Español English French Kwéyol

Ayiti-Tranblemanntè : Yon gran vid nan mouvman fanm nan

Kominike KONAP

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 17 fevriye 2010

Ayiti pran kou, Mouvman fanm la pèdi manm,

Nou rete detèmine pou n kontinye lite pou rekonstri peyi nou !

Kòdinasyon Nasyonal K ap Plede Kòz Fanm – KONAP, prezante kondoleyans li bay popilasyon tou patou nan peyi a ki pèdi fanmi yo, zanmi, kanmarad, kolèg yo nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Avèk anpil respè, KONAP bese byen ba pou salye, memwa plizyè santèn pitit tè d Ayiti ki mouri nan Pòtoprens, Jakmèl, Leogàn, Tigwav ak Miragwàn anba katastwòf san parèy sa a.

Nan sikonstans sa a, KONAP vle salye yon manyè patikilye fanmi ak pwòch Magalie Marcelin, militant Kay fanm, Myriam Merlet, militant Enfofanm. Toulede kanmarad sè nou sa yo, pami manm fondatris KONAP epi yo te bay bonjan kontribisyon nan Komite Kodinasyon platfòm la. Salitasyon patikilye nou ale tou pou fanmi ak pwòch Anne-Marie Coriolan, manm fondatris Solidarite fanm Ayisyèn SOFA, youn nan 5 òganizasyon ki fòme komite kòdinasyon KONAP la. Menmjan an tou, KONAP adrese yon salitasyon patikilye pou fanmi ak pwòch Mirlande Dorvilus, manm SOFA avèk Bernadine Bourdeau, tou 2 se te resous nan biwo egzekitif SOFA.

Menm jan lanmò kanmarad sè nou yo kite gwo soufrans nan kè manm KONAP ak yon gran vid nan mitan mouvman fanm la, nou konnen anpil lòt sektè ap viv menm doulè sa a. Tranbleman tè 12 janvye 2010 la pa epaye okenn sektè nan peyi a : nan edikasyon, nan administrasyon piblik kou nan antrepriz prive, nan mache, nan izin, toupatou se anpil doulè, anpil lapenn. Timoun, jèn, granmoun ki mouri yo se venn nan kò peyi a ki koupe. Jodia, yon mwa apre, nou gen yon kantite moun, nou pa kapab konte, ki toujou anba dekonb. Kou di sa a, peyi d Ayiti pran an, ap dechire zantray nou, san nou pako wè klè kouman nou pral remanbre peyi a apre ravaj tranbleman tè sa a, ki vin angrave sitiyasyon Ayiti ki te deja difisil, epi ki ap kite gwo konsekans onivo sosyal, ekonomik ak politik.

Anne-Marie Coriolan, Magalie Marcelin, Myriam Merlet tankou lòt militan fanm kou gason, mouri san yo pa wè chanjman yo te kwè ladan li. Tranbleman tè 12 janvye a rache yo nan men nou san yo pa gen tan wè piplis nan rezilta batay yo te konsakre vi yo ap mennen. Ideyal fanm sa yo t ap defann, konba yo te angaje yo te parèt klè nan aksyon yo t ap mennen pou fanm yo jwi tout dwa yo, san sosyete a pa mete yo sou kote poutèt yo se fanm. Militant feminis sa yo t ap kontribye nan aksyon ki mare avèk objektif, pou nou rive konstwi yon sosyete kote ki gen jitis, egalite, yon manyè pou nou koupe fache ak esklisyon, pou pèp ayisyen an, sòti anba dominasyon, diskrimination ki chita sou baz sèks, ak sou baz klas sosyal. Angajman medam sa yo te montre detèminasyon ak volonte yo te genyen pou yo te konbat maspinay, dominasyon ak esplwatasyon sistèm patriyaka ak sistèm kapitalis la vle enpoze nou.

Ayiti pran kou, katastwòf 12 janvye a, se okazyon ki demontre solidarite ki genyen nan mitan pèp yo. Ayiti benefisye anpil solidarite ki sòti kote gouvènman yo, men anpil sitwayen/sitwayèn, pèp diferan peyi pote kole, pou fè solidarite avèk nou, menmjan anpil pitit peyi a ap fè li tou. Se yon seri jès ki ap make nan istwa peyi a. Ayiti pran kou, pandan anpil nan moun ki disparèt jou 12 janvye a t ap goumen pou yon peyi lib, endepandan, souveren, konsekans katasfwòf sa a menase plonje nou pi plis nan depandans politik, sosyal, ekonomik e menm kiltirèl. Anpil nan nou mouri, anpil nan nou disparèt men diyite nou, sans patriyotik nou ak detèminasyon nou pou n yon pèp granmoun dwe rete bousòl nou.

Konsa, nan memwa anpil lòt fanm ki mouri akòz tranbleman tè sa a, pandan yo t ap bay kontribisyon pa yo pou Ayiti vanse, tankou Mireille Neptune Anglade, Nicole Grégoire, Gina Porcéna, Marie-Michelle Gaspard, Myrna Narcisse-Theodore…, nan memwa anpil lòt fanm kou gason ki tap feraye nan divès milye; sou tras Anne-Marie, Magalie, ak Miryam KONAP, kòm yon espas batay kolektif, ap kontinye kenbe labanyè lit fanm lan piwo posib. Menmjan Ewoyin nou yo te patisipe nan batay pou retire peyi a anba lesklavaj, fanm yo ap kontinye bay lebra ak lòt mouvman ki vle goumen pou yon chanjman total kapital nan enterè fanm yo, nan enterè mas popilè yo.

Mouvman fanm ayisyèn lan pran kou. Nan KONAP, n ap kontinye mete ladrès nou deyò pou n dekonstri sosyete patriyakal la nan chèche mennen yon lit òganize nan yon liy politik klè k ap pèmèt nou bati yon sosyete egalitè. Yon sosyete kote valè tankou libètè, souverènte, egalite, jistis, respè se yo ki règ jwèt la, yon manyè pou nou sòti nan esklisyon, pou nou sòti anba dominasyon ak diskrimination ki chita sou baz sèks, sou baz klas sosyal.

Yon moun nou pa konnen te ekri, « Dans le quotidien avec les autres, nous oublions trop souvent que toute vie, s’arrête un jour et que nous ne savons pas quand ce jour arrivera. »/ « N ap viv toulejou ak lòt moun, anpil fwa nou bliye, yon jou ou lòt, lavi yo k ap koupe, epi nou pa janm konnen ki lè jou sa a ap rive. » Lè nou leve madi 12 janvye, nou pat janm panse pitit nou, fanmi nou, kanmarad nou yo pa t ap la jodi a…

Ann mare senti nou, kontinye lite pou nou remanbre Ayiti, jenerasyon k ap vin apre yo ap kapab suiv tras nou.

Pou rèl koze n pale, n ap kontinye vanse!

Pou Komite Kòdinasyon KONAP,

Olga Benoit

(Komite Kòdinasyon KONAP : Fanm Deside Jakmèl – Kay Fanm – REFRAKA – SOFA)