Español English French Kwéyol

Ayiti : “Moman an rive pou tout peyi a leve kanpe kont politik lavichè gouvènman Preval Alexis a”, dapre MODEP

Pozisyon Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) sou mobilizasyon kont lavichè nan depatman Sid la ak sou represyon ki kòmanse fèt sou popilasyon an

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 5 avril 2008

Mouvman Demokratik Popilè konstate ak anpil kontantman kouman popilasyon nan divès zòn nan peyi a an patikilye nan depatman sid la, kòmanse leve kanpe pou rele anmwe kont lavichè, klowòks, asid batri k ap koupe trip moun ki pi pòv yo. MODEP kwè moman an rive pou tout peyi a leve kanpe kont politik lavichè gouvènman Preval Alexis a ap mennen nan peyi a.

Mouvman leve kanpe sa a ki kòmanse fèt nan divès zòn nan peyi a, se rezilta dirèk, politik neyoliberal pouvwa anplas la ak pouvwa pase yo mennen nan peyi a. Mas popilè yo ap plonje chak jou pi fon nan mizè, grangou, chomaj ak ensekirite alòske boujwazi a kontinye ap fè tiyon sou malere ak malerèz, sou do konsomatè yo ki nan difikilte pou yo achte tèlman pri pwodui yo kontinye ap monte san rete. Pa gen okenn siy ki montre gen posiblite pou dividal pwomès gouvènman Alexis a fè nan mwa pase yo devan senatè ak depite yo, tounen reyalite. Okontrè, apre entèpelasyon gouvènman an, pri pwodui yo kontinye monte pi rèd. Okenn jefò poko janm fèt pou bloke kous la. Alevwa pou pri yo ta amelyore.

Konsekans lan jounen jodi a, popilasyon an kòmanse leve kanpe. Olye pouvwa anplas la bay repons prese prese ak revandikasyon popilasyon an, li pito ap pran tout kalite pretèks pou fè represyon sou popilasyon an. Sèten otorite nan vil Okay, anpatikilye senatè Gabriel Fortuné ak gouvènman an vle fè moun kwè gen bandi ki debake nan vil la. Tout sa, pou jistifye epi ogmante represyon MINISTA deja kòmanse fè nan vil la. Se nan sans sa a, pouvwa anplas la deja voye plizyè dizèn polisye CIMO nan vil Okay pou fè represyon sou popilasyon an. MODEP mande popilasyon sid la pou li rete vijilan, pa pran nan mannèv entimidasyon pouvwa anplas la, ak MINISTA ap fè yo, nou dwe rete mobilize, kontinye batay san pran souf pou fòse pouvwa anplas la pran mezi pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an. MODEP mande tout moun ki nan grangou nan peyi a, an patikilye, chomè, ouvriye, peyizan, ti machann, fanm ak gason vanyan nan tout katye popilè nan peyi a, leve kanpe pou klowòks la pa koupe trip nou.

MODEP ap pwofite okazyon sa a pou li mande pouvwa anplas la, pran dispozisyon prese prese pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Kidonk, olye pouvwa a voye CIMO al fè represyon sou popilasyon an, se pou li : desann pri pwodui premye nesesite yo, kontwole maj benefis sektè prive a ap fè sou pwodui yo, mete magazen leta toupatou nan peyi a, tanmen yon bojan refòm agrè nan peyi a pou peyizan yo ka jwenn tè pou yo travay epi ba yo bonjan ankadreman pou yo travay tè a pou yo ka pwodui plis manje, ogmante bidjè agrikilti nan bidjè rektifikatif la. Pou fòse pouvwa a pran mezi sa yo, MODEP mande popilasyon an pote kole nan tout mobilizasyon k ap fèt kont lavichè a. Se nan sans sa a, MODEP envite tout moun k ap soufri anba politik lavichè a, tout moun ki nan chomaj, vin pote kole nan mobilizasyon etidyan nan Syans Zimèn yo, k ap derape lendi midi tapan nan Fakilte Syans Zimèn.

Pou MODEP :

Nixon Boumba

Guy Numa