Ti chèz ba

Ayiti/Siklòn : Abse sou klou


mardi 16 septembre 2008

Pozisyon plizyè enstitisyon ak òganizasyon sou sitiyasyon
Pèp Ayisyen ap viv aprè siklòn Fay, Gustav, Hanna, Ike

Deklarasyon sa a vin jwenn AlterPresse 15 sepatanm 2008

Òganizasyon ki siyen nòt sa salye memwa tout moun ki pèdi lavi yo pandan pasaj 4 siklòn yo ki frape 10 Depatman peyi a. Nou pote solidarite nou ak fanmi viktim yo epi ak tout popilasyon an ki frape anba konsekans 4 siklòn sa yo.

Kijan sitiyasyon an ye jodi a ?

Depi kèk tan, peyi Dayiti ap viv yon gwo moman dezolasyon ak dezespwa ki vin agrave ak peryòd siklòn yo pou lane 2008 la. Aprè pasaj 4 siklòn yo, Fay, Gustav, Hanna ak Ike, nou poko bouke konte kantite kadav, moun ki deplase, ti moun ki lage san paran, moun ki disparèt, epi evalye gwo defisi ekonomik peyi a konnen nan moman sa a.

Nan prèske tout kwen peyi a, nou jwenn yon valè tè anba dlo, anpil mòn ki glise desann, kantite tòn tè ki ale nan lanmè, anpil pye bwa ki rache, pifò jaden devaste, anpil zannimo ale nan dlo, anpil kay kouvri ak dlo epi yon latriye lòt kraze, san nou pa bliye yon latriye pon dlo bwote ale ki lakòz anpil wout prensipal ak segondè yo nan peyi a koupe.

Jounen jodi a, nou jwenn anpil fanmi lavil tankou nan mòn lage 2 bra pandye. Se yon sitiyasyon abse sou klou, paske ekonomi peyi a te deja pran gwo kou anba desizyon politik Leta Ayisyen ki marande ak politik Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Bank Mondyal (BM), Bank Entèamerikèn Devlòpman (BID), Oganizasyon Mondyal Komès (OMC), Ajans Ameriken pou Devlòpman Entènasyonal (USAID), elatriye. Se politik medsin chwal enstitisyon entènasyonal sa yo ak move politik Leta Ayisyen ki lakòz katastwòf yo vin pi grav epi lage peyi a san repondong. Leta rive nan yon sitiyasyon kote li pèdi otorite l, li pa ka reponn ak pwoblèm yo, li pa ka jere espas teritwa peyi a ni nan tan nòmal, ni nan tan katastwòf. Li pa bay tèt li zouti ni pou l jere, ni pou l òganize, ni pou l prevwa anyen. Li pa menm kapab sèvi nan bon kondisyon ak resous nasyonal yo li gen nan men l.

Yonn nan rezon ki lakòz siklòn yo frape peyi a pi di toujou, se degradasyon anviwonman an. Degradasyon sila a, se rezilta chwa ekonomik, sosyal, kiltirèl ak politik klas dominant yo, se yon chwa ki tabli yon move sistèm repatisyon richès, ki gaspiye resous peyi epi ki pèmèt yon ti ponyen ap ranmase milyon ven. Se konsa, lè nou gade jesyon ki fèt nan sistèm agrikilti a, nou wè peyizan yo gen difikilte pou jwenn bon tè pou yo travay, yo sètoblije geri bosko yo nan mòn pou wè si ya kiltive yon ti manje pou mete nan bouch fanmi yo, pandan se yo menm tou k ap kenbe ekonomi peyi a.

Lòt ekzanp toujou, peyi a ap travèse yon kriz enèji depi kèk tan. Leta pa janm ka regle pwoblèm sa a ki tounen yon frèt kach nan kò popilasyon an. Konsomasyon bwa nan peyi a ap ogmante chak jou pi plis, nou jwenn boulanje, dray, bwa pou kofraj epi chabon k ap fè presyon sou anviwònman an, pandan tan sa a pa gen anyen ki fèt pou jwenn lòt sous enèji ak pou ogmante pwodiksyon bwa nan peyi a. Ni tou, pa janm gen okenn politik pou rebwaze peyi a, ni pwoteje anviwonman. Absans politik leta ki pa janm panche seryezman sou kesyon kay pou moun viv ak pwoblèm moun k ap gonfle nan vil yo, lakòz popilasyon an bati nenpòt kouman, bidonvil ap donnen kou djyondyon

Sitiyasyon tèt chaje n ap viv jounen jodi a rive nan yon moman difisil kote peyi a te deja anba yon gwo kriz lavi chè ak lamanjay. Sa ki bay plis kè sote, estrikti sekou yo anpil fwa pa sifi e souvan yo pa janm rive touche moun ki plis viktim yo. Kanta sa ki rive jwenn yon kichòy, se avèk anpil imilyasyon yo rive rache yon bagay pou yo manje. Jodi a nou wè anpil nan viktim yo fin sove anba dlo epi grangou ap touye yo aprè.

Ki sa ki dwe fèt ? Kisa nou ka fè ?

Devan sitiyasyon tèt chaje sa a, fò n fini ak solisyon kole pyese. Se aksyon konsekan nan yon mobilizasyon manch long k ap pèmèt peyi a sòti nan twou li ye la a. Nou menm enstitisyon dwa moun ak òganizasyon pwogresis ki siyen nòt sa a, nan yon solidarite nètalkole avèk viktim yo, nou tabli yon estrikti pwovizwa pou :

- Sèvi medyasyon ant kominote peyizan ki viktim ak responsab Leta plis ONG yo, nan bay enfòmasyon yon fason pou dwa viktim yo genyen pou jwenn èd rive satisfè.
- Tabli bilan dega siklòn yo nan zòn n ap travay epi akonpaye kominote sa yo pou yo rive rale yon souf nan sitiyasyon difisil jounen jodi a

Yon lòt bò, n ap rapousuiv batay pou Leta pran bonjan mezi pou atake rasin pwoblèm yo nan :

- Tabli yon bon jan refòm agrè jan Konstitisyon peyi a ekzije sa
- Defini aklè zòn pou agrikilti, zòn pou konstriksyon, zòn pou forè eksplwatasyon bwa, zòn pou forè konsèvasyon bwa
- Garanti dwa granmoun peyi a nan lamanjay
- Diminye presyon ekonomik sou resous natirèl yo epi rive jwenn, kontwole ak sibvansyone lòt sous enèji nan peyi a
- Ogmante pwodiksyon bwa pou konsomasyon nan peyi a
- Kanpe sou pèman 5 milyon dola vèt pou sèvis dèt nan mwa septanm lan epi ajoute lajan sila a sou sèlman 51 milyon goud Leta dekese pou dega siklòn yo
- Mande Leta kanpe nan peye dèt ekstèn epi pran lajan sa yo pou finanse pi devan rekonstriksyon anviwònman fizik, ekonomik ak sosyal peyi a.

Enstitisyon ak òganizasyon ki siyen :

1- Platfòm Oganizasyon Ayisyen k ap Defanm Dwa Moun yo (POHDH)

2- Platfòm Ayisyen k ap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA)

3- Enstiti Kiltirèl Karl Leveque ( ICKL)

4- Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA)

5- Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS)

6- Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA)

7- Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)

8- Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK)

9- Pwogram Altènativ Jistis (PAJ)

10- Solidarite Ant Jèn (SAJ/VEYE YO)

11- Mouvman Peyizan Papaye (MPP)

12- CHANDEL (Oganizasyon Popilè pou Edikasyon Popilè)

13- Sèvis Ekimenik pou Devlopman ak Edikasyon Popilè (SEDEP)

14- Gwoup Apwi Teknik an Animasyon Pedagojik (GATAP)

15- Antèn Nòdwès

16- Fonds International pour le Développement Economique et Social (FIDES)

Pou otantifikasyon :

Camille CHALMERS : Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA)

Antonal MORTIMÉ : Platfòm Oganizasyon Ayisyen kap Defanm Dwa Moun (POHDH)