Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 23 avril 2009
SEMENN AKSYON MONDYAL EDIKASYON 2009
KABA NETALKOLE ZAFÈ PA KONN LI, PA KONN EKRI A, DEVLOPE EDIKASYON POU TOUT MOUN TOUT TAN N AP VIV
Nan lokazyon Semenn Aksyon Mondyal 2009 Edikasyon pou tout Moun nan, noumenm òganizasyon, enstitisyon ak moun ki siyen deklarasyon sa a, n ap pwofite fè yon gwo rèl sou responsab leta ak kolektivite teritoryal yo epi bay lide nou sou nesesite alfabetizasyon nan peyi a ak sou nesesite pou kaba nèt al kole zafè pa konn li ak pa konn ekri a, epi devlope edikasyon pou tout jenn ak tout granmoun .
Semenn sa a fè ekzateman 9 lane depi Fowòm Mondyal Edikasyon te fèt nan ane 2000 nan Daka Senegal, kote plis pase 100 peyi sou latè te reyafime angajman yo te pran nan lane 1990 anfavè edikasyon pou tout moun. Sa fè tou 22 lane depi atik 32.9. nan konstitisyon 1987 peyi dAyiti di “Leta ak kolektivite teritoryal yo dwe fè tout sa yo kapab pou tout Moun rive konn li, rive konn ekri” .
Malgre tout deklarasyon ak angajman sa yo, malgre tout tan sa yo, nou konstate sitiyasyon an toujou malouk :
Plis pase lamwatye popilasyon an pa konn li ak ekri (52.7 sou chak 100 moun) ;
Genyen plis pase 3, 000,000 moun ki pa konn li ak ekri, soti 14 rive 50 lane ;
Pi fò moun ki pa konn li ak ekri se fanm (52.88 % fanm, 47.12% gason ). ;
61.4 sou chak 100 moun k ap viv nan zòn riral pa konn li ak li ;
63.6, sou chak 100 moun ki pa gen mwayen lajan, pa konn li ak ekri ;
Plis pase 1/3 jenn, 16 rive 24 lane, pa konn li ak ekri ;
Anpil jenn ak granmoun, ki te koumanse konn li ak ekri, vin pèdi kapasite sa a, paske yo pa ka kontinye lekol akòz kondisyon lavi a ak lamizè ap maltrete yo ;
Zafè lekti ak kontinye aprann tounen yon liks pou pifò jenn ak granmoun.
Anplis, mete sou sa :
Plis pase 500,000 timoun pa janm ale lekòl ;
Distans, ki genyen nan mitan moun ki konn li ak ekri ak moun ki pa konn li ak ekri, vini pi gwo chak jou, paske se sèl yon ti ponyen moun ki ka itilize fòm sofistike alfabetizasyon avèk Nouvèl Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon tankou odinatè, entènèt, alòske pi fò popilasyon an pa ka menm itilize fòm elemantè alfabetizasyon an ;
Yo toujou kontinye konsidere alfabetizasyon an tankou sèlman aprann li ak aprann ekri, menm lè y ap pale sou pòs alfa ki pa janm fèt oubyen ki pa rive fèt kòmsadwa nan kad yon pwogram edikasyon debaz jenn ak granmoun ;
Alfabetizasyon po ko janm konsidere nan peyi a tankou yon dwa moun fondamantal tout bon vre ;
Alfabetizasyon jenn ak granmoun po ko janm defini tout bon vre tankou yon politik piblik leta, ni nan nivo lokal ni nan nivo nasyonal, yon mannyè pou nou rive nan yon sosyete alfabetize.
Gen kèk jefò ki fèt, men pi fò travay la poko fèt. Se sa reyalite a montre nou.
Jounen jodi a, noumenm òganizasyon, enstitisyon ak moun ki fè deklarasyon sa a, n ap fè sonje pwoblèm analfabetis, sitiyasyon pa konn li pa konn ekri a, se pi gwo siy feblès nan zafè edikasyon.
Pwoblèm analfabetis la dwe poze nan sans inegalite : kondisyon miwo miba ki egziste, lè se yon ti pòsyon moun ki rive jwenn lakonesans epi pifò moun pa jwenn. Inegalite nan zafè lakonesans mare avèk inegalite ki genyen ant moun kap viv byen ak moun ki paka viv byen.
Pwoblèm analfabetis la, pa konn li ak pa konn ekri a, mache tou avek absans posiblite pou moun ale lekòl. Pwoblèm analfabetis la gen relasyon avèk jan nivo edikasyon an fè bèk atè.
Pwoblèm analfabetis la gen relasyon tou ak fenomèn double klas epi zafè kite lekòl anvan lè a.
Alfabetizasyon vle di jwi dwa ledikasyon. Jwi dwa tout moun genyen pou yo jwenn ledikasyon.
Alfabetizasyon se premye pa nan direksyon pou nou asire dwa, ni jenn ni granmoun genyen, pou yo aprann. Se sa k fè nou di, angajman Leta a dwe ale pi lwen pase yon senp pwogram alfa. Alfabetizayon fè pati totalkapital dwa ledikasyon nou genyen.
Alfabetizasyon se yon kondisyon enpòtan pou pèmèt tout moun ka viv tankou moun, tout moun ka pi itil tèt yo, tout moun ka vin sitwayen ak sitwayèn ki pi aktif nan zafè peyi a .
Se yon kondisyon enpòtan pou ankouraje gran mas moun, nan popilasyon an, patisipe ak kontribye anpil nan konstwi devlopman san fòs kote, kontribye anpil nan fè demokrasi tounen demokrasi tout bon vre, kontribye anpil nan pwoteje lanati, kontribye anpil nan devlope bonjan relasyon ant fanm ak gason, kontribye anpil nan bonjan relasyon nan mitan granmoun, jenn ak timoun.
Pa gen pyès jistifikasyon pou zafè pa konn li ak pa konn ekri a pa kaba nètalkole
Pyès politik neyoliberal pa ka sèvi pretèks pou kenbe pifò popilasyon an, sè ak frè nou yo, nan pa konn li pa konn ekri . Pyès lòd oubyen endiferans gwo peyi peze souse pa ka jistifye sa.
Pwoblèm edikasyon timoun pa ka jistifye sa tou, paske Leta pa janm fè ni youn ni lòt, epitou tout moun dwe jwenn edikasyon, ni timoun, ni jenn moun, ni granmoun.
Kesyon lòt priyorite nasyonal pa ka jistifye sa tou, paske alfabetizasyon ap ede nan tout lot priyorite nasyonal sa yo.
Pa gen volonte politik. Alfabetizasyon pa fèt, paske pa gen yon pouvwa egzekitif, yon palman ki gen volonte politik toutbon vre pou fè bonjan alfabetizasyon nan peyi a.
Alfabetizasyon pa fèt, paske pa gen yon pouvwa egzekitif, yon palman ki vle mete lajan pou sa fèt.
Alfabetizasyon pa fèt, paske sektè demokratik ak popilè a, sitwayen ak sitwayènn angaje ponkò mobilize ase pou fòse pouvwa egzekitif ak palman an pran desizyon tout bon vre pou travay, nan sans pou kaba ak zafè pa konn li pa konn ekri a , nan devlope edikasyon debaz jenn ak granmoun.
Se sa ki fè, noumenm ki fè deklarasyon sa a, Sant Rechèch ak Aksyon pou Devlopman (CRAD), Regwoupman Edikasyon pou Tout Moun (REPT), Konsèy Edikasyon Granmoun nan Amerik Latin nan (CEAAL Ayiti) ansanm ak tout lòt òganizasyon, enstitisyon ak moun ki siyen deklarasyon sa a :
1- nou mande pouvwa egzekitif la, palman an ak koletivite teritoryal nan peyi a respekte ak aplike atik 32-9 konstitisyon an, ki di : “ Leta ak kolektivite teritoryal yo, dwe fè tout sa yo kapab pou tout moun rive konn li, rive konn ekri”.
2- nou mande pouvwa egzekitif, palman an ak koletivite teritoryal nan peyi a kreye kondisyon pou popilasyon an ka patisipe tout bon vre nan travay pou kaba nètalkole zafè pa konn li pa konn ekri a .
Fòk se yon alfabetizasyon ki kòdone epi ki desantralize.
Nou bezwen epi nou mande yon Leta responsab, ki kapab mobilize tout fòs pwogresis andedan nasyon an, pou yon kanpay alfabetizasyon ki chita sou yon pwogram ak kalandriye klè pou kaba ak eksklizyon mas peyizan, fanm, ouvriye ak ouvriyèz, mas popilè yo, jan sa fèt nan peyi Kiba ak peyi Nikaragwa ki trase wout nan domèn sa a.
Se sa ki fè nou di tou se pa apwoch ti pwojè k ap rezoud pwoblèm nan, men se yon kokennchenn mobilizasyon nasyonal nou bezwen.
3- Sou nannan pwogram alfabetizasyon an
Nou mande pou Leta devlope yon alfabetizasyon ki pa rete nan li, ekri ak fè ti kalkil sèlman. Nou bezwen yon program alfabetizasyon ki fèt kòm yon premye pa nan kad yon politik ak yon pwogram edikasyon debaz jenn ak granmoun.
Nou bezwen epi nou mande yon alfabetizasyon ki chita sou Dwa Moun , sou konesans yo, sa ki pou fèt pou popilasyon an jwi dwa sa yo ak kouman nou ka fè yo.
Nou bezwen epi nou mande yon alfabetizasyon k ap ede konprann, yon fason kritik, yon fason korèk, reyalite politik, ekonomik, sosyal peyi a, epi k ap ede jwenn zouti lakonesans pou transfòme yo.
Nou bezwen epi nou mande yon pwogram k ap fòme sitwayen ak sitwayèn pou yon demokrasi tout bon vre : fanm ak gason k ap pwodwi pou satisfè bezwen yo ak bezwen popilasyon an, jenn ak granmoun solidè ; jenn ak granmou ki ka devlope bonjan relasyon san fòs kote nan mitan fanm ak gason ; jenn ak granmoun ki ka pwoteje lanati ; jenn ak granmoun ki ka sèvi ak nouvo teknoloji enfòmasyon ak kominimkasyon.
4- Sou lajan pou fè alfabetizasyon
Nou mande pou lajan k ap peye sèvis, sa yo rele dèt peyi d Ayiti a, ak lajan Jan Klod Divalye te volè a sèvi pou fè alfabetizasyon ak edikasyon debaz jenn ak granmoun nan peyi a epi sèvi pou lòt bezwen popilasyon an.
Nou mande pou pouvwa egzekitif la, palman an pran dispozisyon pou yo jwenn lajan pou fè alfabetizasyon nan peyi a.
Nou mande pouvwa egzekitif la ak palman an pou yo pran responsablite yo pou kaba nètalkole zafè pa konn li pa konn ekri a nan peyi , pou devlope alfabetizasyon ak edikasyon jenn ak granmou nan peyi a, pou nou ka genyen yon sosyete jistis sosyal kote pèsonn pa sou kote.
5- Nou lanse yon apèl tou bay òganizasyon ak mouvman sosyal ak popilè yo : Jenn, fanm, peyizan, sendika, sosyokiltirel, sosyopwofesyonèl, òganizasyon moun menm zòn, enstitisyon edikasyon popilè, enstitisyon devlopman altènatif., devlopman dirab, sitwayen ak sitwayèn pwogresis pou nou ka mete ansanm, fè fòs pou nou fè presyon, fè pwopozisyon ak patisipe avèk koyerans nan aksyon ki nesesè, pou peyi dAyiti ka libere anba zafè pa konn li pa konn ekri a, pou popilasyon an ka tounen yon popilasyon alfabetize.
Ayiti, 20 avril 2009
Men lis òganizasyon, enstitisyon ak moun ki siyen deklarasyon sa a :
Sant Rechèch ak Aksyon pou Devlopman (CRAD) / Konsèy Edikasyon Granmoun Nan Amerik Latin nan ( CEAAL), William Thélusmond
Regwoupman Edikasyon pou Tout Moun (REPT), Patrice Florvilus
Gwoup Ayisyen Rechèch ak Aksyon Pedagojik ( GHRAP),Maguy Mathurin
Solidarite Fanm Ayisyèn – SOFA, Lise Marie Déjean
Platfom Ayisyen Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA), Camille Chalmers
Asosyasyon Monitè ak Patisipan Alfa Pòtoprens( AMAAP), Rosemé Anthony
Fondasyon Zanmi Timoun , Guyrlande Mésadieu
Sant Kretyen pou Devlopman Entegre(SKDE), Pasteur Hérolde Guillomette
Groupe Medialternatif , Gotson Pierre
Sosyete animasyon ak kominikasyon sosyal (Saks), Sony Esteus
Coordination des organisations des Producteurs paysans Nord et Nord Est- (COPRONORD)- 14 organisations, Dugué Ainé
Institut Culturel Karl Leveque ( ICKL), Marc-Arthur Fils-Aime
Institut Technologie et d’Animation ( ITECA), Chenet Jean-Baptiste
Organisation des Jeunes pour le Developpement Socio Culturel (OJDSC), Guy André F.
Asosysyon Radio Sel Gonayiv, Namphy Joseph
Défenseurs Alternatifs (DA), Joinet Merzius
Coalition Contre la traite des Femmes et des Filles dans la Caraibe et en Amérique Latine (CATW-LAC- Haïti), Magalie Baltasard
Mouvman pou Inite Ti peyizan Ayizan (MITPA), Benoit Silencieux
Centre Préscolaire et d’Animation Communautaire Kay Timoun de Martissant, Svetlana Alexandre
Comité des Organisations 5ème Ave Bolosse- COB 5, Wilmarc Cajuste