Deklarasyon Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH)
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 3 desanm 2008
Nan lokazyon swasantyèm (60ème) anivèsè Deklarasyon Invèsèl Dwa Moun nan (DUDH), 10 desanm 2008 la, Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH) renouvle angajman l ak detèminasyon l pou l kontinye travay pou fè tout moun konnen dwa ak devwa yo epi kapab defann yo, obsève epi denonse tout vye konpòtman otorite nan Leta a ak rès sosyete a k ap pase diyite ak dwa moun anba pye.
Platfòm nan nan kad travay li, kouvri tout kalite dwa moun genyen yo : dwa sivil, politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl, dwa espesifik yo tankou : dwa timoun, dwa Fanm, dwa moun k ap viv avèk yon andikap kèlkonk, dwa migran yo epi gwoup moun ki plis nan sitiyasyon difisil nan peyi a.
Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH) ap raple, li toujou genyen pou bousòl li manman lwa peyi a, enstriman rejyonal ak entènasyonal Leta ayisyen siyen epi ratifye pandan l ap fè sonje tou gouvènman an genyen obligasyon pou respekte tout angajman entènasyonal li pran swa devan òganizasyon Nasyonzini (ONU), oswa devan òganizasyon entèameriken (OEA).
Moun gen dwa pou viv nan diyite jan manman lwa peyi a ak Deklarasyon Invèsèl Dwa Moun nan (DUDH) mande sa. Pèsonn moun ni okenn gouvènman pa dwe pase dwa sa yo anba pye. Se nan sans sa a Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH) ap denonse :
1. Sitiyasyon ekonomik ak sosyal malouk peyi a ap viv lakòz vyolasyon tout kalite dwa pèp la tankou : dwa pou : Travay, jwenn lasante, ledikasyon, enfòmasyon ak fòmasyon, bonjan kay pou rete, dwa pou jwenn pwoteksyon nan men leta ak rès sosyete a, dwa pou tout moun jwenn jistis pou abi ak vyolasyon yo sibi.
2. Pratik neglijans ak mank planifikasyon ki lakòz plis pase de (2) mwa apre pasaj 4 siklòn yo anndan peyi a, viktim yo toujou pa jwenn akonpayman pou pèmèt yo reprann lavi nòmal yo. Jiskounye a moun Gonayiv ap viv nan fatra ak labou.
3. Selon chif ofisyèl yo, gen plis pase (500 000) senk san mil timoun ki gen laj pou al lekòl, men ki rete chita lakay. Lari Pòtoprens ak lòt gwo vil nan peyi a chaje ak timoun, k ap mande, k ap siye machin. Plis pase (200 000) de san mil timoun ap viv kòm restavèk, kote yo prèske redwi yo nan lesklavaj. Gen anpil timoun nan peyi a ki tonbe nan pwostitisyon epi viktim trafik ak trèt moun nan diferan zòn nan peyi a, sitou nan zòn fwontyè a. Sitiyasyon sa yo bay gwo tèt chaje, lè n konsidere timoun se avni yon sosyete.
4. Sitiyasyon lavi chè nan peyi a vin mete apse sou klou kote dwa pou moun manje byen pa respekte. Platfòm nan ap fè Madan Michèle Pierre-Louis sonje manifestasyon lari mwa avril 2008 yo te gen kòm gwo revandikasyon desann pri pwodwi moun sèvi chak jou yo. Jis jounen jodi a non sèlman lavi a vin pi chè, men tou moun ap mouri grangou nan kèk kote nan peyi a, patikilyèman nan Bè Oranje kote timoun yo ap mouri anba grangou ak malnitrisyon. Pwobèm grangou sa a ki se rezilta neglijans ak move jesyon Leta a men anmenm tan tou li se vyolasyon grav dwa moun. Konstitisyon 1987 la nan atik 22 li garanti dwa sa a.
Yon lòt kote Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH) ap di gouvènman an kesyon sekirite piblik pa dwe yon jwèt. Li pa nòmal pou lekòl ap tonbe sou timoun k al pran pen ledikasyon, pandan Leta santral ak otorite lokal gen estrikti enspeksyon eskolè ak jeni minisipal. Li pa nòmal tou pou timoun pral lekòl ak zam, epi tire sou kamarad li jiskaske li touye l.
Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo (POHDH) apresye jefò gouvènman sa a ap fè pou eseye entegre nan sosyete kòm sa dwa moun k ap viv ak yon andikap fizik kèlkonk. Nan okazyon jounen entènasyonal andikape yo, Platfòm nan ap fè tout moun k ap viv ak yon andikap nan kò yo, oubyen nan lespri yo konnen l ap pote kole ak yo pou tout dwa yo rive respekte jan konvansyon Oganizasyon Entèameriken ak Konstitisyon peyi a vle sa.
Nan lide pou pote koreksyon ak pran mezi ki nesesè, Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap defann Dwa Moun yo ap fè rekòmandasyon sa yo:
Pou palman ayisyen an ratifye pak entènasyonal sou dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo;
Pou gouvènman an pran tout mezi ki nesesè pou pèmèt tout sitwayen ak sitwayèn jwi dwa ekonomik ak sosyal yo kòmsadwa;
Defini nouvèl lwa òganik pou ministè afè sosyal, minitè Lajistis, ministè anviwonman ak ministè Edikasyon Nasyonal pou sèvis y ap bay kapab kòlte ak reyalite popilasyon an;
Pran tout mezi ki nesesè nan kad yon plan nasyonal sekirite pou pwoteje tout moun nan peyi a, patikilyèman timoun yo, moun andikape, vyeya ak fanm ansent;
Defini yon politik pou pwoteje anviwonman ak basen vèsan yo nan peyi a.
Antonal MORTIMÉ
Sekretè Egzekitif POHDH