Español English French Kwéyol

Ayiti/Espay: Renn peyi Espay la vin founi je gade

Pòtoprens, 21 janv. 09 [AlterPresse] --- Renn Sofia, ki soti nan peyi Espay, tanmen ayè madi 20 janvye 2009 la yon vizit 3 jou nan peyi d Ayiti apre li te fin chita pale nan Sen Domeng ak prezidan Leonel Fernandez, dapre enfomasyon ki vin jwenn ajans sou Entènèt AlterPresse.

Vizit sa a ap pèmèt Renn Sofia founi je gade divès pwojè gouvènman espànyòl la bay bourad lajan nan divès rakwen nan peyi d Ayiti.

Renn lan ap gen pou chita pale jounen mèkredi 21 janvye a ak prezidan Repiblik la, René Préval. Apre sa, l ap gen pou l fè yon kout pye nan depatman Sidès la, kote li pral vizite yon latriye pwojè plante pyebwa, lapèch, mikwokredi, ak pwoteksyon patrimwàn.

Majeste a ap gen pou rann li tou nan Gonayiv, youn nan vil peyi d Ayiti ki gen viktim nan dènye siklòn ki te pase nan mwa out ak sektanm 2008 la.

Avan li mete bout nan vizit sa a, Renn Sofia ap fè yon kout pye nan yon lokal tou nèf ki pral sèvi pou tabli Sant kiltirèl Espay la pa bò isit, yo ta dwe inogire avan finisman ane 2009 la nan Potoprens.

Vizit sa a fèt 2 jou apre gouvènèz jeneral peyi Kanada a, madan Michaëlle Jean, te fin pase 3 jou an Ayiti, peyi kote kòd lonbrit li plante.

Michaëlle Jean te vizite plizyè pwojè peyi Kanada finanse an Ayiti, apre gwo inondasyon siklòn te fin toufounen pèp ayisyen.

Apre vis prezidan Maria Teresa Fernandez de la Vega, Renn Sofia se dezyèm pèsonalite espànyòl ki vizite peyi d Ayiti depi mwa out 2008 ki sot pase a.

Lè sa a, vis prezidan Espay la te anonse gouvènman li a ap double èd l ap bay Ayiti pou peryòd 2009-2012 la. Èd sa a, ki te 40 milyon dola ameriken pou peryòd 2004-2007 la, ap pase nan 100 milyon dola ameriken.

Sophía Margaríta Viktoría Frideríki tis Elládas : se non sa a yo te bay dam ki pral vin renn Espay sou non Sofia, lè li te nan peyi Lagrès jou kite 2 novanm 1938.

Nan dat 14 me 1962, li te marye nan vil Atèn ak prens Juan Carlos ki te vin tounen wa peyi Espay depi 1975. [do rc apr 21/01/2009 11:20]