Papay (Ench/Ayiti), 17 mas 08 [AlterPresse] --- Se jodi lendi 17 mas 2008 la Mouvman Peyizan Papay (Mpp) ap tanmen kongrè 35 ane depi mouvman ap feraye nan peyi d Ayiti.
« 35 ane lit pou on Ayiti granmoun » : se sou tém sa a travay yo ap fèt depi 17 mas rive jedi 20 mas nan Papay, on lokalite Ench ki chita nan Plato Santral, sou on distans pase 128 kilomèt nan nòdès kapital la Pòtoprens.
Depi dimanch swa 16 mas 2008, pase 750 moun, fanm kou gason, ki soti nan 10 depatman jewografi peyi a, deja rive nan Sant Lakay, ki se katye jeneral mouvman an, dapre enfòmasyon ajans sou Entènèt AlterPresse ranmase sou plas.
Akote delege peyizan Mpp yo, fanm kou gason, gen anpil lòt moun òganizatè kongrè 35 lane yo envite. Pami sila ki fè deplasman rive nan Papay, nou jwenn fanm ak gason vanyan, militan ak militant nan peyi d Ayiti, tankou sila ki sot lòt bò, nan peyi Repiblik dominiken, Etazini ak lafrans, sa n pa bliye manm divès òganizasyon ak reprezantan medya.
Dimanch 16 mas la, delege peyizan Mpp yo, fanm ak gason, te enskri tèt yo, resevwa badj pou idantifye yo, kat lese pase pou yo manje pandan kongrè a, materyèl travay ak pwogram kongrè a.
Gen nan delege peyizan yo ki nan Sant Lakay depi jedi 13 mas pou ye patisipe nan on rankont Mouvman peyizan nasyonal kongrè Papay (Mpnkp), dapre sa AlterPresse aprann.
Dwa granmoun nan zafè lamanjay, kesyon anviwonman an, patisipasyon fanm ak jèn nan nan batay pou on Ayiti granmoun : se kozman sa yo patisipan fanm ak hason pral brase nan kongrè a soti 18 pou rive 20 mas. Ap gen konferans, atelye brase lide pandan peryòd kongrè a.
Pou lendi 17 mas la, seremoni ofisyèl yo ap tanmen nan Sant Lakay avèk on mistik espesyal Mpp. An apre, ap gen on espozisyon manje lakay plis on jounen pòt louvri sou aktivite Mpp fè depi 35 an, tankou : kasav, transfòmasyon fri, aktivite jaden, pwodiksyon myèl, elatriye.
Se nan dat jedi 20 mas 2008 la kongrè 35 an ap bout avèk on mach kont grangou, kont lamizè, kont enjistis sosyal, kont enpinite, kont pwogram agwokabiran, ki vle di pou fè gaz ak pwodui agrikilti, gouvènman Premye minis Jacques Edouard Alexis a ap marinen an.
Oganizatè yo fè konnen yo espere genyen apeprè 5 mil moun nan mach la, ki dwe bout sou plas Chalmay Peralt nan Ench. Chalmay Peralt, se youn nan revolisyonè ayisyen ki te leve kanpe kont premye lokipasyon meriken nan peyi d Ayiti, soti 1915 rive 1934. Nan finisman mach la, Mouvman peyizan Papay ap li rezolisyon yo pran nan kongrè 35 an, dapre presizyon ajans sou Entènèt AlterPresse jwenn sou plas. [rc apr 17/03/2008 0 :30]