Español English French Kwéyol

Mouvman Peyizan Papay mande mobilizasyon pou chanje mod Leta Ayiti a

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 24 mas 2008

Deklarasyon final KONGRÈ 35yèm ANIVÈSÈ Mouvman Peyizan Papay (MPP), 16 - 20 MAS 2008

TÈM JENERAL : MPP, 35 ANE LIT POU YON AYITI GRANMOUN

Nan okazyon 35yèm anivèsè MPP, nou menm 900 peyizan delege MPP/MPNKP, reprezantan òganizasyon peyizan tankou Tèt Kole ti Peyizan ayisyen (TK), Kòdinasyon Rejyonal Oganizsyon Sidès (KROS), reprezantan plizyè lòt òganizasyon ak enstitisyon nan mouvman sosyal la an Ayiti tankou ICKL, PAPDA, Fanm pap tann ;

Reprezantan òganizasyon manb Kòdinasyon Latino ameriken Òganizasyon Peyizan (CLOC) ki soti nan Amerik latin lan ak nan Karayib la ; reprezantan òganizasyon manb Vía Campesina nan kontinan ameriken an ak nan Lewòp, plizyè patnè MPP nan peyi a, Ozetazini ak nan Lewòp; plizyè zanmi MPP nan peyi a ak lòt bò dlo.

Se nan yon veritab lespri yon sèl dwèt pa manje kalalou, nan yon klima fratènite ak solidarite tout moun te pote kontribisyon pa yo nan Kout Rèl Leve Kanpe sa a ki pa sèlman yon kout rèl MPP ak MPNKP ki makònen ansanm depi lontan. Men, yon kout rèl peyizan ayisyen ak anpil moun ki solidè ak lit peyizan yo nan peyi a ak nan lemond antye.

Wi delege ak envite yo te soti nan 10 depatman jeyografik peyi a, nan 96 komin, ak èd yon seri konferansye gwo kalib te reflechi sou Tèm jeneral Kongrè a : MPP, 35 ane lit pou yon Ayiti granmoun ak plizyè tèm espesifik tankou : Souverennte Nasyonal, souverennte alimantè, yon lòt leta posib, pwoblèm anviwònman, patisipasyon fanm yo ak patisipasyon jèn yo nan lit pou yon Ayiti granmoun.

Rezilta refleksyon nou yo mennen nou konstate :

1.- Malgre tout jèfò MPP ak tout lòt òganizasyon peyizan yo, tout lòt òganizasyon nan mouvman sosyal la k ap lite pou yon Ayiti granmoun, pou yon chanjman sosyete peze souse a, Ayiti vin pi restavèk chak jou. Mizè pèp la vin pi grav chak jou. Peyi Desalin lan, peyi Chalmay Peralt la pèdi diyite li, pèdi eskanp figi li. Peyi a pèdi fyètè li kòm premye repiblik nwa endepandan sou planèt tè a, paske tou simpleman depi 1804 jis jodia se yon seri dirijan san vizyon k ap mennen bak li.

2.- Sou zafè souverennte nasyonal la

Depi 1915, souverennte peyi a pa janm sispann pran move pataswèl anba tout fòm okipasyon. Jounen jodia, se paske nou gen yon seri politisyen manfouben, politisyen do kale ki lakòz nou anba okipasyon fòs etranje k ap koupe rache sou do peyi a. Nou pèdi souverennte sou plan ekonomik, politik ak kiltirèl. Gouvènman ki sou pouvwa a se gouvènman restavèk nan sèvis peyi enperyalis. Jounen jodia, nou gen yon gouvènman nan sèvis mondyalizasyon kapitalis la k ap aplike yon politik ekonomik neyoliberal, k ap simen lanmò tribò babò nan peyi d Ayiti ak nan tout peyi yo fè pòv yo. Sistèm lan simen lanmò ata nan peyi rich yo.

Noumenm, peyizan yo, nou pa dakò ditou ditou ak jan OEA ak MINISTA te òganize zafè yon Sant vòt pa seksyon kominal. Sa a se yon atent grav a souverennte peyi a, yon atent grav a dwa peyizan yo pou yo patisipe nan eleksyon nan peyi a. Nou pwoteste kont tout eleksyon ki mete peyizan yo akote. Se pa etranje ki dwe deside kote ki pou gen biwo vòt, ni konbyen biwo vòt ki dwe genyen nan seksyon kominal yo.

3.- Sou zafè Leta a

Nou genyen yon Leta, depi tout tan ki gen tan, ki pa janm defann enterè klas peyizan malere yo, yon Leta piyajè, yon Leta anti pèp, yon Leta anti peyizan, yon Leta anti nasyonal. Yon Leta nan sèvis klas dominant lan, nan sèvis yon ti ponyen boujwa k ap souse san pèp la, souse mwèl zo peyi a, nan konfyolo ak fòs etranje. Peyi a pa janm rive genyen yon veritab boujwazi nasyonal. Li toujou genyen yon boujwazi rapas, yon boujwazi patripòch k ap chèche fè lajan fasil nan achte pou vann, men ki pa janm angaje li nan pwodiksyon nasyonal.

4.- Sou zafè souverennte alimantè

Ayiti te yon peyi souvren nan zafè manje. Peyizan ayisyen te toujou pwodui manje ki nouri tout popilasyon an. Peyi a te menm konn voye vann manje ak anpil lòt pwodui agrikòl nan peyi etranje.

Ayiti te konn voye vann pwodui òganik, pwodui ki bon pou lasante. Jounen jodia, peyi a tounen restavèk nèt nan zafè manje. Nou achte 80 pousan diri nou manje nan peyi etranje, alòske nou genyen kapasite pou pwodui ase diri pou nouri tèt nou epi pou jwenn dekwa pou nou ta voye vann nan peyi etranje.

Vant nou depann jodia de manje pèpè tankou zèl kòdenn, zèl poul, poul pouri, pwason pèpè ak tout lòt kalite pwodui pèpè k ap ravaje sante nou.

Jounen jodya, nou pèdi abitid alimantè nou ki te fè idantite nou kòm pèp. Gen ayisyen ki pa vle manje diri peyi ankò. Peyizan pa vle manje mayi moulen lakay yo ankò. Konbit pa fèt ak gwo chodyè mayi moulen ankò. Olye nou manje tchaka, chanmchanm, doukounou, akra, anpanan, tonmtonm, tayo mazoubèl, tayo djannankou, lam veritab, labapen, yanm, patat, manyòk, bannann etsetera, nou pito manje pen, espageti, makaroni. Olye nou fè manje ak diten, fèy bazilik, nou tonbe nan aksan, nan magi, nan switi k ap pote tout kalite vye maladi nan kò nou.

Jounen jodia, vant nou sou kont vwazen. Se vwazen ki vann nou yon milyon ze chak jou, 84 000 poul blanch chak jou. Se li ki vann nou sitwon, kokoye ak tout lòt kalite pwodwi.

5.- Sou zafè grangou ak lavi chè a

Jodia, si se pou pwodiksyon manje lakay nou, grangou t ap deja touye 60 pousan nan nou.

Nou anba yon grangou nasyonal k ap koupe trip nou. Grangou a tèlman rèd, pèp la rele li klowòks. Nou anba klwòks sa a, paske gouvènman repiblik la abandone pwodiksyon nasyonal la. Peyizan yo lage tankou pitimi san gadò. Yo blije lage travay latè lakay yo pou ale travay latè kay vwazen pou voye vann nou.

Prezidan peyi a ak Premye Minis lan ap plede repete se manje ki desann pri manje pou tronpe moun ti sèvèl. Noumenm peyizan yo nou p ap pran nan blòf sa a, lè nou konnen se sèlman swadizan 4 edmi pousan ki prevwa nan bidjè nasyonal la pou agrikilti. Nan 4edmi pousan sa a, pa gen menm 1 pousan ki rive bò kote nou. Lajan yo mete nan bidjè a pou agrikilti se blòf, paske se lajan pwomès bayè de fon etranje yo mete nan bidjè a. Yo pa gen lajan sa a vre. Epi majorite ti kòb sa a pral peye biwokrat.

Prezidan peyi a ak premye minis lan pase grangou pèp la nan betiz. Yo di yo pa kapab fè mirak. Yo pa gen okenn politik pwodiksyon nasyonal, okenn politik pwodiksyon manje.

Prezidan Preval pa pale de refòm agrè ankò. Yo fèmen BCA [1], menm lè li pa te twò itil peyizan yo. Yap pale de yon bank riral ki se yon veritab blòf.

Gouvènman an pa fè anyen pou soulaje peyizan yo kont lavi chè a. Pa gen okenn travay li kreye nan seksyon kominal yo. Afè apèzman sosyal la, ki te yon blòf, pa rive nan seksyon kominal yo menm kòm similak. Gouvènman sa a pa nan zafè peyizan.

Politik gouvènman sa a pou peyizan yo, se fè klas peyizan an disparèt pou yo tounen esklav nan plantasyon mestiyen pou fè gaz pou voye nan vant machin meriken, oubyen pou yo ale travay pou po patat nan zòn franch gouvènman sa a gen plan simaye toupatou nan peyi a.

6.- Sou pwoblèm anviwònman an

Nan moman endepandans lan, 80 pousan nan tèritwa peyi a te kouvri ak forè, jodia nou rete mwens pase 1 pousan kouvèti vejetal. Se ekzistans peyi a ak tout popilasyon an menm ki menase. Peyi a pa kapab sipòte yon gwo lapli pou pa gen katastròf ki blayi sou popilasyon an. Sitiyasyon an vin pi grav chak jou, paske majorite peyizan yo blije antre nan fè chabon pou yo siviv. Men, pa gen bwa ankò pou koupe. Peyizan yo ap fouye ti rasin bwa anba tè pou yo fè chabon. Pa gen bwa pou fè manje ankò nan anpil seksyon kominal nan peyi a. Sa ki pi rèd la, gouvènman ayisyen pa janm gen okenn plan kreye lòt sous enèji pou wete presyon sou pye bwa yo.

Chak lapli ki tonbe, yon pati nan ti kouch tè ki kapab fè manje toujou a ale anba lanmè. Sa ki pi rèd dlo pase pran moun yo, kay yo, bèt yo, jaden yo. Nan anpil zòn, tankou Ansafolè, Lapwent, Polen lakòn nan Nòdwès, pou nou bay ekzanp sa yo sèlman, lavi moun yo an danje tout tan. Rivyè yo kite wout yo, pou ale detri yon seri kominote tout antye.

Mòn yo ale konble lanmè a. Pwason nou yo pa kapab peple ankò. Mangròv yo fin disparèt, pwason nou yo pa kapab fè pitit ankò kote moun ki viv de lapèch yo kapab kenbe yo. Malere k ap fè lapèch nan peyi a pa gen okenn mwayen pou ale lwen sou lanmè. Konsa, se lòt peyi k ap piye resous maritim peyi a. Zwazo nou yo pran ekzil, pwason nou yo pran ekzil.

Salte mete moun deyò toupatou nan vil yo. Pa gen drenaj nan vil yo, pa gen politik jesyon fatra. Sous dlo moun ap bwè yo fin kontamine. Peyizan yo pa gen latrin pou fè bezwen yo. Nou anba yon veritab katastròf.

Devan danje sa yo, pa gen okenn politik pwoteksyon anviwònman an. Gouvènman an pa plante yon pye bwa okenn kote nan peyi a. Nou pa menm byen konnen ki ministè ki reskonsab rebwazman nan peyi a.

7.- Sitiyasyon Jèn yo

Popilasyon peyi a se yon popilasyon ki jèn anpil. Plis pase 60 pousan popilasyon an se jèn ak timoun.

Men, Leta bliye reskonsablite konstitisyon an ba li vizavi jèn yo nan zafè edikasyon. Anpil timoun, ki gen laj pou ale lekòl, pa ale lekòl. Leta demisyone nan zafè edikasyon, ki lakòz majorite lekòl peyi a, se lekòl prive. Majorite nan yo se lekòl bòlèt ki fè timoun yo fè klas san yo pa fè etid.

Majorite jèn yo ki antre nan primè blije abandone. Sa ki rive nan segondè yo pi grav ankò. Anpil jèn ki fini etid segondè yo pa gen okenn chans ale nan Inivèsite, paske Inivèsite pa ekziste pou pitit peyizan, pou pitit moun nan pwovens. Li pa ekziste pou pitit malere nan Pòtoprens yo non plis.

Jèn ki gen chans aprann yon metye, sa yo ki gen chans fè yon lisans, yo pa jwenn chans pou yo travay. Leta pa gen yon politik itilizasyon sèvis jèn agwonòm yo. Yo blije ap fè manifestasyon.

Akoz move jesyon kad yo, peyi a pèdi majorite nan yo ki ale sèvi lòt peyi.

8.- Sitiyasyon Fanm yo

Malgre gen anpil jèfò fanm yo fè pou pran dwa yo nan sosyete a, yo toujou anba tout fòm kalite vyolans, yo toujou anba tout kalite diskriminasyon, tout kalite dominasyon. Gason toujou kontinye maltrete fanm.

Sitiaysyon ekonomik makawon peyi a lakòz fanm yo blije ap boukannen kwenn pèdi grès, anba sistèm mikwo kredi anpil enstitisyon mete kanpe pou prete fanm pou yo fè ti kòmès. Zafè mikwo kredi sa a fè fanm tounen esklav, paske mikwo kredi a se yon sistèm lave bwè dlo ki p ap janm chanje sitiyayson fanm yo, paske yo pa kapab envesti li nan pwodiksyon.

9.- Sou zafè moun andikape yo

Pami peyizan yo, genyen yon pakèt ki andikape. Genyen ki avèg, genyen ki pèdi ponyèt nan travay, genyen ki pèdi janm yo. Yo abandone a yon menm. Leta pa sonje si yo ekziste. Sitiyasyon malere sa yo pi grav. Sekreteri leta pou moun andikape yo ta dwe sonje malere sa yo. Ministè afè sosyal ta dwe gen yon pwogram pou peyizan andikape.

10.- Jistis, sekirite ak reparayon

Pwoblèm ensekirite a kontinye fè dega pi rèd nna peyi a. Pa te janm gen yon volonte politik pou atake ensekirite a nan rasin li tout bon vre. Pouvwa a t ap pwoteje kriminèl yo.

Machin jistis la kòwonpi. Li nan kofyolo ak kriminèl. Netwayaj nan lapolis la pa janm rive fin fèt. Sa lakòz kidnaping, asasina kontinye ap simen dèy ak kè sote nan peyi a. Enpinite a pi rèd.

Nan MPP, nou genyen yon seri dosye jistis k ap pouri nan tiwa. Nou poko janm jwenn jistis ak reparasyon pou tout move kou nou pran, soti nam peryòd koudeta, pase nan pouvwa militè yo, jis rive nan nan pouvwa lavalas yo ki vini apre. MPP kontinye ap reklame jistis ak reparasyon pou zak kriminèl ki fèt sou manb nou yo, pou byen nou yo ki piye ak sa yo brile yo.

Nou mande jistis ak reparasyon pou tout òganizasyon peyizan yo ki viktim nan tout peyi a, espesyalman Tèt Kole ti Peyizan nan Janrabèl ak MPP nan Plato Santral.

Anfen, se yon konsta ki long, men konsta sa a ta kapab 100 fwa pi long.

Devan konsta malouk sa a, konsta makawon sa a, ki sa òganizasyon peyizan yo, òganizasyon nan mouvman sosyal la dwe fè ?

11.- Selon tout analiz, tout refleksyon nou fè, pa genyen ni 2 ni 3 solisyon. Nou genyen yon sèl chans se : Chanje mòd sosyete sa a, se chanje mòd Leta sa a. Nou mèt gen 35 an, 50 an ap lite pou yon Ayiti granmoun, pou yon Ayiti souvren, nou p ap janm rive si nou pa rive chanje leta a.

12.- Noumenm òganizasyon peyizan yo, òganizasyon mouvman sosyal la ki te patisipe nan tout deba kongrè a nou angaje nou pou :

Travay ansanm pou nou bati yon inite solid nan sektè peyizan an pou defann enterè nou ak enterè tout lòt klas popilè yo.

Travay ansanm pou nou chèche makònen tout òganizasyon nan mouvman sosyal la, pou yo patisipe ak sektè peyizan an nan lit pou chanje leta a, nan lit pou chanje sosyete eksplwatasyon an, sosyete k ap simen lanmò a, pou bati yon sosyete kote tout fòm eksplwatasyon ak dominasyon kaba.

Pou nou pote kole tèt kale nan lit pou Ayiti reprann dwa granmoun li sou plan politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl.

Pou nou travay tèt kale nan fè Ayiti tounen yon peyi souveren nan zafè manje. Nou pral travay pou pwodui manje natif natal, manje manje lakay pou Ayiti granmoun nan zafè manje. N ap sispann konsome pwodwi miltinasyonal yo. Nou pral fè edikasyon peyizan yo, edikasyon tout pèp la pou yo tounen manje manje lakay.

Pou nou lite tèt kale pou yon refòm agrè entegral ki pèmèt nou fè devlòpman peyi a pati yon agrikilti dirab.

Pou nou patisipe nan konbit rebati anviwònman peyi a. Pou nou ekzije leta, ekzije gouvènman an pran reskonsablite li nan zafè anviwònman an ki mete ekzistans peyi a an danje.

Pou nou siyen yon petisyon, ankouraje tout lòt sitwayen siyen li kont pwodiksyon agwokabiran pou vant machin meriken, alòske pa gen manje pou vant pèp la.

Nou angaje nou pou idantifye oubyen kreye òganizasyon politik solid ki kapab pote revandikasyon peyizan yo pou nou gen yon Leta k ap defann enterè nou, yon leta k ap satisfè bezwen klas peyizan malere yo ak tout klas popilè yo.

13.- Nou lanse yon kout rèl anmwe sekou bay tout pouvwa leta yo pou yo pran dispozisyon prese prese pou :

Pran mezi konkrèt, mezi nou kapab wè ak je nou, pou konbat grangou klowòks la k ap koupe trip pèp la.

Pran dispozisyon espesyalman pou pèmèt prese prese peyizan yo jwenn semans ak zouti pou yo pwodwi manje nan sezon kap kòmanse la a.

Pran dispozisyon pou pèmèt peyizan yo jwenn dlo pou yo bwè ak dlo pou yo fè agrikilti. Ede peyizan yo fè sitèn pou kenbe dlo lapli toupatou pou yo fè jaden,. annatandan bon jan sistèm irigasyon mete kanpe.

Mete kanpe omwens yon pepinyè 100 000 pye bwa fwitye ak forestye nan chak seksyon kominal. Òganizasyon peyizan yo pare pou pran reskonsablite sa a.

Pran mezi ki nesesè pou òganizasyon peyizan yo pwodui omwens 15 miilyon ze ak yon milyon poul nan peyi a chak mwa, atravè òganizasyon peyizan yo.

Kreye travay san pèdi tan nan seksyon kominal yo nan fè wout agrikòl, nan kaptaj sous dlo yo, nan pwoteksyon basen vèsan yo.

Mete yon pwogram sekou pou ede peyizan yo ki avèg oubyen ki pèdi yon manb nan kò yo.

Respekte angajman Ministè agrikilti te pran anfavè jèn Damyen yo nan dat 23 janvye 2008 pou fè envestisman nan agrikilti, nan ouvè lekòl mwayèn yo, nan ogmante pwodiksyon poul ak ze, nan ogmantasyon pwodiksyon agrikòl la.

Pran tout dispozisyon pou KEP la korije zafè yon sèl biwo vòt pa seksyon kominal.

MPP ak tout òganizasyon ki patisipe nan fè deklarasyon leve kanpe a, deside fè suivi pou wè ki sa Leta fè ak revandikasyon nou yo. Nou p ap rete chita. Nou leve kanpe, n ap rete debou pou nou ekzije Leta fè travay li vizavi mas peyizan yo, vizavi mas popilè yo an jeneral.

Pou nou fini n ap rele : Aba grangou, aba lavi chè, aba enpinite, aba ensekirite, aba pwojè agwokabiran pou pwodwi manje pou machin meriken.

VIV SOUVERENNTE NASYONAL, VIV SOUVERENNTE ALIMANTÈ
VIV MPP, VIV MPNKP, VIV TÈT KOLE, VIV KROS, VIV TOUT ÒGANIZASYON PEYIZAN KI DESIDE LEVE KANPE

ÒGANIZASYON OU LANMÒ.


[1Bank Kredi agrikol