Kominike òganizasyon Chandèl
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 8 avril 2008
Nou konstate, touswit lajistis fin lage yon boujwa yo te mete nan prizon pou koripsyon epi apre pawòl pou ogmante salè minimòm lan, boujwa yo monte pri tout pwodwi premye nesesite yo. Sa vle di, lavichè jounen jodi a, se yon repons politik boujwazi a bay gouvènman Preval Aleksi a paske yo te pèmèt yo arete yon boujwa.
Nan ki peyi apre Ayiti, moun ta kapab wè ou leve yon bon maten ou jwenn komèsan mete soti 50 rive 100 pousan ogmantasyon sou pri yon machandiz ? Epi yon restavèk boujwa, yo rele minis komès di w li pa kapab fè anyen.
Nou menm nan Chandèl, menm jan ak rès popilasyon an, nou te pran nòt sou deklarasyon prezidan Preval te fe nan Plato Santral sou koze grangou an, kote l te mande pèp la pase chache pou al nan manifestasyon nan lari a, li peye diri, pwa, lwil ak lòt pwodui moun sèvi chak jou menm pri ak yo.
Lè yon gouvènman deklare piblikman li pa kapab fè anyen pou yon popilasyon k ap mouri anba grangou, li paka fè san soti nan wòch, sa vle di, li di w kareman gouvènman sa a, se pa gouvènman pa pèp la li ye. Leve kanpe k ap fèt nan tout peyi a kont gouvènman Preval/Alexis a, se yon repons ki koresponn a deklarasyon lagè prezidan an ak premye minis lan fè mas popilè yo.
Menm jan an tou, depi apre depite yo te jwe teyat sou bisantnè a, (Palè lejislatif), yo te merite yon repons popilè epi kòrèk pa rapò ak konpòtman trayizon sa a yo gen kont pèp la.
Se nan sans sa a, nou menm nan CHANDEL, nou bat bravo la kontantman devan tout gwo manifestasyon ak leve kanpe k ap fèt divès kote nan peyi a, tankou : Okay, Gonayiv, Tigwav, Jeremi ak Pòtoprens. Nou salye memwa tout fanm ak gason vanyan ki deja tonbe aba bal polisye asasen ak solda kriminèl minista yo.
Nan menm sans sa a, nou lanse yon apèl bay rès popilasyon an pou rejwenn mas popilè yo nan manifestasyon k ap fèt nan 4 kwen nan peyi a, yon fason pou fòse gouvènman Preval/Alexis a desann pri manje nan peyi a, pou pèp la sispann mouri anba grangou kloewòks la. Nan menm sans lan, pou pèp la kòmanse reflechi sou pwòp altenativ pa l pou l mete dirijan nan tèt peyi a, ki kapab defann enterè fondamantal li kòmsadwa.
Devan move sitiyasyon n ap viv jounen jodi a, Chandèl kwè mas popilè yo dwe pran responsablite istorik yo. Tankou sa te fèt nan lane 2002 nan peyi Ajantin, kòm leta pa t vle pran responsablite l, mas popilè yo te pase alaksyon. Sa vle di, solisyon pwoblèm lavichè a, se nan mobilizasyon pèp la pou l soti. Ranmase fòs nou pou n bay boujwa yo ak tout konplis yo, yon repons politik epi pou n rale yon souf.
Pou CHANDEL :
Sanon Renel
Bregeneve Dupermer
Manm komite Kodinasyon