Español English French Kwéyol

Premye me : « Fòk genyen yon Ministè Peyizan pou regle zafè Peyizan »

Nòt Kolektif Ti Peyizan Ayisyen (KOTPA) nan okazyon 1e me 2009

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 30 avril 2009

1e me, jounen agrikilti ak travay epoutan travay latè kontinye rete yon aktivite ki pa gen konsiderasyon nan peyi a. Moun k ap travay latè, ti peyizan yo kontinye pa jwenn konsiderasyon yo merite. Malgre tout jefò y ap fè pou pwodui bon kalite manje pou peyi a, gouvènman an pa bay o ankadreman teknik yo bezwen yon fason pou manje pèpè ki chaje ak tout kalite pwodui k ap kraze sante moun kontinye layite kò yo tout kote nan peyi a granmesi politik neyoliberal la. Sitiyasyon sa a lakòz anpil ti peyizan kite lakay yo antre lavil ak nan bouk yo pou al vann dlo epi tounen zouti nan men nenpòt ki fòs malonèt ki vle regle zafè pèsonèl yo.

Ti peyizan k ap travay latè toujou pa gen tè pou yo travay, toujou oblije pran demwatye nan men grandon, toujou kontinye vann sa yo pwodui yo ba pri pandan y ap achte chè tout sa ki pwodui nan izin yo, toujou kontinye ap travay ak zong yo sou kont lapli san konkou enstans ki plase pou sa.

Ti peyizan kontinye ap viv san yo pa jwenn okenn sèvis sosyal tankou sante, edikasyon, elatriye. Fanm peyizan yo kontinye mouri nan akouchman pa bann e pa pakèt.

Nan okazyon 1e me a ki se jounen agrikilti ak travay, pwojè lwa salè minimòm nan ki te fin vote nan chanm Depite yo toujou rete pandye nan Sena a malgre 200 goud pa jou a pa menm ase pou bay yon fanmi manje pou yon jounen malgre travayè yo fin bay san yo nan faktori.

Sitiyasyon sa a montre yon lòt fwa ankò nesesite pou ti peyizan makònen fòs yo ak ouvriye k ap travay nan faktori yo pou egzije chanjman nan move kondisyon lavi yo epi batay pou yon lòt kalite sosyete kote se konesans ak sèvis sosyal k ap globalize, kote se moun ki pi enpòtan pase lajan, kote eskanp figi peyi a ap leve, kote gouvènman yo rive koupe fache ak politik neyoliberal, kote mas pèp la p ap konte sou kandida k ap fè bèl pwomès pou chanje move kondisyon lavi li men sou fòs òganizasyon li ak detèminasyon li genyen pou defann revandikasyon lejitim li yo.

Fòk genyen yon Ministè Peyizan pou regle zafè Peyizan.

VIV BATAY TI PEYIZAN YO. VIV BATAY TRAVAYÈ YO.

VIV BATAY MAS PÈP LA.

Pou KOTPA :

Roland FLEURISMAT