Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 3 novanm 2009
Papay 2 Novanm 2009
Nou menm manm Kòdinasyon Nasyonal Mouvman peyizan nasyonal Kongrè Papay (Mpnkp), ki soti nan 9 kòdinasyon depatmantal, nan reyinyon òdinè nou nan Sant Lakay nan Papay, soti 31 oktòb pou rive 3 novanm 2009… Nan reyinyon sa a, nou te mete yon bon tan pou nou analize konjonkti politik peyi a.
Nan analiz sa a, men sa nou konstate :
1. Sitiyasyon mas peyizan yo, mas moun andeyò yo
Nou wè majorite moun andeyò yo vin pi andeyò chak jou. Leta bliye yo, abandone yo.
Nan anpil rejyon nan peyi a tankou Nòdwès, peyizan yo pa te janm wè lapli depi siklòn yo fini nan mwa sektanm ane pase jis rive nan mwa sektanm ane sa a. Sechrès detri tout jaden peyizan.
Se menm sitiyasyon an nan Nòdès, kote sechrès ap touye bèt.
Nan wo Latibonit, nan wo Plato santral, nan Limonad peyizan yo pèdi rekòt yo.
Kote ki pa gen sechrès tankou nan Sid, se inondasyon.
Pwoblèm anviwònman peyi a se yon katastròf.
Pouvwa Preval la travay sèlman ak kliyantèl politik li nan peyizanri a, sitou nan Latibonit. Si w pa nan Platfòm dezespwa a, ou pa ladan ; si w pa fè pati kliyantèl yon palmantè pouvwa a, ou pa ladan. Se wè òganizasyon peyizan yo wè pakèt traktè ki al kanpe nan lakou meri, nan lakou kay depite, kay senatè. Se wè òganizasyon peyizan yo wè patizan lespwa platfòm dezespwa a ap itilize semans ak zouti pou achte moun nan kanpay elektoral.
CNSA fè konnen grangou a fè yon ti bak. Noumenm k ap viv andeyò a, nou konstate peyizan yo grangou pi rèd. Pwodiksyon diri a fè yon ti monte nan Latibonit. Pwodiksyon pwa fè yon ti monte nan kèk zòn ak mwayen pouvwa a te bay patizan li yo. Majorite peyizan yo pa te janm benefisye anyen.
Byen Leta tounen byen yon sektè politik.
Pa gen anyen ki fèt pou pwoteje Basen vèsan yo, pa gen pwogram konsèvasyon sòl ak rebwazman. Pa gen pwogram kredi. Pa gen asistans teknik pou peyizan yo. Koze refòm agrè pa pale. Sa ki plis ap pale se bay tè peyi a pou plante jatrofa ak pou fè zòn franch. Pouvwa a vle bay miltinasyonal agwobiznis ak konplis yo nan peyi a yon bann tè ki kapab pwodui manje.
Prezidan Preval pa gen okenn politik devlòpman pwodiksyon agrikòl nasyonal. Li sèlman ap voye kèk bagay moute kèk kote nan peyi a ak kliyantèl politik li, ak palmantè ki mare nan pye tab pouvwa a.
2. Sitiyasyon politik peyi a
Sou plan politik, nou dekouvri danje yon diktati anonse pou 30 ane k ap vini yo. Pwojè sa a parèt pi klè chak jou.
Tout moun konnen jan Prezidan Preval te pwoklame prezidan peyi a an 2006. Li te konnen se pa popilarite ki te fè li prezidan. Li te rive fè tout pati politik, ki gen fòs nan palman an, fèmen bouch yo ak yon Ministè pou yo degaje yo. Klas politik la te fèmen bouch li sou sa Palè nasyonal ap fè.
Tout moun klè sou mannèv Prezidan Preval fè pou li kontinye kenbe KEP la anba kontwòl li pou li kapab fè dappiyanp sou chanm depite a ak lòt tyè sena a nan eleksyon k ap vini yo, pou li kapab brase konstitisyon an, nan sans enterè pouvwa pèsonèl li l ap chèche ranfòse ak plis vitès chak jou.
Prezidan Preval pase yon vitès siperyè nan reyinyon li fè ak 570 KASEK peyi a kote li chèche vire lòlòy yo ak tout kalite pwomès pou yo antre nan pati inik l ap kreye a.
Se yon endesans pou prezidan peyi a ap sèvi ak lajan leta pou li seye tabli yon diktati nan peyi a. Sa a, se yon manipilasyon inakseptab.
Prezidan Preval te rive vlope klas politik la nan farin, nan jan li te rive monte yon KEP ki anba kontwòl li. Konsèy Elektoral Preval la remèt nou eleksyon senatoryal nou soti viv la a.
Magouy elektoral yo pèmèt Preval pran kontwòl Sena Repiblik la. Nou kapab wè jan Senatè dezespwa yo voye Premye Minis lan ale. Se yon siy trè klè pou fè dappiyanp sou resous leta yo nan pwojè konsolidasyon diktati a.
3. Sou plan sosyal
Yon pakèt ti moun pa jwenn lekòl pou yo ale oubyen yo pa kapab peye lekòl.
Chak ane, yon pakèt jèn echwe nan bakaloreya. Yo pa anwo, yo pa atè. Sa ki rive pase yo, yo pa jwenn Inivèsite pou yo antre. Yo pa konnen ki sen pou yo rele.
Lamizè fè moun andeyò ale gonfle bidonvil nan Pòtoprens, ale travay kòm esklav nan Sendomeng. Anpil jèn tonbe nan delenkans, anpil tonbe nan fimen dwòg.
Ministè edikasyon nasyonal fè yon pakèt pwofesè travay san touche. Yo deside revoke yo san yo pa peye yo sa yo te dwe yo. Y ap fè presyon sou yo pou yo siyen yon papye ki di Leta pa dwe yo, apre yon ti monnen yo ba yo.
Prezidan Preval pran pozisyon kareman kont travayè yo, lè li anpeche yo touche yon salè minimòm 200 goud. Se domaj yon majorite palmantè kosyone yon desizyon terib konsa pou klas ouvriye a. Sa montre ki mòd politik sosyal pouvwa Preval la genyen. Yon politik sosyal anti pèp.
Kout rèl MPNKP
Anfas gwo malè ki pandye sou peyi a, MPNKP ap lanse yon gwo kout rèl pou di tout òganizasyon peyizan yo, tout òganizasyon nan mouvman sosyal la, tout pati politik yo, tout pèp ayisyen an :
a) Pa pran nan kraponnay, nan gwo mannèv manipilasyon Prezidan Preval mete kanpe pou tabli yon pati politik inik. Se echèk total kapital Platfòm politik lespwa a, se paske lespwa tounen dezespwa ki fè y ap chèche fè yon lòt bagay.
b) Fè inite solid andedan òganizasyon peyizan yo pou dezespwa pa pote nou ale. Nou dwe bare tout pwojè anti demokratik.
c) Pati politik ki vle demokrasi yo dwe pran distans yo ak pouvwa Preval la tout bon. Yo dwe fè inite, sitou ant sa ki sanble yo, pou yo bare pwojè ditakti a nan voye mwens kandida posib nan eleksyon yo. Moun ki soufri maladi prezidantit yo dwe chèche trètman.
d) Fè mobilizasyon pou anpeche pouvwa a fèmen lekòl yo epi fè peye pwofesè yo.
e) Rete veyatif pou bloke tout eleksyon fo mamit nan tout kwen ak rakwen peyi a. Pèp la dwe ekzije eleksyon lib, onèt ak demokratik oubyen pa gen eleksyon ditou paske konplo diktati a p ap pase.
Pou Otantifikasyon : Chavannes JEAN-BAPTISTE, Pòlt Pawòll MPNKP
Pou MPNKP,
Depatman Nòdès : Alta Prophete
Depatman Nò : Doudou Pierre Festile
Depatman Latibonit : Viljean Louis
Depatman Nòdwès : Jean Volcy Louis Charles
Depatman Sant : Pierre Louis Dorelus
Depatman Lwès : Jean Volcy Louis Charles
Depatman Sid : Policard Joseph Verlain
Depatman Sidès : Janvier Pierre Oblin
Depatman Grandans : Pierre Dalinstry