AYITI ap mande tout konpatriyòt fanm kou gason kenbe fèm pa lage , CEAAL Ayiti , mande-n pou nou kontinye òganize-n pou-n oblije rekonstriksyon peyi a fèt sou baz dwa granmoun peyi, dwa granmoun pep ayisyen an, jistis sosyal , respè dwa moun san fòs kote.

William Thelusmond

Kodonatè CRAD- Sant Rechech ak Aksyon pou Devlopman
Responsab lyezon CEAAL-Ayiti