Deklarasyon MODEP
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 4 janvye 2010
Chak fwa yon lane chanje, ayisyen toupatou sou latè, youn ap swete lòt yon bon nouvèl an. Men, si lane yo bon pou sèten moun, sitiyasyon mas yo an jeneral ak travayè yo an patikilye ap pi grav chak ane. Dirijan yo, politisyen yo, boujwazi a ak enperyalis la toujou mare sosis yo ansanm pou fè dekabès sou do pèp la. Menm si tout moun ap swete lòn bòn ane, pifò moun sitou sila yo ki pi pòv yo deja wè sitiyasyon an pap pi bon pase sa nan lane 2010 la. Tablo politik, ekonomik ak sosyal peyi a, deja montre sa.
Nan nivo ekonomik ak sosyal, nou ka konstate se diskou envestisman pou gwosi kapital miltinasyonal yo k ap vale teren anba chapo mondyalizasyon neyoliberal la. Anpil gwo kapitalis deja lonje dwèt jouda yo sou anpil tè nan peyi a pou al plante Jatwofa (gwo metsiyen) pou mete manje nan vant machin pandan moun ap mouri grangou. Drijan Inite yo ak konplisite dirijan divès lòt pati politik, deja mete TELEKO ak anpil lòt antrepriz leta nan laye, pou vann yo angwo tankou andetay. Mache lib la ki te deja ap taye banda vin ranfòse ak siyati akò APE a. Sa ki fè nou ka di, pwodiksyon nasyonal la, sèvis piblik de baz yo ak antrepriz leta yo pral kontinye pran kou pirèd pandan ane 2010 la, si nou pa rive konstui yon veritab fòs popilè ki ka bare wout machann peyi yo.
Nan nivo politik, se menm konsta a. Diferan pati politik ki sou sèn nan, pa pote okenn diskou ni pratik ki ranmase veritab revandikasyon mas popilè yo. Batay la konsantre plis nan kesyon eleksyon. Pati titanik (Inite) lan ki rasanble divès brasè ki soti nan plizyè pati politik, deja mete tèt li nan pozisyon pou li bay lòt koken ki sou sèn nan gòl ak men. Se pou sa prezidan Preval ak moun k ap mache dèyè l yo, mete kanpe yon KEP zonbi ki sou kontwòl yo, pou fè yon eleksyon inik, nan enterè kandida titanik yo. Kòm peyi enperyalis yo ak boujwazi a jwenn tout sa yo bezwen nan men pouvwa anplas la k ap likide byen peyi a de pou senk, yo fèmen je yo sou jwèt makawon sa a k ap jwe a.
Anfas bato titanik lan, plizyè lòt pati ak rasanbleman patikil ap tire pye pou gato a k ap fè yo filalang. Nou ka konprann, se pa pwojè enperyalis la ak klas dominant yo, ni kesyon okipasyon peyi a ki divize aktè politik yo, men, se separasyon gato a. Kidonk, batay k ap mennen la a, se yon batay ant aktè k ap defann menm kòz, menm vizyon, menm patwon.
Douvan sitiyasyon malouk sa a, ki kote moun k ap defann kòz pèp la dwe kanpe ?
Sitiyasyon nou sot esplike la a montre aklè, batay k ap mennen sou teren an ant moun ki rasanble nan Inite ak fo Altènativ, se yon batay pou mennen pèp la Plap Plap nan simityè ak nan labatwa. Se pou sa, nou menm òganizasyon ki chwazi pou nou batay bò kote pèp la, nou dwe travay pou nou konstui yon veritab altènativ popilè revolisyonè pou anpeche politisyen sa yo kontinye mennen pèp la nan labatwa mizè, okipasyon ak politik neyoliberal yo.
Nan sans sa a, rèv nou pou ane 2010 la, se patisipe nan konstui yon veritab fòs popilè, ki rasanble òganizasyon ki nan kan pèp la, pou defann enterè pèp la ansanm ak pèp la, antan n ap konstui pwòp Altènativ pa nou, pou nou rive nan yon lòt Ayiti. Eleksyon 2010 yo paka mennen nou nan Ayiti nou vle a. Yon Ayiti kote sante ak edikasyon dwe gratis. Yon Ayiti kote pwodiksyon nasyonal fè dekabès sou manje pèpè. Yon Ayiti kote tè a dwe sou kontwòl moun k ap travay li a. yon Ayiti ki soti anba okipasyon. Se pousa, n ap lanse yon apèl nasyonal, pou tout fòs pwogresis nan peyi a kole fòs yo ansanm, pou wete peyi a anba lamizè, okipasyon ak plan lanmò neyoliberal la.
Viv yon Ayiti granmoun !
Aba okipasyon !
Aba lamizè!
Pou MODEP
Guy NUMA
Boumba NIXON
Théagène Joseph Dauphin
Pierre-Richard FRANCIS