Español English French Kwéyol

Ayiti : 8 demann Chandèl pou kwape grangou, lamizè ak chomaj

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 13 me 2008

13 me 1989 – 13 me 2008, 19 lane batay

Pozisyon sou konjonkti a, nan okazyon 19 lane ekzistans òganizasyon popilè pou edikasyon popilè CHANDEL

Nou sonje, se yon 13 Me 1989 (sa fè deja 19 lane), apre anpil refleksyon sou reyalite peyi a, espesyalman sou pwoblèm edikasyon, yon gwoup jenn fanm ak jenn gason te deside mete sou pye : òganizasyon Popilè pou Edikasyon Popilè (Chandèl).

Nan okazyon komemorasyon 19 lane egzistans Chandèl, n ap raple prensipal wòl òganizasyon an se : Pote revandikasyon fondalnatal mas popilè yo.

Se vre, sou plan taktik, gen yon bann eleman ki varye nan lit la. Men, pa genyen gwo chanjman sou plan estrateji global lit la. Se konsa, pandan 19 lane sa yo, òganizasyon an respekte oryantasyon li te bay tèt li ak liy li te trase pou l suiv nan lit la. Konsa, nou genyen :

- 19 lane rezistans anba rejim diktati militè makout ak rejim popilis yo ;

- 19 lane batay kont sistèm espwatasyon kapitalis sovaj la, kont aplikasyon plan neyoliberal la ak dominasyon enperyalis entènasyonal la ki okipe peyi a 2 fwa nan espas yon dizèn lane.

Malerezaman, jounen jodi a, Ayiti ap travèse yon kriz ki san parèy nan tout listwa nou kòm pèp, kote dirijan antinasyonal yo, boujwa kontrebandye yo, klas politik tradisyonèl la ak enperyalis entènasyonal la mete peyi a ajenou.

Pou noumenm nan Chandèl, « akote kriz grangou a », peyi a ap travèse yon kriz enstitisyonèl, òganizasyonèl ak moun konsekan, yon kriz valè, yon kriz moral ak etik.

Konsta sa a mennen nou poze kesyon sa a : ki kalite sosyete nou kapab bati, ak yon bann fo modèl n ap bay jèn yo ?

Tankou n ap viv sa chak jou, sa dirijan nou yo fè pi byen, se vòl, krim ak koripsyon.

Sitiyasyon sa a vin pi enkyetan, lè nou wè se kriminèl, machann dwòg, kadejakè, kowonpi ak imoral yo ki genyen lavwa ochapit nan yon seri enstitisyon nan peyi a tankou : pati politik tradisyonèl yo, chann sena ak chanm depite a. Epi, moun sa yo genyen pi gwo anbisyon toujou nan lavi politik peyi a.

Sa reprezante yon gwo danje, lè yon seri kriminèl, ki gen lajan nan tout move kondisyon, rive genyen kontwòl tout aparèy politik peyi a.

Kidonk, dra iminite kouvri san enpinite. Noumenm nan Chandèl, nou di « Atansyon » peyi a sou wout pran yon move koub » save yo rele sa « yon vrè deriv ».

Pou frennen mobilizasyon popilè yo kont lamizè, chomaj ak grangou :

- Senatè yo kouri revoke premye minis Jak Edwa Aleksi, yon fidèl neyoliberal, yon bon sèvitè klas dominant yo ak kominote entènasyonal la ;

- Divès gouvènman etranje pwomèt y ap bay manje sinistre pou fèmen bouch moun ki fin mouri anba grangou. Epi yo kontinye fè gouvènman Ayisyen filalang anpil milyon dola ;

- Prezidan Preval pwopoze Erik Pyè kòm nouvo premye minis, chanm sena a ratifye chwa a, chanm depite a voye Erik Pyè retounen al kontinye sèvi zouti pou aplikasyon plan neyoliberal BID, Bank Mondyal, FMI ak gwo peyi enperyalis yo ;

- Gwoup CPP a di (prezidan Preval, men kwa manman w, men kwa papa w, si w kapab fwa sa a, vin kraze chann depite a) Epitou, ant nou menm depite ak senatè, match la (1 a 1).

Lè depite yo rejte Erik Pyè, se yon gwo kalòt marasa yo bay prezidan Preval ak tout konpayèl pati politik tradisyonèl li yo.

Kòm prezidan Preval abitwe jwe jwèt koken, fwa sa a, depite yo montre l yo pi koken pase l. Men tou, fòk mesye dam depite yo pase nostalji Jak Edwa Aleksi a dèyè tèt yo.

Nan sans sa a, nou mande mas popilè yo pa kite mannèv politisyen sa yo demobilize nou.

Nou kapab konstate, pandan y ap fè dilatwa, pandan youn ap bay lòt kout kouto nan do, komèsan yo kontinye ponyade nou nan monte pri pwodwi premye nesesite yo, lavi a vin pi chè, grangou a vin pi rèd, ensekirite ap ogmante, peyi a kontinye desann nan tou pifon.

Noumenm, nan Chandèl, n ap raple pou tout moun nan mas popilè yo, se pa ni revoke ni ranplase premye minis k ap chanje move sitiyasyon lavi nou.

Se yon gwo batay mach long k ap pèmèt nou dechouke kalite gouvènman anti popilè anti nasyonal sa yo. Lè sa a, n ap rive tabli yon vrè Leta Sosyalis kote nou pral viv tankou moun.

Pandan n ap òganize nou pou batay manch long sa a, n ap kontinye mobilize dèyè revandikasyon sa yo, kote nou mande pou : Minista kite peyi Desalin, Jak Woumen ak Jak Stefèn Aleksi a.

Pou Leta :

- Kanpe sou aplikasyon plan neyoliberal la (sispann privatizasyon ak revokasyon anplwaye piblik yo) ;

- Desann pri pwodui premye nesesite yo ;

- Fikse yon barèm benefis pou boujwa yo pa depase ;

- Pran sanksyon kont tout moun ki pa respekte barèm Leta pral fikse yo ;

- Remete magazen Leta yo kanpe nan 10 depatman peyi a ;

- Relouvri tout fèm ki genyen nan peyi a ;

- Fè yon bon jan refòm agrè k ap pèmèt Leta lanse pwodiksyon agrikòl nasyonal la ;

- Sispann mete moun k ap kraze administrasyon piblik yo nan enterè sektè prive a.

Sèl fòs nou se bon jan òganizasyon popilè.

Pou Kòdinasyon Chandèl,

Renel Sanon

Guylande Mesadieu