Yon lòsyè sou twazyèm Antre Literè 2008 Près Nasyonal d’Ayiti a
Manno Ejèn [1]
Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 19 janvye 2009
Kote sa yo ki te konnen di lang ayisyen an pa literè, li pa genyen bon ekriven, li pa kapab tradui larèl lide [2] a ? Kote yo ye ? Twazyèm Antre literè Près Nasyonal d’Ayiti a di yo : bichi ! Soti 19 ale 25 novanm 2008 la, devan anviwon yon trantèn jounalis (radyo, televizyon, jounal), Edisyon Près nasyonal soti pibliye yon douzèn ève nan lanng ayisyen an. Anyen pa te neglije pou evelman an : afich, bandwol, piblisite, atik laprès, ... Yon pwogram varye : rankont, kozri, deba, konferans, kafe literè, antrevi, vant siyati. Antou, de a twa aktivite pa jou ki te dewoule nan divès lekòl, fakilte, sant kiltirèl, libreri, bibliyotèk, pou okipe, pran tan Potòprens pandan yon semenn. Janmè lavi yon aktivite literè, nan lanng ayisyen an, pou lanng ayisyen an, pa konnen pran tout espas sa yo an Ayiti.
Se sou tèm Kontinye ekri nan lanng pèp la pou balanse literati Peyi a, mesye Willems Edouard, direktè Près Nasyonal la, te fè lansman ofisyèl la, an konpayi uit nan nan onz otè ki patisipe yo. Onz ekriven, yon douzèn liv. Tankou : Rete ! Kote Lamèsi (Josaphat-Robert Large), Pase m yon kou foli (Jean-Euphèle Milcé), Bèbè golgota (Pierre Michel Chery), Aganmafwezay (Manno Ejèn), Zig Lavi (Pauris Jean-Baptiste), Epi oun jou konsa tèt Pastè Bab pati (Louis-Philippe Dalembert), Simbad Avenue (Raoul Altdor), Epi oun jou konsa tèt Pastè Bab pati (Louis-Philippe Dalembert), Pòtre van sèvolan (Dominik Batraville), Etanje (Gui-Régis Junior) Mesye Toussaint (Rodolf Etienne) Le grand Recueil sacré ak Répertoire des chansons du vodou Haïtien (Max Beauvoir). Tout èv sa yo parèt nan Koleksyon Souf nouvo, Edisyon Près nasyonal d’Ayiti. Yon okazyon pou te penmèt piblik la dekouvri onz nan pi bèl plimis nan lanng lan.
Yon pwogramasyon chaje
Ak plimay yo byen kolore, yon imajinè varye, nan divès estil, ak diferan fòm ekritasyon, [3] ekriven sa yo te prezante, kòm echantiyon, yon douz èv chelèn : esè, woman, teyat, istwakont, istwakout, tradiksyon. Pa egzanp, liv Rete ! Kote Lamèsi a (Woman), se yon kout plim nou jwenn ki pran jèvrin-li nan mèvilis kont krikkrak yo. Ak ladrès, otè a fè nou antre nan istwa damou yon nonm k’ape chache fanm-li jouk li pèdi tèt-li. Nan Pase m yon kou foli (Woman), lektè a plonje nan yon ekritasyon eponj ki absobe mo yo, epi ki prije yo yon fason pou antrennen-li nan yon ka sikanalis ki konsènen yon doktè sikyat ak yon fanm zonbi. Bèbè golgota (Woman), limenm, se yon ekriti trikote sere k’ape antrennen-nou nan tribilasyon yon botpipo, ki retounenn Potoprens, epi k’ape rapousuiv non-li ki anfouraye nan letan, pou sa bay pitit fi-li yon idantite, yon diyite. Aganmafwezay (Istwakout) bò kote pa-li, se yon kout plim miltipliye ki melanje divès ekritasyon : istwakout, istwakont, lodyans ak lomeyans. Ladan, otè a fè nou viv divès etap transfòmasyon, soti nan kò yon ti fi ki wè règ-li pou premye fwa, pase nan premye mo yon ti gason tout moun te kwè ki bèbè, ale nan divès vizaj lanmò genyen. Liv Zig Lavi a (Woman) se yon ekriti dirèk, fran, sensè ak yon langaj san okenn pedantri literè k’ape rakonte dekiprevyen egzistans otè a. Simbad Avenue (Nouvèl), se yon rekèy odasye ki revele-nou, nan yon lagaj mikse, eta ekziltik dyaspora ayisyen an k’ape viv nan Amerika. Epi oun jou konsa tèt Pastè Bab pati (Woman) se yon pawoli ki frize anbyans anba poto elektrik kote otè a, kòm bon odyansè devan letènèl, ape mennen-nou vizite souvnans yon katye nan Potoprens, kote tèt yonn ti zanmi danfans yo pati. Nan Pòtre van sèvolan (Nouvèl), se yon pawoli majolè k’ape revizite lejann ki abite nan istwakont-nou yo. Etanje (Woman) se yon tradiksyon « L’Étranger » Albert Camus lan, ansanm ak Mesye Toussaint (Teyat), limenm tou, se yon tradiksyon « Monsieur Toussaint » ekriven matiken Edouard Glissant an. Tou de liv sa yo montre ladrès fezèdte lanng lan pou rann lòt tèks ekri nan lòt lang. Epi, pou fini, se de volim, Le grand Recueil sacré ak Répertoire des chansons du vodou Haïtien, ki se yonn nan pi gwo travay rechèch ki fèt sou chante ak priyè Relijyon nasyonal la.
Nou te genyen okazyon tou pou tande laplipa otè yo sou divès sijè, Chante sakre nan Vodou ak Max G Beauvoir, Lang ak idantite nan literati kreyòl ak Manno Ejèn, Wòl kreyòl nan ansèyman diskou syantifik ak Pierre Michel Chery, Wòl woman nan pwomosyon kilti pèp la ak Josaphat-Robert Large. Men tou, nou te jwenn lòt konferansye ki te patisipe, tankou : George Toussaint Ansèyman kreyòl nan lekòl, Lemète Zéphyr Ekri nan lang pèp la, nan ki kondisyon, Mireia Porta Arneau Yon ti koze sou tradisyon literè, Jean Coulanges Langaj nan chante vodou, Elizabèth Pierre-Louis nan Lekti piblik pou liv kreyòl.
Dekouvèt
Yonn nan karaktè patikilye laplipa liv sa yo, nou kapab remake yo ekri nan yon ton pèsonèl « mwen ». Se plis mèt resi yo k’ape rakonte istwa yo. Dezyèmman, nan Bèbè golgota, Epi oun jou konsa tèt Pastè Bab pati ak Zig lavi, se plis nan yon vwayaj nan letan resi sa yo mennen-nou. Oubyen, bouskay yon memwa ki afouraye, yon souvnans pou ratrape, nou jwenn nan Bèbè golgota, Le grand Recueil sacré epi Répertoire des chansons du vodou Haïtien. Men sitou, se lawonesans yon lanng y’ape dòlote nan Aganmafwezay, yon ekritasyon endont y’ape rale mennen vini nan Etranje, Simbad Avenue, Mesye Toussaint. Men sitou, se tèm foli a nou jwenn ki pi dominen nan Rete ! Kote Lamèsi, Epi oun jou konsa tèt Pastè Bab pati, Pase m yon kou foli), lanmò nan Aganmafwezay, lanmou nan Zig Lavi, idantite nan Zig Lavi. Ki fè, si Antre literè 2008 la te fè konnen talan ak fezèdte ekriven yo, li te bay okazyon tou pou dekouvri kouman souplès lang ayisyen kapab pliye san kase anba ladrès plim chak ekriven, pou satisfè kèkilanswa egzijans yo kòmande-li.
Anou pran yon lèz sou sa ki di déjà sou kèk nan èv sa yo : « Dalembert mete literati kreyòl la nan òbit modènite a, pou pouse literati sa a al pi lwen. Nou rekòmande lektè nou yo pou achte liv sa a epi li li, pou apresye michan kalite ki sòti nan yon woman k ekri an kreyòl, nan yon lang swa ke okenn lòt lang pas fè pè » (Epi oun jou konsa …, Josaphat-Robert Large, 17 desanm 2008, Blòg Josaphat-Robert Large.
« Lamèsi, se fanm chanse-li, zetwal-li, tout rèv-li. Alòs l’ape rele : « Rete ! Kote Lamèsi ? » Lamèsi, se tout-li, se foli-li. L’ape chache-li. Nan pawòl k’ape chape nan bouch-li pou chase madichon. Tout kote li pase. Se yon gwo vwayaj k’ape pase nan nan Grandans, Okay, Jakmèl, Gonayiv pou l’ale fini nan prizon. » (Tradiksyon, Rete ! Kote Lamèsi, Lionel Trouillot, Le Matin, Janvye 2008.
« Nan nouvèl-li yo Manno Ejèn plis atache-li ak evelman ki genyen rapò ak destinè pèsonnèl (peryòd fòmasyon yon ti pititfi-De ti tou pou deklete lalin ; premye pawòl ki soti nan bouch yon ti gasob setan tout moùn te kwè ki t’ape bèbè-Pawòl angòje) oswa ak lanmò.Yon bann pèsonaj touchan,kote mèt istwa ape tradui ak delikatès sa ki ape pase anndan yo. De ti tou pou deklete lalin kapab, nan fidelite demach la, tèks ki pi travay e ki pi reyisi a. Sitou se yon eksepsyon nan literaiti nou an pou abòde yon sijè konsa, ankò plis otè a fè se yon ti asdolesan k’ape pale sou kò-li k’ape transfòme epi ki koumanse santi bezwen seksyèl. » Aganmafwezay, Lionel Trouillot, Le Matin, Janvye 2008.
« Pierre Michel Chery vini ak yon ekriti ki trese tankou yon nas, epi ki pran-ou nan may-li ak yon chamantiz ale mennen vini k’ape antrennen-ou ale nan avanti a. Yon anvanti nan konpayi yon latriye lòt kalite pèsonaj k’ape ale vini, pase disparèt. Men ki la, pou fè nou konprann esans peyi a pa pèdi. Jèm solidarite, lespri konbit ki alabaz sosyete ayisyen an pa mouri. » (Bèbè golgota, Yon ekriti trikote sere, Manno Ejèn, janvye 2009).
Yon demokrasi liv
Men ala verite, ki larèl lide ki kache dèyè gwo pwojè sa a ? Nan imajinasyon popilè a, ekriven an se yon klas apa. Yon ras moùn ki egziste sèlman nan liv, ki pa genyen rapò ak reyalite lavi toulejou. Kidonk, mennen otè yo rankontre piblik la, nan divès katye, nan plizyè milye, se yon fason pou montre ekriven an p’ape viv sou yon lòt planet. Men pito se yon moun ki pataje valè k’ape bouje sosyete a. Yon aktè prensipal nan devnite Nasyon an.
Si tout pwodiksyon sa yo te bay latoudlin devan imajinè èv yo. Nan reyalize kokenn evelman sa a, direksyon Près Nasyonal d’Ayiti leve yon gwo defi. Sa ki vle di, kaminizye yon tradisyon lelit ki vle kwè bèlte ak konesans se privilèj moùn ki genyen lajan. Nan yon peyi tankou Ayiti, kote lamizè mete tout grif-li deyò, ofri liv a Gd. 20. 00, se mete konesans ak bèlte alapòte tout moun. Se democratize sa yo rele literati a. Paske literati se langay, se pawoli. Se yon mateyèl ki chaje siyifiksyon ak pinga. Se pawòl yon kominote. Kidonk, li lenguistik, li sosyolojik, li istorik, li antwopolojik. Sa ki vle di, dèyè mo ekriven yo genyen tout yon reyalite, vivasyon tout yon pèp, rèv, vizyon tout yon sosyete k’ape pran chè.
Annou imajenen. Imajinen yon monman, anviwon yon senkantèn moùn deplase gwo midi, nan Bibliyotèk Nasyonal, pou vin tande pale de liv. Imajinen, yon chita koze ak plis pase desan etidyan, nan Lise Toussaint LOuverture, pou pale de kilti. Imajinen yon ti demwazèl, nan kolèj Saint Thérèse de l’enfant Jésus, ki leve pou mande si Près Nasyonal pre pou aksepte pibliye-li si li ta pote maniskri-li ba yo. Imajinen ! Imajinen ! Kidonk reyalizasyon Antre Literè 2008, Près Nasyonal la, se divès pidetwal ki lanse. Se yon bonm aretadman ki eklate tankou yon fedatifis sou chimen lakreyasyon. Se yon revelasyon ki pwouve tout fòs lanmou pou lanng genyen. Se pouvwa ki reveye imajinè debride ekriven-li yo, pou defini monn k’ape dòmi reve andan yo a. Se pousa jodi a, mwen plezire gagari fyète-mwen gòj deboutonnen, pou savaloure demach Près Nasyonal D’ayiti a, epi pou di Edisyon Près Nasyonal la ansanm ak tout patisipan yo, Ayibobo !
Monreyal, Janv. 2009
[1] Manm Sosyete Koukouy
Seksyon Kanada
mannoejen@yahoo.ca
[2] Larèl lide. Lide mantal, fason yon ide, yon pwojè, yon bagay pran fòm nan lespri a
[3] Ekritasyon. Mo fòme apati de ekriti. n. Espresyon atistik. Mannyè yon lang anplwaye pou tradui yon sistèm valè, fason yon powèt, yon ekriven esprime santiman-li, tradui panse-li.