Pozisyon Kodinasyon Nasyonal pou Plede Koz Fanm yo (KONAP) sou Chwa Michèle Duvivier Pierre-Louis kòm Premyè Minis
Kominike sa a vin jwenn AlterPresse 2 jiyè 2008
Depi plis pase 2 mwa Senatè yo mete Premye Minis Alexis atè sou baz lavichè ak grangou. Mouvman fanm nan konstate, Prezidan René Garcia Preval, jan Konstitisyon an prevwa l, chwazi 2 moun deja, palmantè yo sitou sa ki nan gwoup CPP yo pa ratifye yo, pandan popilasyon an ap kontinye trimen anba grangou ak lavichè.
Depi plis pase yon semèn Prezidan Preval chwazi yon nouvo premye minis, yon fanm, Madam Michele Duvivier Pierre Louis, palmantè yo menm jan ak blòk CPP yo chita sou blòk glas yo, yo pa fè okenn dilijans pou envite premye minis deziye a vin depoze pyès li
Nan KONAP, nou konstate kèk palmantè, san yo poko menm analize dosye premye minis deziye a, ap fè tout kalte entèvansyon. Ladan yo nou kenbe de (2) koze ki repete pi plis. Premye a se kesyon politik yo, dezyèm nan se kesyon moral.
Eske sa ta vle di Palmantè ki t ap fè konprann konstitisyon an se bousòl yo ayè, lè yo te sèvi ak atik 157 la, pou yo refize 2 premye minis ki te deziye yo, jodi a, yo pare pou mete l sou kote pou rezoud pwoblèm politik yo genyen ? Kesyon politik la ki sa l ye ? Eske se separasyon gato a pou jwenn pòs ministeryèl ak lòt pòs, pou jwenn plis ouvèti pou fè lajan, pou garanti pouvwa yo pi devan ?.
Sou kesyon moralite a, de ki moralite y ap pale ? eske se touche sou lajan taks pèp la pandan, pifò tan, y ap fè politik chèz vid, monte desann nan peyi etranje pou jwenn pèdiyèm, gaspiye lajan pèp la nan lwe machin, swadizan achte kawotchou, rale zam tire youn sou lòt, kase fèy kouvri sa sou dosye koripsyon ak dwòg ?Eske pawòl moralite Senatè Lambert ak lòt, ap pale a se pa yon paravan pou kache vre pwoblèm yo ?
Ki fè la a, peyi a bloke depi 2 mwa, pèp la pa kab jwenn sèvis, lavichè ap depafini ak nou, vin jwenn pri gaz monte 17 wotè. Pèp la pa gen yon gouvènman pou l adrese revandikasyon li yo pandanstan chak ti grenn palmantè ap defann ti enterè pesonèl yo ! Yo pa we enterè kolektif la.
Si nou dakò Palman an gen yon pouvwa kontwòl, nou rete kwè palmantè yo pa dwe sèvi ak pouvwa sa a pou bloke peyi a.
Nan KONAP, nou konstate, chak fwa yon fanm an pozisyon pou okipe gwo fonksyon nan gouvènay peyi a, toujou gen yon seri gwoup moun ki bande alaryè pou okestre kanpay difamasyon kont yo. Lè konsa, machin machis la pran vitès siperyè, yo kite tout valè etik dèyè pou atake fanm yo nan kò yo, nan sèks yo, nan chwa yo fè, san konsidere istwa politik fanm yo ak konkenn chenn kontribisyon yo pote nan konstriksyon peyi a.
Nan ka Madam Michele Duvivier Pierre Louis, Premye minis deziye, nou konseye palmantè yo pou yo gade sa l fè deja, konsidere sa l kapab pote pou peyi a, chita sou pawòl li di, lè li deklare
« Mon horizon, c’est mon pays ». Yon pawòl ki montre li vle pran angajman ak reponsablite l pou l sèvi peyi li.
Nan KONAP, nou rete kwè, Madam Michele Duvivier Pierre Louis genyen konpetans ak kalifikasyon ki reponn ak pwofil premye minis la. Konsa, sou prensip batay n ap mennen pou fanm yo prezan nan espas kote desizyon ap pran pou peyi a, nou mande palmantè yo pran responsabilite yo pou yo trete dosye Madame Duvivier Pierre Louis san diskriminasyon, san prejije, nan respè ak nan larègdwatèt sivan konstitisyon an exije pou yon sitwayen oswa yon sitwayèn okipe fonksyon Premye minis la.
KONAP, ankouraje popilasyon an rete je louvri, pou nou pa pran nanna pou Sizàn. Pou nou rete vijilan yon fason pou n kapab fè diferans lè se koze politik k ap regle nan enterè popilasyon an, ak lè se gaye pay k ap fèt, nan tout voum se do pou regle zafè enterè yon ti gwoup moun. KONAP mande òganizasyon nan mouvman sosyal yo, pou rete mobilize sou labanyè revandikasyon nou, pou nou jwe wòl nou kòm sitwayen ak sitwayèn, nan rekonstriksyon peyi nou.
Pou Komite Kòdinasyon KONAP :
Olga Benoit
Jesi Chancy-Manigat
Magalie Marcelin
Guyrleine Justin
Marie Ange Noel