Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 2 jen 2008
Twòp Pitit Tè D Ayiti tonbe, fòk sa fini atò : ANDAH kore nèt ale mobilizasyon 4 jen an kont kidnaping
Asosyasyon Nasyonal Agwopwofesyonèl Ayisyen (ANDAH) ankouraje tout moun patisipe nan jounen nasyonal manifestasyon kont kidnaping ki pwograme pou mèkredi 4 jen 2008.
An verite, twòp san koule. Twòp pitit Tè d Ayiti tonbe apre yo sibi anpil mati nan men kidnapè oswa zenglendo. Twòp pitit nou tonbe. Depi anpil lane n ap konte kadav. Nou kite dèy pou n pran lòt dèy.
Farah Kerby Dessources, kriminèl yo manje, se pitit nou tout.
Twa ti zanj Viola Robert yo, kriminèl manje, se pitit nou tout.
Hervil Schneider, kriminèl yo manje, se pitit nou tout.
Aristil Sahens, kriminèl yo manje, se pitit nou tout.
Kareem Xavier Gaspard, yon ti gason sèz (16) lane ki te gen anpil renmen nan kè l epi anpil zetwal nan je l, kriminèl manje epi lage rès la sou pil fatra, se pitit nou tout.
An verite doulè a rèd, soufrans lan anpil.
Pouki tout sakrifis malfezan sa yo ?
Ki moun ki ap pwofite de krim sa yo ?
Twòp pitit peyi d Ayiti sakrifye. Nou santi nou bouke. Nou santi nou pa kapab ankò.
Nan ANDAH, noumenm tou nou di Non : Non pou vyolans, Non pou soufrans.
Nou pa vle pou yon seri kriminèl san fwa ni lwa rapousib travay y ap fè a ki se : kidnape epi touye pitit nou, pitit Tè d Ayiti.
Jèn yo, Timoun yo, se lavni peyi D Ayiti.
Pou tout rezon sa yo, ANDAH deside kore jounen mobilizasyon 4 jen an. Se sa ki fè li mande tout moun, nan kat kwen peyi D Ayiti, pou kanpe, pou rasanble, pou nou di: Twòp san koule, Aba kidnaping, Aba lanmò, Viv Lavi epi pou nou mande Jistis pou tout viktim.
Nan Pòtoprens randevou kase a 9 vè tapan devan legliz Sakrekè Tijo.
ANDAH mande tout moun, espesyalman tout manb li yo pou vin patisipe.
Ayiti malad grav, Ayiti malad nan tèt.
Fòk tout moun vin pote lamenfòt pou n jwenn bout faktori kidnaping sa a, ki ap simen laperèz ak dèy toupatou.
ANDAH mande tout sitwayen vin patisipe nan mobilizasyon 4 jen an pou n chache limyè ansanm, pou n chache wout ki pou pèmèt nou konstwi lavni etan nap pwoteje lavi.
An n bati ansanm yon sosyete kote tout moun se moun, yon sosyete kote tout timoun jwenn manje, kote tout timoun al lekòl.
An n bati yon AYITI kote lavi fleri pou tout Ayisyen ak pou tout Ayisyèn.
Sonje, n ap rasanble mekredi 4 jen pou nou rele ANMWE, pou nou di « Twòp se twòp atò ».
ANDAH ap fè nou sonje yon lòt fwa ankò :
Tout pitit peyi d Ayiti se pitit nou tout. Nou tout gen responsabilite pou nou leve kanpe, pou nou di NON.
Pou Komite Ekzekitif ANDAH,
Stephen William Phelps
Pascal Pecos Lundy