Español English French Kwéyol

Ayiti: Pòt louvri pou pase men andedan Konstitisyon an

Pòtoprens, 15 sektanm 2009 [AlterPresse] --- Palman ayisyen an rekonèt nesesite pou gen yon pase men ki fèt nan Konstitisyon 1987 la, ki se manman lwa peyi d Ayiti, dapre enfòmasyon ajans sou entènèt AlterPresse ranmase.

Pandan yon seyans , yo te òganize nan chanm depite a ak nan Sena a, yo chak nan chanm separe, palmantè 48 tyèm Lejislati yo rive mete yo dakò anfavè pwopozisyon pase men nan Konstitisyon 29 mas 1987 la, 22 lane apre yo fin adopte l.

Sou 82 depite ki te reponn prezan, gen 71 ki vote pou pase men sa a fèt, gen 2 ki te vote kont ak 8 lòt ki pa t gen pozisyon. Sou bò pa l, prezidan chanm depite a, Levaillant Louis-Jeune, pa gen dwa vote.

Se Jonas Coffy ki soti nan Fanmi Lavalas ak Jean David Génesté (Alyans Demokratik) ki vote kont pwopozisyon amandmapase men chèf Leta a te fè sou Konstitisyon an.

Depite premye sikonskripsyon Pòtoprens lan fè konnen prezidan Preval pa respekte popilasyon an, lè li deside pou gen on pase men nan manman lwa peyi a san li pa konsilte tout sektè òganize yo.

Se menm pozisyon sa a depite Okay/Zile Lavach genyen.

Nesesite pou pase men nan manman lwa peyi a te dwe fèt nan konsiltasyon ak lòt sektè ki nan sosyete a, dapre Jean David Génesté.

Pa t gen okenn deba ki te fèt nan peyi a sou kesyon pase men andedan Konstitisyon an, dapre depite Okay la ki fè konnen listwa ap gen pou jije 71 depite ki vote anfavè deklarasyon pase men sila a.

Menm mouvman an, sou pwopozisyon pase men nan Konstitisyon an, te fèt nan Sena a, kote, sou 22 senatè ki te prezan, gen 21 ki vote pou yo mande pase men nan manman lwa peyi a.

Nasyonalite, kijan pou yo òganize eleksyon nan peyi a, fason pou mete kanpe Konsèy elektoral pèmanan, rapò balanse ant fanm ak gason, se kèk nan pwen ki sipoze parèt nan nouvo tèks konstitisyon an.

Se 49e Lejislati a k ap gen pou pase men nan Konstitisyon 1987 la, lè yo va reyini nan premye sesyon lejislati yo a (ant janvye pou rive avril 2010).

Yon ti tan avan seyans la te derape nan Palman an, te gen yon gwo rankont ki te fèt nan Palè nasyonal kote anpil palmantè te patisipe. Nan rankont sa a, yo fè koreksyon nan tèks Preval te swete jwenn benediksyon nan men palmantè yo, daprè enfòmasyon k ap sikile.

Gen anpil depite ki vin okouran tèks pase men an, sèlman kèk minit avan yo te pase l nan vòt.

Sa vle di, depite sa yo pa t rive konnen aklè ki sa ki te ekri nan tèks la, dapre menm enfòmasyon sa yo.

Men, kanmèm, yo te vote deklarasyon pase meen an an san grate tèt.

Pou kounye a, depite yo pati nan vakans apati 14 sektanm 2009 la (dezyèm lendi mwa septanm) apre yo te fin vote plizyè tèks lwa pandan ane 2009 la.

Depite Levaillant Louis-Jeune, ki t ap pran lapawòl nan non Senatè Kély Clédor Bastien, bat bravo lakontantman pou bon travay palmantè yo reyalize ane sa a.

Depite ak senatè yo rive vote lwa pou amelyore kondisyon lavi moun nan peyi d Ayiti, tankou lwa sou salè minimòm lan ak lwa sou frè lekòl yo, daprè prezidan chanm depite a.

Levaillant Louis-Jeune rekonèt lwa sou salè minimòm lan te kreye anpil tansyon nan sosyete a, kote etidyan ak moun k ap travay nan faktori te blije pran lari pou fòse palmantè yo vote lwa sa a ki ta dwe pèmèt malere yo touche pi byen.

Lwa sou frè lekòl la, depite yo te rive vote l nan yon seyans yo te òganize jou dimanch 13 sektanm 2009 la. [do apr 15/09/2009 12:40]