Español English French Kwéyol

Ayiti-kriz : KSIL mande dekrete eta dijans epi kanpe yon gouvènman tounèf

Pozisyon Kolektif Solidarite Idantite ak Libète (KSIL)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 8 avril 2008

KSIL ap swiv ak anpil kè sote konpòtman gouvènman an ak MINISTA nan nouvo kalfou mangonmen peyi a ap travèse jounen jodi a.

Gouvènman an rekonèt li paka fè anyen pou soti pèp la nan mizè devenn kòde ak malsite. Pou KSIL, yon deklarasyon sensè, onèt konsa, se yon apèl klè pou popilasyon an degaje l jan li konnen pou l pa mouri grangou. Devan sitiyasyon sa a, si pèp ayisyen an pat leve kanpe, se t ap prèv li tonbe nan dezespwa, li fin tounen zonbi. Devan demisyon dirijan yo, si pèp la pat leve kanpe nou ta mèt konnen peyi a fini.

Koze pou di, se zòt k ap manipile pèp la se yon pawòl iresponsab. Si dirijan yo lage pèp la nan dezespwa, se yo ki responsab zòt ka vire lòlòj li. Kouman dilè dwòg ak kriminèl Premye Minis lan idantifye fè twouve anlibète jiskaske y ap manipile manifestasyon pèp la ? Se sitirans ak konplisite yo jwenn ki lakòz yo ka pran direksyon politik pèp la. Pawòl sa yo grav anpil e yon fwa ankò se prèv popilasyon an lage de bra pandye san dirijan, san direksyon, san pwoteksyon.

Dirijan yo ak grannèg yo pa montre yo sansib ak mizè pèp la. Yo kontinye ak itilize kadav leta a tankou yon manmèl bèf yon ti ponyen moun ap tòtòt. Dirijan yo pa manifeste ankenn lespri sèvis ak solidarite. Yo pa deside wete yon yota nan mas lajan y ap touche pou vin osekou mas pèp la. Pati politik ap goumen pou pouvwa, sèl pwogram yo se pare pou mete men sou pouvwa, prepare eleksyon nan fè koripsyon ak magouy, pou pifò ladan yo.

Met sou li, peyi a ap viv anba yon prezans entènasyonal manke dega k ap pran fòm yon okipasyon san delè, san pèsonn pa konnen ki veritab objektif li. Teritwa nasyonal la tounen yon savann kote fòs lame etranje vin fè ekzèsis, san bay pyès moun esplikasyon. Se poutèt sa KSIL ap swiv ak anpil enkyetid konpòtman MINISTA nan kriz la. Premye siyal lanmò nan manifestasyon yo pa enteresan ditou. MINISTA pa gen pou li antre nan koze pèp ayisyen k ap revandike. Si MINISTA ta konstate manifestasyon vle vire kont li, se pou l mare pakèt li. Men pou ankenn rezon, li paka jwe wòl yon fòs represyon pou asire estabilite yon gouvènman ki rekonèt li pa kap reponn bezwen popilasyon an.

Paralèlman, ensekirite ap kontinye pirèd, bandi ak kidnapè ap taye banda. Popilasyon an ap viv nan kè sote, sitwayen ak sitwayèn pa konn anba ki lalwa y ap fonksyone.

Li klè pou tout moun sitiyasyon an paka kontinye jan l ye la : « Le jeu force à couper ». Si pèp la pa jwenn yon lòt direksyon l ap tonbe nan men dilè dwòg ak politisyen malveyan jan Premye Minis la ak gouvènman an siyale l, men se yo menm k ap responsab sa. Petèt gen yon lòt manipilatè pi pisan k ap pwofite tire fisèl grangou pèp la. Manipilatè twò pisan, Premye Minis la paka site e ki gen enterè nan ranfòse okipasyon an sou yon fòm pi dirèk.

Sitiyasyon an malouk anpil. Pawòl ak konpòtman dirijan yo enkyete nou anpil. Pi gwo pwoblèm lan, se pa sitou grangou an, se pito konpòtman dirijan yo parapò ak grangou pèp la, ki chak jou ap bay espektak gagòt, gaspiyaj lajan ak koripsyon, e k ap deklare yo paka fè anyen nan grangou vant kòde k ap touye pèp la. Li toujou danjere pou yon ekip pèsiste kenbe pouvwa lè l parèt aklè li pa gen solisyon pou l rezoud pwoblèm yo. Lè sa n ap sige dwat nan represyon ak demagoji. Si ekip sila a paka dirije, fòk li bay lòt moun dirije. Si se direksyon yo pran an ki pa bon, fòk yo chanje direksyon.

Politik estabilite gouvènman an mennen pandan de zan ki chita sou antant separe gato ak pati politik, satisfè tout kapris entènasyonal, barikade dèyè fòs lame MINISTA, politik sa a echwe. Leve kanpe mas pèp la montre se li menm ki kapab asire establite nan peyi a. Tout politik ki pa vize satisfè revandikasyon l , fè l patisipe nan chache solisyon ap toujou bay enstablite.

Kifè, s ak gen pou fèt jodi a, se voye yon siyal fò, se :

1.Dekrete eta dijans pou yon peryòd si (6) mwa.

2.Kanpe yon gouvènman restren ak yon ekip tounèf ki abitye pran angajman bò kote pèp la, ki konprann touman l ak doulè l e ki pare pou mare senti l pou akonpaye l.

Tout nasyon an, tout kategori sosyal dwe pare pou fè sakrifis nesesè pou retire pèp la nan malsite sila a.

Pou yon pèp lib nan yon peyi granmoun !

Kolektif Solidarite Idantite ak Libète (KSIL)

8 avril 2008

Yanick Guitaud Dandin

Jean William Jeanty

Maxime Magloire