Español English French Kwéyol

Ayiti / Lavi chè : Kout rèl Batay ouvriye anfavè mobilizasyon tout sektè

Oganizasyon sendika Batay Ouvriye

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 29 fevriye 2008

Kamarad ouvriye, zanmikamarad travayè tout kalite, chomè, pwogresis konsekan, KAN PÈP la an jeneral:

Nan dènye entèvansyon nou, nou te denonse konplo laboujwazi, Leta ak fo santral pouri yo ap mennen pou chache fè nou vale yon salè minimòm yo di ki p ap depase 5 a 10 pousan (egal: 73.5 pou 77 goud pou piplis!).

Nou te montre tou ki wotè mepri ak rayisman yo pou pèp ayisyen an rive, nan souflèt sa a yo deside ba nou. Nan distribye entèvansyon sa a nan milye ouvriye a ak nan katye kote nou tout rete, tout moun endistenkteman santi kou a fò. E se tout kote tout moun deside MOBILIZE pou fè fas a menas grav sa a!

Kounye a, met sou SALÈ MINIMÒM KRIMINÈL sa a yo vle ba nou an, genyen LAVICHÈ a ki pa sispann monte bwa, jouk nou pa ka peye lekòl ankò, maladi, kay..., jouk moun sètoblije ap manje tè pou yo pa mouri grangou! [Nòt redaksyon an : ankèt yo mennen pa montre yo jwenn moun ki t ap manje tè pou sove anba grangou, dapre sa otorite yo te fè konnen].

Egal, nou vin wè SANGINÈ SA YO, SE TOUYE YO SOTI POU FIN TOUYE NOU NÈT NAN LESPLWATASYON SAN LIMIT SA A YO VLE FÈ ANWO TRAVAY NOU.

Pi rèd, Leta a pa fouti rezoud pwoblèm chomaj la, ni li pa soti pou fè pyès refòm agrè, ni li pa soti pou amelyore lavi nou nan katye nou, nan transpò, ni li pa soti pou ba nou ledikasyon ak laswenyay gratis, jan konstitisyon an mande li...!

LI P AP POSIB ANKÒ!

Prezidan sa a nou te mobilize pou mete la a, ansanm ak tout gouvènman an, yo pa fè anyen nan enterè travayè, nan enterè mas popilè yo. E se pa pyès “pa vin fè mirak” ki pou mistifye nou.

“Mirak” yo, yo fè yo, men se pou zòt: se pou boujwa, se pou granmanjè, se pou kapitalis enpeyalis yo! E, pandan y ap di nou: “pran pasyans, pran pasyans...”, yo menm, y ap byen mennen! Sou do nou! Pandan y ap mete sou pye privatizasyon nan avantaj boujwa, vòlè lajan nan taks, depanse l nan gran reyinyon, nan vwayaj ak gwo frè, nan peye teknokrat..., nan foure NAN PÒCH YO!

Kamarad ouvriye, zanmikamarad travayè tout kalite, chomè, pwogresis konsekan, KAN PÈP la an jeneral: se pwòp yo menm ki montre nou PA GEN SEKRÈ ANKÒ! Tout bagay trè klè! Dapre sa yo fè n wè: “Y ap pran tout, yo pap bay anyen!”

Egal, menm jan an, solisyon an parèt trè klè devan nou: SE YON MOBILIZASYON JENERAL SÈL KI POU EDE NOU REZOUD SITIYASYON GRENN KRAZE SA A!

Batay ouvriye

3 Mas 2008