Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr)
Dokiman sa a vin jwenn AlterPreesse nan dat premye avril 2008
Nòt pou laprès, premye avril 2008
Lyonel Momplaisir alyas Saymond, yon jèn gason 28 lane, blese anba bal Julio Cesar, yon militè dominiken manm fòs espesyalize nan sekirite fwontyè a (CESFRONT) nan zòn fwontyè Ansapit/Pedènal, bò 9vè nan maten madi premye avril 2008 la.
Jenn gason sa a, ki t ap travèse fwontyè a pou al achte glas an Repiblik Dominikèn, te resevwa yon bal nan kou apre yon diskisyon li te genyen ak militè sa a ki te vle foure men nan pòch li, ak men l tou fèmen, pou fouye li.
Lyonel te di militè dominiken an, li pa dakò paske li pa konnen ki sa ki nan men l. Li te deklare l ap vire pòch li lanvè limenm poukont li.
Malgre Lyonel te tounen pòch li lanvè, militè a te ba li yon kalòt epi koumanse joure avè l.
Lòt Ayisyen ki te sou plas te konseye Lyonel kite sa, tounen Ayiti.
Pandan Lyonel te pran direksyon Ayiti, militè dominiken an kanpe sou Rivyè Pedernales la, li vize l epi tire sou li sou bò Ayiti
a. Bal la travèse kou Lyonel ki, pou kounyela a, ap pran swen nan sant sante Ansapit la.
Popilasyon bò kote Ayiti a te manifeste mekontantman li apre zak sa a. Yo t ap di pawòl piman bouk sou militè dominiken an.
Apre entèvansyon MINUSTAH, enspektè polis ayisyen an ak jijdepè Ansapit la, kolonèl an chèf CESFRONT la nan Pedernales te ale ak militè a.
Kolonèl la pwomèt l ap pran sou responsabilite l tout depans pou swen sante Lyonel Momplaisir.
N ap fè remake, soti 24 mas pou rive premye avril 2008, sa vle di nan lespas 8 jou, se 3 Ayisyen ki viktim anba bal militè dominiken.
Anite Joazer, yon fanm ansent, pèdi lavi l apre li te fin pran yon bal 24 mas 2008 nan mache Dajabon anba men yon militè CESFRONT ; Antoine Jean, yon lòt ayisyen mouri 28 mas 2008 anba bal yon lòt
militè ; premye avril, se tou pa Lyonel Momplaisir.
Mete sou sa, militè ak reskonsab sèvis imigrasyon dominiken ap fè yon seri deklarasyon kote yo fè konnen gen Ayisyen ki atake yo plizyè fwa. Nan yon tèks ki pibliye nan laprès, jounalis rapòte otorite sa yo pwomèt y ap pran mezi pou fè imigran san papye yo ki konprann yo ka agrese yo, fè respè yo.
GARR vle atire atansyon tout moun an Ayiti kou aletranje sou konsekans grav gwo deklarasyon sa yo kapab genyen sou imigran yo. Sou pretèks atak kont militè, gen risk pou anpil inosan viktim anba bal oswa anba rapatriman fòse, jan sa te fèt apre Hatillo Palma nan lane 2005.
GARR gen anpil enkyetid pou sitiyasyon k ap devlope sou fwontyè a depi kèk jou, kote pou tikrik, tikrak, militè CESFRONT rale zam epi tire.
GARR mande tout moun k ap frekante fwontyè a pou rete vijilan, sitou apre kalite deklarasyon sa yo otorite dominiken yo ap fè.
GARR mande Leta Ayisyen, sitou Ministè Afè Etranjè ak Ministè Lenteryè, pou entèvni prese prese bò kote otorite dominikèn yo pou sitiyasyon sa yo pa kontinye devlope sou fwontyè a ak sou imigran ayisyen ki anndan Repiblik Dominikèn. Li pwofite mande Leta a tou pou ede viktim yo ak fanmi yo jwenn jistis.
Lisane André
Reskonsab Seksyon Kominikasyon/Pledwaye