Kominike POHDH
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 3 out 2009
3 dawou 1998, 3 dawou 2009, sa fè 11 lane depi bandi ak zam antre lakou Sedep [1], nan Potoprens, epi touye Pè Ti Jan Pierre-Louis anba plizè bal. Krim malonèt sa a, fèt gran la jounen, nan bab tout otorite yo nan pouvwa a.
11 lane aprè, lajistis nan peyi Dayiti pa janm fè limyè sou krim sa a. Menm jan an tou, lajistis pa janm fè limyè sou yon bann ak pakèt lòt krim ki kite sosyete a ak fanm viktim yo sou swaf yo, tankou asasinay Pè Jean Marie Vincent ak Jean Léopold Dominique. Eske ministè lajistis la pa gen obligasyon pou l rann kont bay sosyete a sou krim sa yo ?
Platfòm Oganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH) ap raple otorite yo nan pouvwa a, espesyalman Minis Jistis la, nan non dwa pou moun viv, chak Ayisyen genyen dwa pou jwenn pwoteksyon nan men Leta. Leta gen obligasyon tou pou rann jistis ak tout moun ki vikim epi pou fanmi yo jwenn reparasyon.
Sitiyasyon sa a montre aklè kòman otorite yo kontinye ap pase anba pye atik 19 manman lwa peyi a, atik 3 Deklarasyon inivèsèl dwa moun, epi atik 6.1 Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik la.
Nan sans sa a, POHDH ap mande yon lòt fwa ankò :
• Pou otorite lajistis yo reveye dosye asasinay pè Jean Pierre Louis a, k ap dòmi depi 11 lane ;
• Konsidere demand plizè santèn òganizasyon nan sosyete sivil la te fè ane ki sòt pase a pou te relouvri dosye asasinay Pè Ti jan an ;
• Pou Oganizasyon yo ak rès sosyete a kontinye mobilize pou fòse lajistis peyi Dayiti yo bay Pè Ti Jan jistis ak pou fanmi l jwenn reparasyon ;
• Pou otorite yo nan pouvwa a, fè efò pou retire lonb politik k ap kouvri aparèy jistis la, pandan nou ankouraje yo travay pou endepandans pouvwa jidisyè a, jan manman lwa peyi a egzije sa ;
• Pou dirijan peyi a, sispann vyole dwa moun yo, nan pase anba pye lwa peyi a, ak valè inivèsèl dwa moun li pran angajman pou l respekte devan Nasyonzini ak OEA.
Pòtoprens, 3 dawou 2009.
Antonal MORTIMÉ
Sekretè Egzekitif POHDH
[1] (SEDEP) = Sèvis Ekimenik pou Devlopman ak Edikasyon Popilè, se enstitisyon kote Ti Jan t ap travay