Español English French Kwéyol

Ayiti : San ti peyizan koule twòp atè

Kominike Fòs pou Defann Dwa Peyizan Ayisyen (FDDPA)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse an avril 2009

Nan batay pou chanje move kondisyon lavi yo, san ti peyizan koule nan Machatè, nan Janrabèl, nan Dezam, nan Danti, nan Gonayiv, nan Bokozèl, nan Milo, nan Dichiti, nan Jèvè, nan Pyat, nan Lachapèl, nan mòn Kawo, elatriye.

Nou pa ka bliye deklarasyon makawon youn nan grandon Janrabèl yo te fè apre masak ti peyizan yo lè l te di nan televizyon nasyonal : Nou se ameriken, nou touye plis pase 1052 kominis. Swadizan kominis sa yo se te ti peyizan ki t ap batay pou yo ka jwenn tè pou yo travay, pou grandon sispann manje kouraj yo nan ba yo demwatye, nan ba yo kout ponya, pou yo sispann achte chè epi vann ba pri, elatriye.

Malgre tout sakrifis sa yo, Ti Peyizan nan kat kwen peyi a kontinye ap drive pi rèd nan malsite. Politik ekonomik diferan gouvènman ki pase nan peyi a depi kòmansman ane 80 yo pa janm sispann demantibile ekonomi peyizan yo. Depi gouvènman Janklod Divalye a ak tout tchoul parèy li yo te fin touye kochon kreyòl nou yo ki te baz ekonomi peyizan, lòt gouvènman ki te vini an apre yo te kontinye menm vye politik kraze pwodiksyon nasyonal nan fèmen tout izin ki te konn transfòme pwodui agrikòl ki fèt nan peyi a.

Politik sa a k ap kontinye aplike nan peyi a jis jounen jodi a fè ti peyizan ki te konn pwodui manje pou voye nan bouk ak lavil e menm nan lòt peyi tounen moun k ap tann ti grenn manje k ap soti nan lòt peyi pou l achte. Sitiyasyon ensekirite nan zafè manje k ap frape peyi a depi yon bon bout tan genyen gwo konsekans sou milye peyizan kote pi fò tè yo ki fin depafini pa rive fè manje ankò.

Nan okazyon 17 avril 2009 la ki se jounen Entènasyonal Lit Peyizan, noumenm manm FDDPA, nou mande :

1. Jijman ak kondanasyon tout grandon, ansyen militè, ansyen chèfseksyon ak akolit yo ki te patisipe nan masakre ti peyizan espesyalman grandon Janrabèl yo ki pa t wont deklare nan televizyon yo touye plis pase 1052 kominis ;

2. Bonjan refòm agrè nan avantaj ti peyizan, yon refòm agrè ki fèt nan sans pou repare dega ki fèt sou anviwònman an e ki makònen ak yon politik reskonsab pou jere resous natirèl yo ;

3. Bonjan ankadreman teknik ak kontwòl pri yo sou mache a pou ankouraje ti peyizan yo travay latè pou peyi a reprann dwa granmoun li nan zafè manje ;

4. Pou Leta kreye yon Ministè Peyizan pou regle zafè Peyizan.

FDDPA mande tout ti peyizan nan kat kwen peyi a pou yo ranmase eskanp figi yo, makònen fòs yo pou mennen batay la jis nan bout pou defann revandikasyon ti peyizan.

Pa kite fo lidè vire lòlòj nou ak vye pwomès paske listwa montre nou se sèvi y ap sèvi ak sityasyon nou pou yo ka regle zafè pa yo. Se sèl òganizasyon ak mouvman ti peyizan mete ansanm ak apui lòt sektè konsekan nan peyi a ak nan lòt peyi ki ka mennen batay pou yon chanjman total kapital nan lavi ti peyizan ak popilasyon an an jeneral.

San ti peyizan koule twòp atè, li lè li tan pou ti peyizan sispann rete atè.

Pou FDDPA :

Silius Pierre

Marguerite Saint-louis

Lerius Panou