Deklarasyon Kòdinasyon Nasyonal k ap Plede Kòz Fanm yo (KONAP), nan okazyon 25 novanm 2003, jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm
Depi 30 oktòb 2003, nou menm òganizasyon fanm ki nan KONAP nou dekrete gouvènman lavalas la òlalwa. Wi, nou di gouvènman an òlalwa lè l ap piye, teworize, vyole epi touye popilasyon yo. Wi, gouvènman lavalas la òlalwa, lè li rete nan sèvi ak pwoteje patizan li yo sèlman, ansanm ak bann chimè li yo. Gouvènman lavalas la montre li pa gen kapasite, li pa gen moral, ni kredibilite, ni lejitimite pou l gouvène peyi a. Pandan de (2) manda pouvwa lavalas la pi gwo reyalizasyon l se fini ak enstitisyon peyi a, sa ki lakòz n ap viv anba yon gouvènman chimerik, yon Lajistis chimerik, yon Lapolis chimerik ak yon Administrasyon Piblik chimerik ki fè dwa moun, dwa fanm pa fouti respekte.
Pandan tout ane 2003 a, dwa sitwayen ak sitwayèn pa sispann pase anba pye :
Nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Fanm (8 mas), Lapolis ak chimè kraze manifestasyon òganizasyon fanm, arete epi kidnape manm òganizasyon fanm yo,
3 avril, Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn, chimè ak Lapolis te eseye bay presyon fè entimidasyon pou mete baboukèt nan bouch òganizasyon fanm yo ;
29 oktòb, nan Palè Jistis, chimè vin fè atak fizik ak vèbal alòske òganizasyon fanm yo t ap denonse bann lanmò pou granmesi ak zak sanginè k ap fèt nan peyi a. Nan menm dat la, chimè pase bay presyon nan lokal youn nan òganizayon fanm yo.
13 novanm, chimè vin ajoute sou tout atak yo pa sispann fè sou etidyan, ak etidyant yo.
14 novanm, nan manifestasyon gwoup 184 la te òganize, Lapolis ak chimè te mare sosis yo pou kraze brize popilasyon sivil la.
21 novanm, Lapolis kraze manifestasyon elèv lekòl nan Tigwav epi arete ak maspinen yo.
Tou sa, se san konte tout lòt zak represyon, tout arestasyon ilegal k ap plede fèt toupatou nan peyi a, sou tout gwoup k ap revandike ak sou Laprès. Tout briganday pouvwa Lavalas la kreye yon sitiyasyon kote sekirite fanm yo plis menase:
Chimè ak polisye ap òganize gang pou fè kadejak kolektif sou fanm;
Sitiyasyon vyolans politik ak enpinite pèmèt gason gen plis lisans pou vare sou fanm, bat yo, vyole yo, tizonnen yo, san kè sote;
Mari ap bat madanm pi rèd san pwoblèm.
Gouvènman an deklare popilasyon yo lagè. Nan konjonkti sa a, kadèjak tounen yon zam politik, kò fanm tounen teritwa lagè menm janm ak epòk Koudeta 91 lan . Konsa, vyolans espesyal k ap fèt sou fanm yo, paske yo se fi, neye nan mitan tout lòt vyolans politik yo. Sa anpeche sosyete a pran plis konsyans sou makfabrik vyolans k ap fèt sou fanm yo; Yon makfabrik ki gen arevwa ak rapò debalanse ki tabli ant gason ak fanm nan sosyete a. Akòz rapò debalanse sa a, se chak jou fanm ap sibi vyolans anba men gason, menm lè pa gen latwoublay politik.
Se poutèt sa, jodi 25 novanm, Jounen Entènasyonal kont Vyolans sou Fanm, KONAP vin devan Ofis Pwoteksyon Sitwayen ak Sitwayèn yo (OPC) . Kòm enstans otonòm ki anchaje pou pwoteje sitwayen ak sitwayèn kont abi Leta, nou vin ekzije pou OPC pran responsablite li nan:
Ekzije respè dwa moun, pou tout moun nèt, fanm kou gason, kèlkanswa opinyon politik yo;
Rekonèt vyolans k ap fèt sou fanm kòm vyolasyon dwa moun, epi denonse yo;
Ekzije respè tout libète ki garanti anndan Konstitisyon an;
Tabli aklè sou reskonsablite enstans pouvwa yo, tankou Prezidans, Delegasyon gouvènman an, Lapolis, Lajistis, Administrasyon Piblik yo, nan zak represyon k ap fèt sou popilasyon yo;
Fè dilijans pou fè arete epi pini bann chimè lavalas yo, ansanm ak tout chèf chimè yo, espesyalman Mouche Jean Bertrand Aristide.
Si OPC fè travay li byen, wè pa wè, fòk li dekrete Gouvènman Lavalas la à’ L A L W A.
OPC pa ka nan pa wè, pa tande, pa pale,
fòk li ede jwenn solisyon.
Pòtoprens, 25 novanm 2003
Pou KONAP :
Enfofanm, Myriam Merlet
Fanm Yo La, Yolette Mengual
Kay Fanm, Yolette Andrée Jeanty
Solidarite Fanm Ayisyen - SOFA, Olga Benoît