Lèt tou louvri Mouvman Demokratik Popilè (MODEP), Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, (TK Nasyonal) Oganizasyon Popilè pou Edikasyon Popilè CHANDEL, pou palmantè ki nan 48e lejislati a
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 7 jiyè 2008
Onorab senatè ak depite,
Nou, diferan òganizasyon ki siyen lèt sa a, nou wete chapo nou byen ba pou nou salye tout senatè ak depite ki nan 48e lejislati a. Nou ekri palman an lèt sa a, nan sousi pou nou fè konnen pozisyon nou sou kriz k ap brase bil peyi Dayiti jounen jodi a epi tou pou fè kèk pwopozisyon sou desizyon ki dwe pran pou atake pwoblèm grangou, mizè ak chomaj k ap brase bil pifò moun nan sosyete a.
Onorab senatè ak depite,
Sa fè plis pase 20 lane depi peyi a plonje nan yon kokenn chenn kriz san bout. Pifò moun rekònèt sitiyasyon n ap viv jounen jodi a, se rezilta aplikasyon politik neyoliberal yo. Nou tout konnen ki kantite dega politik sa a fè nan yon bann peyi nan tout amerik latin nan. Menm pwofèt neyoliberal yo oblije rekonèt sa. Nan diskou li te pwononse nan dat 9 avril, nan moman leve kanpe yo, prezidan Preval te di ak pwòp bouch li, sa k ap pase a se rezilta yon politik k ap aplike nan peyi a depi anviwon 20 lane. Sa vle di, menm prezidan Preval k ap bay pèp la bwè remèd chwal la menm jan ak gouvènman ki pase yo, konnen byen se yon remèd lanmò l ap bay pèp la bwè. Se poutèt sa nou kwè senatè ak depite ki nan 48e lan, si n ap travay tout bon pou defann enterè mas moun yo rann pi pòv yo, nou dwe bare tout politik lanmò k ap manniganse anba rimòt kontwòl kominote entènasyonal la ak enstitisyon finansye yo. Konsa, listwa ap rekonèt nou kòm moun ki kontribiye nan konbat politik neyoliberal la k ap woule kawotyoul sou lestomak moun ki pi pòv yo.
Nou te kontan tande kouman sèten palmantè te pwononse yo kont Erik Pyè poutèt li se yon pwofèt neyoliberal. Menm si pozisyon anti neyoliberal sa a pa rive travèse tout palman an, nou kwè se yon bon bagay si sèten palmantè ta bay tèt yo misyon pou goumen kont politik FMI, BID ak Bank Mondyal yo ki espesyalize nan pwodui mizè, chomaj, ensekirite ak lanmò. Se nan sans sa a nou ekri palman an pou mande palmantè yo, voye jete nan poubèl tout politik jeneral ki ta konstui ak resèt neyoliberal yo. Nan sans sa a, DSNCRP a ki se yon dokiman ki konstui nan kad nouvèl apwòch enstitisyon finansye entènasyonal yo, pa kapab sèvi kòm baz pou tabli yon pwogram ki vize rezoud pwoblèm mizè, chomaj ki gen nan peyi a jounen jodi a. Pwogram sa a ki tabli anba bagèt FMI ak Bank Mondyal, se pitit vant politik neyoliberal yo, se yon politik ajisteman estriktirèl revize, korije.
Noumenm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou kwè sitiyasyon peyi a ap viv jounen jodi a mande anpil kouraj ak detèminasyon si nou vle sèvi tout bon enterè mas moun yo fè tounen pòv yo. Zafè mache tèt bese devan mouche enperyalis ak enstitisyon finansye entènasyonal yo dwe fini. Sitiyasyon n ap viv jounen jodi a mande yon veritab politik devlopman nasyonal ki chita sou enterè fondalnatal peyi a ak mas moun ki pi defavorize yo. Yon kalite politik konsa mande pou dirijan nou yo :
1) Fè bak sou aplikasyon politik neyoliberal yo k ap woule sou lestomak mas moun ki pi pòv yo epi k ap pote plis lanmò, mizè ak ensekirite nan peyi a
2) Sispann peye dèt FMI ak Bank Mondyal yo, sèvi ak lajan sa a pou atake pwoblèm agrikilti, edikasyon ak sante nan peyi a. Pandan n ap peye dèt ak lajan taks pèp la, moun ap mouri nan lopital piblik yo akoz mwayen ki pa genyen pou pran swen malad yo. Si peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo ap ede nou tout bon, nou kwè yo ta dwe dakò ak yon demach konsa.
3) Tabli nan peyi a yon kokenn chenn refòm agrè kote se peyizan k ap travay tè a ki gen kontwòl tè a. Tè yo pa dwe anba ponyèt grandon k ap banboche sou do travayè peyizan yo k ap bourike
4) Bay peyizan yo bonjan ankadreman teknik ak finansye pou yo travay tè a nan bon kondisyon. Konsa, Ayiti ap pwodui manje pou pitit li yo manje
5) Relouvri tout fèm agrikòl yo jan jèn agwonòm ak etidyan agwonomi yo te deja mande sa
5) Mete kontwòl epi tabli plis taks sou tout pwodui etranje k ap rantre nan peyi a epi k ap patisipe nan detui pwodiksyon nasyonal la, anpatikilye pwodiksyon agrikòl la
6) Tabli magazen leta ( sèvis apwovizyonnman, dekrè oktòb 1989 ) nan tout peyi a yon fason pou konsomatè yo sitou moun ki pi pòv yo kapab achte pwodui premye nesesite yo nan yon pri ki pi ba pase pri ki sou mache a
7) Kontwole maj benefis sektè prive a ap fè sou pwodui premye nesesite yo pou popilasyon an ka rale yon souf anba lavichè a
8) Retire sou kantite taks leta pran sou gaz la ak sou kantite benefis operatè prive yo ap fè sou gaz la. Nan menm kad sa a, gouvènman an dwe bay popilasyon an bonjan enfòmasyon sou jan jesyon akò PetroCaribe a ap fèt
9) Sibvansyone nan wotè 50% gaz pwopàn ak kewozèn nan yon fason pou pwoteje anviwonnman an epi pèmèt moun ki pa gen kouran, ki blije ap boule gaz nan lanp tèt gridap yo, rale yon souf anba pri gaz kewozèn nan.
10) Pran kontwòl jesyon rantre lajan k ap soti nan diaspora a, nan plas bank ak mezon transfè yo yon fason pou leta ka rantre plis kòb pou bay popilasyon an sèvis epi tire sa li pèdi sou gaz la
11) Travay pou entegre Ayiti nan pwogram Alba a yon fason pou Ayiti kapab tire plis avantaj nan pwogram sa a.
Nan lespri tout palmantè yo ap konprann demach nou an epi fè jefò pou pwopozisyon nou fè yo rive entegre politik jeneral kelkeswa gouvènman k ap vini an, nou salye tout senatè ak depite ki nan 48e nan, nan non patri a.
N.B : ansanm ak lèt la, n ap jwenn yon kopi dekrè sou “Sèvis apwovizyonnman an” (magazen leta a).
Kopi konfòm pou : CPP, premye minis deziye a ak pou laprès.
Pou
MODEP : Guy NUMA
Tèt Kole : Rosnel JEAN BAPTISTE
CHANDEL : Milouse JOSEPH