Español English French Kwéyol

Ayiti-Kriz : Fakilte Syans Zimèn mande Koupe fache nètalkole ak politik ekonomik enstitisyon entènasyonal yo

Pozisyon prensip ki soti nan Fakilte Syans Zimèn

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 9 avril 2008

Jodi a n ap viv konsekans politik ekonomik neyoliberal yo gouvènman Preval-Aleksi a ap aplike tèt bese, san gade dèyè nan peyi a. Sa lakòz gouvènman restavèk la ouvè vant peyi a bay pwodwi etranje pandan li ap detwi pwodiksypn nasyonal la. Preval ak Aleksi ap pran dikte 2 je fèmen nan men FMI, Bank Mondyal, Anbasad fo zanmi yo ak divès lòt kalte enstitisyon entènasyonal yo. Pou asire aplikasyon politik ekonomik sa a, yo vann dwa grandèt majè peyi a bay Minista pou pwoteje enterè ekonomik laboujwazi ak pouvwa politik yo.

Gouvènman an ap fè kado tout patrimwàn peyi a pou fè bizismann, FMI, Bank Mondyal plezi. Aleksi revoke plis pase 5000 ti anplwaye nan administrasyon ak antrepriz piblik yo pandan li refize fikse salè minimòm nan lòtè 300 goud pou pi piti. Pri angrè ak lòt zouti pou travay latè monte 17 lòtè pandan grandon kontinye akapare tout bon tè yo san yo pap travay latè.

Sitirasyon kè plen sa a, ki se yonn nan konsekans aplikasyon politik lanmò FMI ak Bank Mondyal yo, trennen mas popilè yo nan malsite, chomaj, grangou koupe branch trip ak lanmizè tout kalte nan tout rakwen peyi a. Se nan kontèks anmè kou fyèl sa a mas popilè yo leve kanpe, mobilize nan tout rakwen peyi a pou mande Aleksi, Preval, Palmantè yo fè kichòy pou soulaje soufrans moun k ap mouri anba grangou yo. Koralisyon malfektè sa a jwenn apwi pati politik, chanm komès ak patwona nan lide pou kontinye souse san pèp la. Sèl objektif yo se konsève pouvwa yo epi konyinye fè plis tiyon sou do moun yo fè vinn pòv yo.

Kòm repons ak klowòks sa a ki ap koupe trip malere ak malerèz, nou sezi epi espante wè se anba kout zam, kout koko makak ak gaz lakrimojèn pwazon gouvènman Preval-Aleksi la, Minista, lapolis jouke mas popilè yo. Nou pa kapab konte mò ak blese nan kan pèp la depi li kòmanse leve tidwèt li kont konplo bout di sa a ki marinen nan chanm ak sosyete mafyozo yo pou fini ak li. Fas ak sitirasyon mangonmen sa a, devan politik ekonomik ak sosyal antipopilè sa yo ki vize sèlman satisfaksyon enterè aferis ak enstitisyon monetè etranje yo, nou mande :
1.Depa Minista san pèdi tan ak san kondisyon, epi egzije jijman tout militè bandi nan fòs onizyèn nan ki patisipe jounen jodi a nan maspinen epi touye pèp ayisyen an ki ap manifeste kont lanmizè konplotè yo ap planifye pou li chak jou li leve ;

2.Pou responsab leta yo Koupe fache nètalkole ak politik ekonomik Bank mondyal, FMI ak lòt enstitisyon entènasyonal yo ;

3.Kanpe sou vag revokasyon nan antrepriz ak enstitisyon piblik yo epi entegre prese prese 5000 anplwaye revoke yo nan dyòb yo ;

4.Fikse salè minimòm nan lòtè 300 goud pou diminye peze souse patwon yo epi soulaje mizè travayè ak travayèz yo kap bourike nan lanfè faktori brasè ak brasèz ki nan boujwazi a ;

5.Entèvni pou desann pri manje epi kreye magazen leta nan tout peyi a ;

6.Mete kanpe yon plan pou relanse pwodiksyon nasyonal la ;

7.Sispann peye dèt lanmò FMI ak Bank Mondyal pou mete lajan sa yo nan ledikasyon, lasante, lagrikilti ak dives lòt sèvis sosyal yo ;

8.Sispann sou zak gaspiyay lajan pèp la nan achte bèl oto, vwayaj, lajan pòch, pèdiyèm elatriye ;

9.Desann pri gaz ak lòt pwodwi petwolye yo nan respè akò petwokaribe yo ak solidarite pèp venezelyen an ;

Se pa pawòl tafya ki kapab satisfè revandikasyon sa yo, se sèl yon chanjman total kapital nan oryantasyon politik ekonomik peyi a ki kapab soulaje lanmizè, malsite ak grangou. Se pa kèk goud gouvènman bout di Preval-Aleksi a pral bay Rektè Inivèsite a ki kapab frennen mobilizasyon kont grangou a. Kantin popilè pa ka kaba ak grangou, malsite. Se pa tou zak asasinay ak represyon Minista ak Lapolis ap fè sou moun grangou ki mobilize nan Okay, Tigwav, Pòtoprens, Gonayiv elatriye ki pral kaba ak malsite k ap koukouman pèp ayisyen.

Nan sans sa a nou egzije Leta Ayisyen koupe fache ak resèt lanmò Bank Mondyal, FMI yo ap aplike ajenou, pou montre pèp la aklè yo pral sispann fè boujwazi, Chanm Komès ak Endistri, Patrona, Peyi fo Zanmi yo plezi. Nou pote solidarite ak mas pèp la nan kat kwen peyi a nan kad gwo mobilizasyon yo lanse kont grangou ki se konsekans aplikasyon politik ekonomik Bank Mondyal ak FMI. Fòk pèp la tou, kontinye mobilize pou Peyi papa Desalin nan jwenn dwa grandèt majè ak depa san kondisyon fòs lokipasyon Minista ki ap garanti aplikasyon politik lanmò nan enterè laboujwazi lokal kou entènasyonal.

Pòtoprens, madi 9 avril 2008

Moun ki siyen :

1.Celestin Edine

2.Jules Armand Joseph

3.Julien Sainvil

4.Romelus Marie Isnise

5.Moise Harry

6.Justin Manouchka

7.Joseph Marlyne Jenny

8.Edouard Edwich

9.Jn Pierre Francky

10.Anilus Loukenson

11.Boumba Nixon

12.Michel Jerry

13.Jean Mary Yvetot

14.Wilson Jean Baptiste

15.Guerchang Bastia

16.Civilma Makenton

17.Jean Leon Ambroise

18.Charlemond Marquez Mcguffie

19.Guy Volcy

20.Paul Emanuela

21.Cherichel Wilnick

22.Beltis James

23.Jean Louis Louis

24.Samedi Sandre