Español English French Kwéyol

Ayiti : Nan ki pwen revandikasyon jèn agwonòm ak etidyan yo sou pwodiksyon nasyonal la ye ?

Nòt pou Laprès
Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS),
Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA), Enstiti Kiltirèl Kal Levèk (ICKL) ak Pwogram pou yon Altènativ Jistis (PAJ)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 28 mas 2008

Lè nou te tande pozisyon Asosyasyon Nasyonal Agwo-Pwofesyonèl Ayisyen (ANDAH) te pran nan nòt 22 janvye pase a pou te prezante revendikasyon etidyan Fakilte Agwonomi yo, nou menm nan 4 enstitisyon sa yo (SAKS, ITECA, ICKL, PAJ), nou te rele AYIBOBO. Nòt sa a te prezante revandikasyon sa yo nan 9 pwen. N ap site kèk nan yo :
- Ogmante kantite kredi nan lagrikilti, epi fasilite pwodiktè yo jwenn kredi sa a pou yo ka relanse pwodiksyon vyann sitou poul, ze ak pwodiksyon nasyonal la anjeneral.
- Angaje jèn agwonòm yo nan relanse pwodiksyon nasyonal la nan domèn lagrikilti.
- Remete kanpe fèm Leta yo Ministè Lagrikiti t ap jere.

Lè nou te tande etidyan yo te sispann mouvman yo t ap mennen an sèlman lè gouvènman an te reponn yo yon fason pozitif ak yon kalandriye pou egzekite tout revandikasyon sa yo, nou te di Ayiti la pi rèd. Sa a te fè nou santi peyi a genyen relèv pou kontinye batay la jous nan bout li nan avantay mas popilè yo, malgre tout mannèv klas politik tradisyonèl yo ap fè depi lontan pou likide eritay Boukmann, Peti Nwèl Priyè, Desalin elt. Men sanble, se dife pay mayi. Gen kèk delè pouvwa a te bay nan akò a ki depase. Poutan etidyan yo sanble etenn ak yon ti kout dlo frèt. Nou pa tande yo ankò.

Nou ta renmen mande jèn agwonòm ak etidyan fakilte agwonomi an, ki te limen lespwa nan kè tout patriyòt ak nan kè tout pwogresis toupatou sou latè, enfòme pèp la nan ki nivo tout pwomès yo ye. Nou mande gouvènman an pou li di n sa li fè ak revandikasyon sa yo ki ranmase revandikasyon mas pèp la anjeneral. Tout moun ki nan grangou yo te kwè ak demach etidyan agwonomi yo, pwodiksyon nasyonal la ta pral kanpe pou twoke kòn ak politik vant louvri neyoliberal yo ki pote plis menas toujou pou angrave sitiyasyon an.

Depi apre bèl ti parad premye minis la ak tout lòt minis yo nan Palman an akote majorite depite yo, lavi a kontinye vini pi chè toujou. Se nan kad politik vant louvri neyoliberal la, premye gouvènman Preval la te prèske fè kado Siman Dayiti ak Minotri, ki fè jounen jodi a siman ak farin monte bwa pou malere. Se nan menm lespri sa tou sektè estratejik tankou Ayewopò, ladwàn nan panye privatizasyon an tankou TELEKO.

Nou menm 4 enstitisyon sa yo SAKS, ITECA, ICKL, PAJ, nou kwè pwodiksyon nasyonal la chita sou yon refòm agrè konsekan ak nan yon politik ki respekte patrimwàn nasyonal ak dwa granmoun peyi a.

Marc Arthur Fils-Aimé, ICKL

Joseph Maxime Rony, PAJ