Lèt tou louvri Mouvman Demokratik Popilè (MODEP),
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK),
ak òganizasyon Chandèl pou direktè TNH la, Mesye Pradel Henriquez,
sou piblisite k ap fèt nan Televizyon Leta a (TNH) pou diri Tchako ak diri Mega
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 13 jen 2008
Pòtoprens, jou ki madi 10 jen 2008,
Pradel Henriquez
Direktè TNH
Mesye,
Noumenm òganizasyon ki mete non nou anba lèt sa a, nou ekri w direktè Henriquez pou nou di w kijan nou estomake lè nou wè Televizyon Nasyonal Dayiti k ap fè piblisite pou diri Tchako ak diri Mega. Nan plizyè diskou Prezidan Preval pwononse devan laprès, li toujou di pouvwa li a bay pwodiksyon nasyonal la anpil enpòtans. Apre dènye leve kanpe ki sot fèt nan tout peyi a kont grangou ak politik neyoliberal yo, prezidan an toujou fè konnen se pwodiksyon nasyonal la ki remèd la. Noumenm tou, nou panse pwodiskyon nasyonal la se yon pyon enpòtan nan rezoud pwoblèm grangou ak mizè nan peyi a. Men anreyalite, prezidan an poko janm pran okenn mezi reyèl ki montre li vle ale nan sans sa a. Okontrè, nou konstate lavichè a chak jou pi plis ap vin pi rèd nan dengonn mas yo.
Pandanstan, nou konstate Televizyon Nasyonal ap fè egzakteman lekontrè ak pawòl pwodiksyon nasyonal prezidan an ap pale a. Televizyon an plis enterese nan pote kontribisyon pa li nan kraze pwodiksyon diri nan peyi a, lè l chwazi fè piblisite pou diri Tchako ak Mega. Eske sa vle di direksyon Televizyon an pa bay pawòl prezidan an okenn enpòtans ? Oubyen eske dirijan ki nan Televizyon an deja konnen pawòl prezidan an se demagoji, pawòl blòf ?. Nou te ka poze divès kalite kesyon men, nou rete ak 2 kesyon sa yo sèlman.
Pou noumenm òganizasyon ki nan kan pèp la epi ki kwè tout bon nan zafè pwodiksyon nasyonal la, nou kwè pratik sa a k ap devlope nan TNH depi plizyè ane, se yon pratik malonèt ki depaman ak tout politik ki vle ranfòse dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay. N ap raple pou tout ekip k ap dirije TNH la, Televizyon an se lajan taks pèp la k ap fè li mache, li pa kapab sèvi rigwaz pou kale peyizan k ap pwodui diri nan peyi a epi k ap peye taks tankou tout sitwayen. Pou tout rezon sa yo, nou mande w mesye Pradel Henriquez, pou pran tout mezi ki nesesè pou kanpe tout piblisite nan TNH, k ap patisipe nan detui pwodiksyon nasyonal la.
N ap pwofite okazyon sa a tou, pou nou mande w louvri espas Televizyon an bay moun k ap pale pawòl ki nan enterè mas yo. Moun k ap pale sou pwoblèm grangou, okipasyon peyi a ak politik neliberal la k ap detui moun ki pi pòv yo epi k ap plonje peyi a nan plis depandans, moun sa yo dwe jwenn plas pou yo di pawòl pa yo nan Televizyon an. Se pa gwo zouzoun k ap fè avoka privatizasyon antrepriz Leta yo ak politik neyoliberal yo ki pou pale sèlman nan Televizyon an.
Mesye direktè Pradel Henriquez, pandan n ap tann ou pran desizyon pou fè Televizyon an tounen yon zouti k ap travay pou ranfòse pwodiksyon nasyonal la, olye l ap detui l, nou salye w nan non zansèt nou yo.
Pou :
Guy Numa
MODEP
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
Rosnel Jean-Baptiste
Milouse Joseph
Chandel
Kopi konfòm pou minis kilti a