<

Che Guevara : yon modèl pou tout pwogresis sou latè

Mouvman demokratik popilè (Modep), Tèt kole ti peyizan ayisyen, Chandèl

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 8 oktòb 2008

Chapo ba pou Che!

Jounen 9 oktòb 2008 la fè ekzakteman 41 lane depi yon pye mapou tonbe.

Pye mapou sa a, ki te reprezante yon poto mitan nan konbat katastwòf politik ak ekonomik sistèm kapitalis la ap fè sou latè, pote non Che Guevara.

Pou koupe pye mapou sa a, ki te reprezante yon menas devan awogans ak dominasyon enperyalis meriken sou Amerik la ak sou rès mond lan, CIA ak lame Bolivi nan moman an te konplote pou etenn souf li, nan dat 9 oktòb 1967. Lame Bolivi a ak CIA te komèt gwo krim sa a pou te touye rèv Che te gen nan tèt li, ki se batay kont eksplwatasyon moun rich yo ap fè sou moun yo rann pòv yo, epi batay kont dominasyon gwo peyi rich ap fè sou ti peyi pòv yo.

Men, menm si Che mouri, rèv li yo pa mouri

Rèv Che yo ap fè chimen yo nan batay mas pèp, nan divès peyi sou latè, kontinye ap fè kont dominasyon, eksplwatasyon ak mondyalizasyon neyoliberal la k ap donnen plis mizè, chomaj ak ensekirite sou latè.

Sa ki lakòz jounen jodi a, anplis peyi pòv yo, menm sèten peyi rich gen kè sou biskèt chak fwa gen katastwòf natirèl ki vin ajoute sou dega katastwòf politik ak ekonomik kapitalis la deja ap fè sou latè.

Jounen jodi a, peyi rich yo blije ap nasyonalize antrepriz prive k ap fè fayit. Alòske, dirijan restavèk nan peyi pòv yo, k ap aplike politik FMI ak Bank Mondyal nan enterè kapitalis la ak miltinasyonal yo, kontinye tèt bese ap aplike politik remèd chwal sa a.

Kiba, yon kote rèv Che yo ap fè chimen yo, se peyi ki gen pi gwo kapasite sou latè nan jere katastwòf natirèl. Menm enstitisyon entènasyonal ki osèvis enperyalis meriken tankou LONI oblije rekonèt sa.

Kiba pa sèl peyi kote rèv Che yo ap vanse. Batay pèp Venezyelyen an ap mennen pou tabli sosyalis la lakay yo, jefò k ap fèt nan Bolivi, Ekwatè ak nan divès lòt peyi nan kontinan an, se anpil prèv ki montre aklè gen anpil jefò k ap fèt pou rèv Che yo kontinye rete vivan.

Ki kote nou ye ann Ayiti ak rèv Che yo ?

Nan peyi Dayiti, 41 lane anivèsè lanmò Che Guevara vin jwenn nou nan yon sitirasyon mizè grenn kraze, nan chomaj ak nan dezespwa.

Jounen jodi a, peyi a vin pi frajil, tèlman politik neyoliberal ki t ap aplike sou gouvènman pase yo e ki kontinye aplike toujou (CCI, DSNCRP), mete nou ajenou.

Anivèsè lanmò Che a vin jwenn nou tou, anba grif ak bòt militè peyi etranje. Yon okipasyon san non k ap deplòtonnen anba chapo LONI. Okipasyon sa a jounen jodi a, se yon souflèt pou tout òganizasyon ak konbatan k ap travay pou rèv Che yo boujonnen nan peyi a.

Nan sans sa a, noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a e ki toujou kwè nan rèv Che yo, nou kwè li nesesè pou tout òganizasyon ak konbatan pwogresis makònen fòs yo ansanm, akonpaye mas yo nan batay pou wete peyi a nan twou san fon li ye a.

Pou nou kontinye batay sa a, li enpòtan pou nou suiv, non sèlman chimen Che te trase a, men tou nou dwe suiv wout divès lòt konbatan tankou Desalin, Chalmay Peralt, Akawo ak Benwa Batravil te trase kite pou nou.

Nou dwe kontinye batay kont fòs okipasyon an ak tout moun k ap kore l andedan kou andeyò deyò peyi a.

Tout òganizasyon konsekan ak konbatan pwogresis dwe batay pou wete peyi a anba dominasyon peyi rich yo, FMI, Bank Mondyal, OMC, gwo antrepriz miltinasyonal yo ak dirijan restavèk ki toujou pare pou aplike tèt bese tout politik antipopilè k ap rann peyi a pi pòv, pi frajil.

Nou dwe batay kont tout politik antipopilè ak tout ajan k ap pote yo, jouk nou rive tabli yon lòt kalte sosyete, yon sosyete sosyalis kote gen respè pou moun ak pou anviwonnman an, yon sosyete sosyalis kote resous ak richès ki nan peyi a pa osèvis klas moun k ap eksplwate yo, men pito osèvis mas yo.

VIV RÈV CHE YO! VIV YON PEYI GRANMOUN!

ABA TOUT TRÈT KI KONTINYE AP TOUYE REV CHE AK DESALIN YO !

Pou MODEP, Nixon Boumba

Tèt Kole Ti Peyizan ayisyen, Rosnel Jean-Baptiste

CHANDEL, Léonel Mortimé