Español English French Kwéyol

15 oktòb, Jounen Mondyal Fanm Peyizan

Ayiti : Fanm peyizan di yo bouke ak sitirasyon malouk peyi a

Nòt pou laprès Fòs pou Defann Dwa Peyizan ak Peyizàn Ayisyen nan okasyon 15 oktòb, Jounen Mondyal Fanm Peyizan

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 13 oktòb 2009

Nan okazyon 15 oktòb ki se jounen mondyal fanm peyizan yo, nou menm, Fanm nan FDDPA, Fòs pou Defann Dwa Peyizan ak Peyizàn Ayisyen, nou di ayibobo pou tout fanm peyizan k ap bat dlo pou fè bè depi dikdantan pou fè fanmi yo, kominote yo ak peyi yo mache.

Fanm peyizan yo se poto mitan ekonomi peyizan an ak ekonomi peyi a. Yo patisipe nan tout etap ki genyen nan travay tè a. Epi tou lè rekòt la pare se yo menm ki al pote li nan mache pou vann li epi pote nan kay la tout sa ki nesesè. Nan zafè okipe kay la menm se pa pale. Se fanm ak ti fi peyizan yo ki reskonsab al chache dlo, se yo ki pwopte kay la, lave, pase, fè manje, elt. Se fanm ki fè pitit, se fanm ki okipe pitit, ki ba yo levasyon. San fanm, kisa sosyete riral a t ap ye ? Kisa tout sosyete a t ap ye ?

Jounen 15 oktòb 2009 la, se pa yon jou pou fete men pou reflechi sou sitiyasyon nou kòm fanm peyizan ki viktim tout kalite diskriminasyon paske nou se fanm epi tou paske nou se peyizan.
Noumenm, fanm peyizan yo konsidere tankou moun andeyò, tankou moun sòt. Leta ak politisyen yo konnen nou egziste nan peyi a sèlman lè pral genyen eleksyon.

Noumenm, fanm peyizan, nou sibi tout kalite vyolans :

• Se noumenm ki sibi tout konsekans pwodiksyon agrikòl la k ap bese chak jou pi plis nan peyi a akoz dega ki pa sispann fèt sou anviwònman an epi ki fè pitit fi nou yo oblije al fè Sentaniz nan vil ak nan bouk ;

• Se noumenm ak pitit fi yo k ap sibi tout sòt imilyasyon nan travay kay madanm nan bouk tankou nan lavil yo ;

• Se noumenm ki sibi vyòl anba gason kadejakè ;

• Se noumenm ki leve pi bonè epi ki kouche pi ta nan kay la ;

• Se noumenm ki fè tout kalite travay sal epi ki jwenn mwens konsiderasyon ;

• Se pitit fi nou yo ki trape pi fasil maladi moun pran nan fè bagay tankou maladi SIDA lè yo oblije kouche ak patwon yo oubyen pitit gason patwon yo, mèt kay oubyen pitit mèt kay ;

• Se noumenm ki oblije fè gadò lè pitit fi nou yo retounen ak yon pitit sou bra yo mouche gason, mèt kay ou pitit gason mèt kay pa vle rekonèt ni okipe ;

• Se noumenm ki oblije pote tout gwo chay lou sou tèt nou nan monte desann mòn anba gwo solèy cho oubyen gwo lapli menmsi nou ansent plizyè mwa ;

• Se noumenm ki mouri nan fè pitit paske pa genyen sant sante nan zòn lakay nou epi se nan ti koridò yo oblije pase lè y ap mennen nou sou branka nan bouk pou al jwenn swen, lè genyen ;

• Se noumenm ki plis pa konn ni li ni ekri paske sitiyasyon sa a bon pou moun ki gen gwo mwayen yo ak tout dirijan nou yo ki pa vle pran okenn mwayen pou rezoud pwoblèm sa a nan peyi a.

• Se noumenm ki pi viktim anba tout kalite enfeksyon poutèt move kalite dlo n ap sèvi pou bwè, fè twalèt nou ;

Pandan tout kote sou latè ap fete jounen mondyal fanm peyizàn, nou menm fanm, nou konstate lavi nou ap depafini chak jou pi plis, se mizè k ap taye banda bò lakay nou.

Sitiyasyon malouk sa a, se rezilta politik moun andedan ak moun andeyò ki te toujou aplike nan peyi a men ki vin pran plis jarèt avèk pwogram neyoliberal k ap aplike nan peyi a kote Leta pa mete kòb pou sèvis sosyal tankou sante, edikasyon, epi konbat fòs kote ki genyen nan relasyon fanm ak gason nan sosyete a.

Chak jou se nèg ak fanm ki gen mwayen k ap kontinye gen plis mwayen, nou menm n ap vin pi pòv. Chak jou n ap kontinye achte pi chè epi n ap kontinye vann pwodwi nou yo pou yon ti grapday. Dirijan peyi peyi a pa menm pran okenn mezi pou pwoteje lavi nou. Pa menm gen lekòl pou pitit nou yo ni sant Alfabetizasyon pou jèn ak granmoun yo aprann li ak ekri. Nou pa jwenn swen lasante, nou pa jwenn ankadreman teknik ak kredi pou fè jaden nou yo. Nou pa gen wout ak lòt mwayen kominikasyon.

Noumenm fanm nan FDDPA, nou di nou bouke ak sitiyasyon sa a. Se pou sa nou mande :

1. Pou Leta pran tout dispozisyon pou apiye fanm peyizan yo nan aktivite jaden ak komès y ap fè pou yo pa oblije kite zòn lakay yo pou al fè Sentaniz nan bouk ak lavil ;

2. Pou Leta mete bonjan lekòl fondamantal, segondè ak pwofesyonèl nan tout seksyon kominal yo pou tout fanm kapab jwenn bon jan fòmasyon pou yo kapab pran lavi yo an men ;

3. Pou Leta mete bonjan sant sante nan tout seksyon kominal yo pou fanm yo sispanm mouri nan akouchman oubyen pèdi pitit yo ;

4. Pou Leta mete bonjan sant fòmasyon sou Dwa Fanm nan tout Seksyon Kominal yo pou fanm yo sispann mouri nan akouchman ak maladi ;

5. Pou Leta pran tout mezi nesesè pou pwoteje anviwònman peyi a k ap fin depafini epi ki fè tè nou yo pa ka pwodui manje ankò ;

6. Pou Leta pran bonjan mezi pou pwoteje pwodiksyon nasyonal la epi mete gwo taks sou tout pwodui deliks yo ;

7. Fòk genyen yon Ministè Peyizan pou okipe zafè peyizan, fanm kou gason.

Nou mande tout fanm peyizan pou yo rete veyatif anpil paske zòt toujou ap pwofite de sitiyasyon malouk n ap viv la pou sèvi ak nou pou regle zafè pa yo.

Epi sèl fòs nou se lè nou rive ranfòse òganizasyon fanm peyizan nou yo epi rive makònen yo ak lòt òganizasyon fanm ak peyizan konsekan pou fanm yo ak tout peyizan yo an jeneral rive soti nan sitiyasyon malouk y ap viv jounen jodi a pou bati yon peyi kote se moun anndan sèlman ki genyen.

Pou FDDPA : Marguerite Saint-Louis