Español English French Kwéyol

Ayiti : Beladè ap prepare l pou resevwa 3 zyèm espozisyon binasyonal ekotouristik ak pwodiksyon Zile a

Pòtoprens, 19 fevriye 2008 [AlterPresse] --- Soti 1e rive 16 mas 2008, vil Beladè, ki chita nan Awondisman Laskawobas, ba Plato Santral, ap resevwa 3 zyèm espozisyon binasyonal ekotouristk ak pwodiksyon sou zile a, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans sou Entènèt AlterPresse.

« Fè pwomosyon bon jan relasyon ant pèp Ayisyen ak pèp Dominiken an sou zile a » : se prensipal objektif espozisyon binasyonal sa a, dapre òganizatè yo.

Espesyalman, òganizatè yo vle atire atansyon tout moun sou pwoblèm anviwonman ki konsènen Savanèt, Laskawobas, Beladè (3 komin ayisyen ki sou fontyè a) avèk vil Comendador , Hondo Valle, El Llano, Banica ak Pedro Santana (nan pwovens Elias Pina, bò kote Dominikani).

Espozisyon pwodwi lakay (zòn plato), lamanjay, aktivite kiltirèl, dans tout kalite, bachata, merennge, konferans deba, visit zòn istorik, se on pakèt aktivite òganizatè yo prevwa nan pwogram 3zyèm espozisyon binasyonal la.

Twazyèm espozisyon binasyonal la benefisye konkou plizyè enstitisyon Leta Ayisyen ak Leta Dominiken, tankou ministè anviwonman ak touris 2 peyi yo, ministè planifikasyon ak ministè agrikilti.

Depi nan mwa novanm 2007 la, gouvenman prezidan Rene Garcia Preval ak Premye minis Jacques Edouard Alexis a te kòmanse travay pou pase men andedan vil Belade ki ki pral resevwa 3zyèm espozisyon binasyonal la k ap fèt sou tèm : Ti biznis ekotouristik ak Jesyon forè nan zòn fontyè a.

Se nan vil Dajabon, kole ak vil Wanament (nan Nodes peyi Dayiti), 2zyèm espozisyon an te fèt soti 25 mas pou rive 9 avril 2006, alòske se Fonparizyen (bò Ayiti), anfas lakomin Jimani (Repiblik Domoiniken) ki te akeyi premye espozisyon binasyonal la, soti 20 novanm pou rive 5 desanm 2004.

Aktivite binasyonal sa a, se inisyativ Sant pon Ayiti, Fondasyon pou Devlopman Touris Altenatif an Ayiti (FONTHA) ak òganis dominiken ki rele Fundacion Sciencia y Arte, an espanyol. [am rc apr 19/02/2008 16 :00]