Pozisyon Komite Otonòm Pwogresis Ayisyen
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 14 avril 2008
Yon lot fwa ankò Preval ak gouvènman li-a, bay mas
popilè yo koutba. Li envite tèt li nan manifestasyon sou
lavichè-a. Yo al chèche-l. Li rele fòs okipasyon yo (k-ap
ranplase lame Ayiti) e polis nasyonal, ki louvri zam sou
manifestan yo. Preval bliye anpil manifestan sa yo te
leve granmaten al depoze bilten vòt pou li. Listwa gen
pou jije-l pou sa. Mas popilè yo pa fouti kenbe anba
grangou koupe trip sa-a. Apre 2 lane yon LESPWA san
pwovizyon, kan popilè-a ap leve kanpe e li vle solisyon
kounye-a menm.
Diskou Preval la montre klèman kouman li sòti pou
pwoteje klas dominan yo : gwo komèsan yo, gwo kapitalis
yo ki se premye responsab kriz ekonomik koryas
sa-a k’ap travèse sosyete-a. Men tou se yo k’ap benefisye
nan jan peyi-a ap mache-a. Depi 50 lane konsa, si se
pa plis, nan kad politik neyoliberal yo-a, yo patisipe nan
kraze ekonomi nasyonal la. Yo touye kochon nou yo.
Ak èd Lavalasyen yo, yo mete, yon anbago sou peyi-a
ki vin fè nou pi depandan toujou, pou jounnen jodi-a,
lò poul pèpè dominiken malad, Ayiti nan ka. Yo enstale
zòn franch sou bitasyon ki te ka kontribye anpil nan kore
agrikilti peyi-a. Preval ak administrasyon li-a sòti pou
pwoteje klas dominan yo ki responsab peyi-a nan sitiyasyon
li ye-a. Se yo ki kriminel. Se yo ki pa konn mizè
men ki kite peyi-a ap depafini nan men yo paske sa nan
avantaj yo. Preval li menm, sou Divalye yo ak sou ONG
yo, te konn ap fè apèl pou nou leve kanpe. Jounnen jodia
li kite nou deyè nan mizè-a. Li chanje kan. E ansanm
ak klas dominan yo, l-ap trete nou kriminèl paske nou
oze kanpe, paske nou oze pran lari paske nou pa ka
kenbe ankò anba grangou klowòks sa-a, e paske nou
oze idantifye vrè kriminèl yo.
Entèvansyon Preval la se tan l-ap achte pou klas dominan
yo. Men li pa enterese ditou, rezoud anyen nan enterè
mas popilè yo, menm yon tipwèlyèm. Sinon li ta
monte salè minimom la. Li ta fè boujwa yo peye aryere,
ki garanti nan konstitisyon-a depi 1987.
Pwoblèm lavichè-a se yon flewo entènasyonal li ye. Yon
pakèt lot frè ak sè nou nan dòt sosyete ap leve kanpe
tou. Etazini li menm, lavichè-a ap frape pòt kay travayè
yo. Semèn pase chofè k’ap transpòte machandiz yo te
ralanti livrezon yo paske yo paka kenbe anko. Pri gaz,
pri manje ap monte bwa. Anpil moun ap pèdi kay yo.
Kapitalis la rantre nan yon kriz ki diminye woulman
kapital finansye-a anpil. E li vin pi difisil jounnen jodi-a
pou yo sòti nan kriz la. Tout mezi leta enperyalis la ap
pran se pou depane kapitalis yo. Menm si eleksyon yo
ka vin jwe yon wòl nan ralanti lit revandikatif yo, men
yo tou pa gen solisyon ki ka pote rezilta ki ale nan enterè
mas popilè ameriken yo. Men nou dwe devlope kapasite
pa nou, pou nan kad eleksyon yo, pou vini ak pwòp
revandikasyon otonòm nou.
Kriz la entènasyonal e li nasyonal. Nou menm imigran ki
nan kan pèp la, nou dwe patisipe nan travay pou konstwi
altènatif pa nou. Se vre nou pwal antre nan lit sa-yo apati
enterè klas nou. Kriz la ap jeneralize li e li pap kite pèson
ki dominen ak eksplwate dèyè. Enterè klas nou pwal detèmine
kouman nou pwal gade kriz ni isit Etazini ni ann
Ayiti, pou sa ki kontinye rete konekte a peyi-a.
Fas a Ayiti, tiboujwa yo, pwal kouri mande mezi ijans.
Yo pwal kouri mande èd imanitè. Yo pwal kouri mande
pou òganis entènasyonal yo voye manje pèpè yo nan
peyi-a. Anfèt, pa ta dwe gen pwoblèm nan kad dezas
natirèl pou yo ede mas popilè yo pran souf nan yon moman
difisil. Men kriz Ayiti-a se yon kriz ekonomik ki
se rezilta politik antinasyonal, antipopilè klas dominan
yo. Mande èd san denonse klas dominan yo, san yo pa
mete douvan revandikasyon popilè yo, san yo pa defini
paramèt pou klas dominan yo fè fas a responsabilite yo,
se depane e sèvi enterè klas dominan yo, objektivman.
Pou nou, sou kote mezi ijans yo, mobilizasyon-an dwe
kontinye. Fòk kan pèp la ranfòse òganizasyon li e kontinye
idantifye e dekante yo fas a kan lenmi-a. Fòk yo
pran endepadans yo e kenbe otonomi yo fas a tout politisyen
opòtinis k’ap eseye fofile nan sen yo pou devye yo.
Lit pou salè minimòm dwe kontinye, lit pou bese lavichè
dwe pran chè nan peyi-a.
Pou nou isit, se vre eksperyans Lavalas yo demobilize
anpil nan nou. Men lavichè-a ak salè nou gen gwo efè
sou vi nou. Nou nan yon peryòd elektoral kote anpil
pwomès ap fèt. Nou dwe sèvi ak moman sa-yo pou nou
patisipe nan konstwi òganizasyon kan pèp ameriken-a
ke nou fè pati de li.
Viv lit pèp travayè tou pa tou !