Español English French Kwéyol

Ayiti : Dwa pou moun manje toujou rete yon rèv

Yon ane aprè popilasyon an te pran lari pou di li bouke ak lavi chè epi grangou

Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 7 avril 2009

Nòt pou laprès, 7 avril 2009

Nan kòmansman mwa avril 2008 pase a, yon bon pati nan popilasyon an, toupatou nan peyi a, te pran lari pou di, nan fason pa l, li bouke ak lavi chè ak grangou.

Nan vil tankou nan mòn, se te menm konsta a : grangou t ap fè raj. Nan epòk sa a, pri pwodui moun sèvi chak jou yo te monte disèt wotè. Kidonk, se anba gwo difikilte anpil nan sila yo ki pa t ap travay (plis pase 60 pousan nan popilasyon an ap viv avèk pi piti pase 50 goud pou yon jounen) rive mete men nan bouch yon fwa nan yon jounen.

Nou te anfas, nou toujou ap fè fas ak yon sitiyasyon ijans, kote kondisyon lavi popilasyon an ap vin pi mal chak jou.

Dwa pou moun manje, se yon dwa natirèl chak moun genyen, se yon dwa tou ki enskri nan Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan atik 22 ak 25 li, nan konstitisyon 1987 la nan atik 22 li.

Sitiyasyon grangou generalize sa a, jounen jodi a, ap gen gwo konsekans sou aprantisay ak sou kwasans fizik ak mantal kouch timoun ki pi pòv yo.

Ayiti pa t sèl peyi nan mond lan ki t ap fè fas ak sitiyasyon mizè dènye limit sa a, kote grangou rèd la se youn nan konsekans grav li.

Te genyen kèk lòt grenn peyi ki te konnen l tou. Sou mache entènasyonal la, pri tout « céréale » te grenpe byen wo, kidonk ekspòtatè diri yo pa bò lakay pa t gen lòt chwa. Men tou, nou kapab poze tèt nou kesyon sa yo :

kijan nou fè rive la ?

Eske dirijan nou yo pa t ka anpeche kriz sa a rive ?

Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH), k ap obsève jan pèp la ap viv, yon mannyè pou l wè kijan Leta ap mete an aplikasyon konvansyon, trete ak akò li siyen yo, te poze pwoblèm nan avan kriz la eklate epi li te fè kèk rekòmandasyon ki te kapab anpeche nou tonbe nan sitiyasyon katastwòf sa a.

Men Leta sa a sanble pa gen zorèy pou l tande, paske l ap fonse tèt bese nan swiv dikte kominote entènasyonal la. Se te yon chwa, epi pèp la ap peye konsekans lan chè anpil.

Leta te konnen byen ki bò chwa sa a t ap mennen l, paske genyen lòt peyi nan amerik latin nan ki te fè chwa sa a, li konnen ki rezilta sa te bay.

Menm peyi, ki genyen gwo gwo mwayen pou fè fas ak konkirans mache entènasyonal la, te mete tout kalte baryè restriksyon pou pwoteje mache yo, agrikiltè yo ak pwodui ki fèt lakay yo.

Peyi a ap viv yon moman ki pa gen parèy nan zafè ensekite alimantè ak nan kesyon depandans alimantè.

5 pousan moun nan popilasyon an ap tann èd entènasyonal pou yo manje. Plis pase 50 pousan nan popilasyon an depann de manje ki sòti lòt bò dlo.

Kidonk, dwa pou moun manje rete yon rèv.

Pi mal, se nan mwa avril 2008 la, lè kriz krangou ak lavi chè a eklate, Leta, ki pa toujou wè pi lwen pase pwent nen l, te redui kriz la a yon kesyon pri diri sèlman.

Prezidan repiblik la te chita ak gwo ekspòtatè diri yo nan palè nasyonal pou l te wè kijan yo te ka bese pri diri a. N ap raple, twa mwa pa t menm pase, pri diri a te gen tan remonte pi wo ankò.

Palman an, nan epòk la te pouse gouvenman an demisyone, kòm si l te sèl reskonsab kriz la.

Mwa avril sa a fè yon lane depi leve kanpe jeneral sa a te fèt.

Ki kote nou ye ? Ki plan pouvwa a genyen pou n depase sitiyasyon sa a ?

Jounen jodi a, ekzekitif la mete kanpe 2 sekreteri deta k ap okipe zafè pwodiksyon nasyonal.

Men jiska prezan, nou pa wè okenn rezilta pou pèp la, ki nan yon toubiyon Lavi chè, grangou, lamizè, li pa sanble l ap janmen wè bout li, paske dwa pou l travay ak dwa pou l manje ap pase anba pye chak jou.

Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH) ap di gouvènman ayisyen an li lè li tan pou l fè dwa pèp la genyen pou l manje tounen reyalite, jan Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun ak konstitisyon an mande l la.

Poutèt sa, Platfòm nan mande :

• Pou Leta travay pou peyi a vin granmoun tèt li nan zafè manje ;

• Pou Leta pwoteje agrikilti peyi a nan bay pwodiksyon nasyonal la valè ak jarèt ;

• Pou Leta bay ti peyizan yo kredi ak bonjan ankadreman pou yo ka pwodui ;

• Mete an aplikasyon atik 22 konstitisyon 1987 la, ki pale sou dwa pou tout moun nan peyi a genyen pou yo byen manje ;

• Pran bon jan mezi pou konbat koripsyon ak gaspiyay nan byen Leta ;

• Pou Leta ratifye Pak entènasyonal sou dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl, avèk tou lede (2) pwotokòl ki mache avèk li yo.

Jocelyne COLAS, Sekretè Jeneral POHDH

Antonal MORTIME, Sekretè Egzekitif POHDH