Kominike Kolektif Ti Peyizan Ayisyen (KOTPA)
Dokiman sa vin jwenn AlterPresse 17 jiyè 2008
Kolektif la aprann ak anpil endiyasyon kanpay denigreman yon bann lach ki kache dèyè Entènèt pou jete vèni sou madam Michèl Divivye Pyèlwi depi prezidan peyi a prezante l devan palman an pou ratifye li kòm nouvo Premye Minis peyi a.
Legliz kouri foure bouch nan koze a pou di Labib kondane omoseksyalite kòmsi depi yon koze ap sikile sou Entènèt se laverite. Nan prese pou bay leson moral, yo bliye tou se Labib ki di tou anvan ou mande vwa zen ou pou l wete ti pay ki nan je li, fòk ou wete gwo pyebwa ki nan je pa w la.
Palmantè pèp la prete dwa granmoun li pou deside sa k ap bon pou peyi kache dèyè pozisyon Legliz pou kontinye bay rimè sa yo jarèt. Sa montre nou byen klè palmantè yo, kit yo fanm, kit yo se gason pa genyen lòt kritè pou evalye yon fanm : se kesyon sèks la. Sanble sa pa enterese yo si madan Pyèlwi se yon fanm ki byen prepare, ki konen teren an byen sa vle di ki gen konpetans ak eksperyans pou jwe wòl Premye Minis la.
Listwa aprann nou depi se yon fanm ki chwazi pou yon pòs enpòtan nan peyi a, toujou genyen yon bann vye bri y ap fè kouri sou li. Poukisa, lè se yon gason yo pa janm poze kesyon sou moralite li tankou si li se yon masisi, si li genyen fanm deyò, si li gen pitit li pa okipe, si li konn bat madanm li, elatriye.
Palman an chita sou kesyon sèks pou poze pwoblèm moralite, epi ki moralite atò !
Eske pa gen pwoblèm moralite lè yon latriye palmantè ki pa janm ale lachanm pou fè travay pèp la te voye yo fè al touche chèk yo chak mwa pandan twa ka nan popilasyon an ap viv nan malsite akoz pwodui premye nesesite yo k ap monte chak jou pi plis ?
Eske pa gen pwoblèm moralite lè palmantè yo chita sou blòk glas yo pandan sitiyasyon ki te fè pèp la pran lari nan mwa avril pase a vin pi mal jounen jodi a ?
Eske pa gen pwoblèm moralite lè yon lis ki te prepare pou pibliye non tout depite ki pa janm ale nan seyans yo disparèt kou yon kout zeklè ?
Eske pa gen pwoblèm moralite lè depite ap rale zam sou lòt nan Palman alòske wòl yo se diskite tankou moun sivilize menm lè yo gen pozisyon ki diferan ?
Pa gen sosyete ki ka fonksyone san moralite. Nou tout dakò sou sa. Men kesyon moralite a dwe poze nan tout domèn epi dwe gen menm kritè pou evalye moralite ni fanm ni gason.
Manman Lwa Peyi a fikse tout kondisyon pou yon moun vin Premye Minis, depi madan Michèl Divivye Pyèlwi ranpli kondisyon sa yo se pou palmantè yo ratifye li kòm sa dwa epi san pèdi tan.
Politik dwe fèt yon lòt jan nan peyi a epi koze moralite a konsène politik tou.
Pou Kolektif la :
Ronel Joseph - Solidarite Peyizan Ayisyen (SPA)
Dorelus Jean Emmanuel - Konbit pou Defann Entere Peyizan (KODEP)
Elicia Estiverne - Gwoup Fanm Toya (GFT)
Volny Remercilien - Peyizan Ann Mache Ansanmm (PAMA)
Merandieu Seus - Mouvman Peyizan San Te (MPST)
Rosilia Estime - Fanm Peyizan Kenbe Fem (FPKF)
Volime Ranfort - Kole Men Peyizan Ayisyen (KMPA)
Melina Senord - Fanm Peyizan Se Wozo (FPSW)
Merisier Francois - Rele Deye Zot Peyizan Ayisyen (RDZPA)
Filistin Francois – Fos pou Defann Dwa Peyizan Ayisyen (FDDPA)
Paul Andre Garconet – Kodinasyon Rezistans pou Defann Entere Pep Latibonit (KOREDEPLA)
Roland Fleurisma - Mouvman pou Inite Ti Peyizan Ayisyen (MITPA)